| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Rom 4:1 | ś Kisa n'a di konsčnan Abraram, granpapa nou? Kisa l' te jwenn?
| |
| | Rom 4:2 | Si se sa Abraram te fč a ki te fč Bondye fč l' gras, li ta mčt fč grandizč. Men, li pa ka fč sa devan Bondye.
| |
| | Rom 4:3 | Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutčt sa Bondye fč l' gras.
| |
| | Rom 4:4 | Moun ki fč yon travay resevwa lajan pou sa l' fč a. Lajan yo ba li a, se pa yon favč, ni se pa kado yo fč li. Se yon bagay yo dwe li.
| |
| | Rom 4:5 | Okontrč, moun ki pa fč okenn travay pou yo dwe li kichňy, men ki mete konfyans li nan Bondye sčlman, Bondye k'ap fč tout moun ki meprize l' yo gras, ap fč moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li.
| |
| | Rom 4:6 | Se sa David te vle di, lč l' deklare: yon moun Bondye fč gras san Bondye pa gade sou sa l' fč, se moun konsa ki beni:
| |
| | Rom 4:7 | Ala bon sa bon pou moun lč Bondye padonnen peche yo, lč Bondye pa gade sou fňt yo fč!
| |
| | Rom 4:8 | Ala bon sa bon pou yon moun lč Bondye pa mande l' kont pou sa li fč ki mal!
| |
| | Rom 4:9 | ś Eske benediksyon sa a se pou moun ki sikonsi yo ase? Eske se pa pou moun ki pa sikonsi yo tou? Nou fčk sot di se paske Abraram te mete konfyans li nan Bondye kifč Bondye te fč l' gras.
| |
| | Rom 4:10 | Kilč sa te rive? Eske se te anvan Abraram te sikonsi an, osinon nan apre? Non. Se pa t' nan apre. Se te anvan li te sikonsi.
| |
| | Rom 4:11 | Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fč l' gras, paske li te kwč anvan menm li te sikonsi. Se poutčt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fč yo gras.
| |
| | Rom 4:12 | Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Pa paske yo sikonsi ase, men paske yo menm tou yo swiv egzanp konfyans Abraram, papa nou, te gen nan Bondye anvan menm li te sikonsi.
| |
| | Rom 4:13 | Bondye te pwomčt Abraram ak pitit pitit li yo pou l' te ba yo tout latč pou eritaj. Bondye pa t' fč pwomčs sa a paske Abraram te fč sa lalwa mande, men paske Abraram te gen konfyans nan li. Se sak fč Bondye te fč l' gras.
| |
| | Rom 4:14 | Si sa Bondye te pwomčt la se te pou moun ki fč sa lalwa a mande, moun pa ta bezwen gen konfyans nan Bondye ankň; pwomčs li a pčdi tout valč li.
| |
| | Rom 4:15 | Poukisa? Paske lalwa rale kňlč Bondye sou moun. Men, kote ki pa gen lalwa, moun pa ka dezobeyi lalwa.
| |
| | Rom 4:16 | Konsa, Bondye fč pwomčs la pou moun ki gen konfyans nan li. Se sak fč, pwomčs la se yon favč Bondye pou tout pitit pitit Abraram yo, pa sčlman pou moun ki fč sa lalwa Moyiz la mande, men pou tout moun ki gen konfyans nan Bondye menm jan Abraram te gen konfyans nan li a. Abraram se papa nou tout,
| |
| | Rom 4:17 | ś jan sa ekri nan Liv la: Mwen fč ou tounen zansčt moun anpil nasyon. Wi, Abraram se papa nou tout devan Bondye, li te mete konfyans li nan Bondye ki fč moun mouri yo leve vivan ankň, nan Bondye ki kreye tout bagay ki pa t' la.
| |
| | Rom 4:18 | Abraram te gen konfyans nan Bondye, li t'ap tann pwomčs la, malgre lč sa a li pa t' gen okenn rezon pou l' te tann ankň. Se sak fč li tounen zansčt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo va anpil.
| |
| | Rom 4:19 | Lč sa a, Abraram te prčt pou gen santan sou tčt li. Men, konfyans li pa t' febli lč l' te gade kň l' ki te fin ale, epi pou l' te wč Sara, madanm li, ki pa t' ka fč pitit ankň.
| |
| | Rom 4:20 | Non, li pa t' pčdi konfyans nan Bondye, li pa t' janm mete nan tčt li pwomčs Bondye a te ka pa rive. Okontrč, li te vin gen plis konfyans toujou; epi li t'ap chante lwanj Bondye.
| |
| | Rom 4:21 | Li te gen fčm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l' te fč sa l' te pwomčt la.
| |
| | Rom 4:22 | Se konsa, poutčt konfyans Abraram te gen nan Bondye a, Bondye fč l' gras.
| |
| | Rom 4:23 | ś Men, se pa pou Abraram sčlman yo te ekri pawňl sa yo: Li fč li gras.
| |
| | Rom 4:24 | Pawňl sa yo te ekri pou nou tou. L'ap fč nou gras tou, nou menm ki mete konfyans nou nan moun li fč soti vivan pami mň yo, Jezikri, Seyč nou an.
| |
| | Rom 4:25 | Se Jezi sa a ki te mouri pou peche nou yo epi ki leve soti vivan ankň pou fč Bondye fč nou gras.
| |