All NT OTBook
Compare Texts
Acts 1 Romans 1

Romans 2:1-29

Romans 3 1 Corinthians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Rom 2:1
 
ś Monchč, nenpňt sa ou ye, ou menm k'ap jije lňt moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k'ap fč menm bagay ak lňt yo, se pwňp tčt pa ou w'ap kondannen lč w'ap jije yo.  
 
Rom 2:2
 
Nou konnen Bondye ap jije moun k'ap fč bagay sa yo, epi l'ap jije yo yon jan k'ap dakň ak verite a.  
 
Rom 2:3
 
Monchč, ou menm k'ap jije moun k'ap fč bagay sa yo epi k'ap aji menm jan an tou, čske ou kwč wa chape anba jijman Bondye a?  
 
Rom 2:4
 
Osinon, čske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kč anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipňte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifč Bondye gen bon kč konsa?  
 
Rom 2:5
 
Men, w'ap fč tčt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutčt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fč wč kňlč li ansanm ak jijman li k'ap fčt san patipri.  
 
Rom 2:6
 
Lč sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fč.  
 
Rom 2:7
 
Moun ki pa janm sispann fč byen, k'ap chache lwanj ak respč, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an.  
 
Rom 2:8
 
Men, moun k'ap kenbe tčt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fč sa ki pa bon, moun sa yo, yo fč Bondye fache. Kňlč l' va tonbe sou yo.  
 
Rom 2:9
 
Anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kň yo nan fč sa ki mal, pou jwif yo an premye, apre yo pou moun lňt nasyon yo.  
 
Rom 2:10
 
Men, Bondye va bay tout moun k'ap fč sa ki byen lwanj, respč ak kč poze, jwif yo an premye, apre yo moun lňt nasyon yo.  
 
Rom 2:11
 
Paske, Bondye pa gade sou figi moun.  
 
Rom 2:12
 
Tout moun ki pa t' konn lalwa Moyiz la epi ki fč sa ki mal, y'ap peri san lalwa pa reskonsab. Men, tout moun ki konnen lalwa a epi ki fč sa ki mal, y'ap pase anba jijman dapre lalwa a.  
 
Rom 2:13
 
Moun ki mache dwat devan Bondye, se pa moun k'ap tande lalwa a nan zňrčy yo sčlman, men se moun ki fč sa lalwa a mande.  
 
Rom 2:14
 
Moun lňt nasyon yo ki pa gen lalwa Moyiz la, yo fč sa lalwa a mande san yo pa konnen. Yo menm ki pa gen lalwa Moyiz la, yo tounen yon lwa pou pwňp tčt pa yo menm si yo pa t' konn lalwa a.  
 
Rom 2:15
 
Konsa, yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz mande a ekri nan kč yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lč konsyans yo repwoche yo sa yo fč, yon lňt lč konsyans yo dakň ak sa yo fč.  
 
Rom 2:16
 
Dapre bon nouvčl m'ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lč Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lčzňm t'ap fč an kachčt.  
 
Rom 2:17
 
ś Ou menm yo rele jwif la, ou apiye kň ou sou lalwa a. W'ap vante tčt ou dčske ou konn Bondye.  
 
Rom 2:18
 
Ou konnen sa Bondye vle ou fč; lalwa a moutre ou ki jan pou ou chwazi sa ki byen.  
 
Rom 2:19
 
Ou mete nan tčt ou ou ka moutre moun ki pa wč yo chemen pou yo pran. Ou konprann se yon limyč ou ye pou moun ki nan fčnwa,  
 
Rom 2:20
 
yon pwofesč lekňl pou timoun; ou kwč ou ka moutre moun ki pa konnen anyen yo anpil bagay. Ou mete tou sa nan tčt ou paske ou sčten ou jwenn tout konesans ak tout verite nan lalwa a.  
 
Rom 2:21
 
Enben, ou menm k'ap bay lňt yo leson, poukisa ou pa bay tčt ou leson tou?  
 
Rom 2:22
 
W'ap mande moun pou yo pa vňlň, epi w'ap vňlň: w'ap dčfann moun fč adiltč epi ou menm, w'ap fč adiltč! Ou di ou rayi zidňl, epi w'ap piye tanp zidňl yo!  
 
Rom 2:23
 
Wi, ou menm k'ap vante tčt ou deske ou gen lalwa Bondye a ou se yon wont pou Bondye, pou jan w'ap dezobeyi lalwa a!  
 
Rom 2:24
 
Se sa menm ki te ekri: Se nou menm jwif yo ki lakňz moun lňt nasyon yo ap plede pale Bondye mal konsa.  
 
Rom 2:25
 
Si ou fč sa lalwa a mande ou fč, sikonsizyon an gen valč pou ou. Men, si w'ap dezobeyi lalwa a, se tankou si ou pa t' janm sikonsi.  
 
Rom 2:26
 
Lč yon moun lňt nasyon ki pa sikonsi fč sa lalwa a mande, čske Bondye p'ap gade li tankou yon moun ki sikonsi?  
 
Rom 2:27
 
Moun lňt nasyon yo ki pa sikonsi men k'ap obeyi lalwa a, yo gen pou yo jije ou, ou menm jwif k'ap dezobeyi lalwa a atout ou gen liv lalwa a nan men ou, atout ou sikonsi a.  
 
Rom 2:28
 
Se pa moun ki gen aparans jwif ki jwif tout bon. Se pa sikonsizyon ki kite mak nan kň moun ki sikonsizyon tout bon an.  
 
Rom 2:29
 
Jwif ki jwif tout bon, se moun ki jwif nan kč yo. Sikonsizyon tout bon an, se sikonsizyon ki make kč moun. Sa se travay Lespri Bondye a, se pa travay lalwa ki ekri nan liv. Lwanj yon jwif konsa pa soti nan men moun, men nan men Bondye.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Acts 1Romans 11 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 Romans 31 Corinthians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards