All NT OTBook
Compare Texts
Acts 1 Romans 13

Romans 14:1-23

Romans 15 1 Corinthians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Rom 14:1
 
ś Se pou n' resevwa moun ki fčb nan konfyans yo byen san nou pa bezwen diskite openyon yo genyen.  
 
Rom 14:2
 
Men yon egzanp: Gen moun ki kwč li kapab manje tout bagay; gen lňt ki fčb nan konfyans yo epi ki manje legim ase.  
 
Rom 14:3
 
Moun ki manje tout manje pa fčt pou meprize moun ki pa manje tout manje. Konsa tou, moun ki pa manje tout manje pa fčt pou jije moun ki manje tout manje, paske Bondye asepte ni yonn ni lňt jan yo ye a.  
 
Rom 14:4
 
Ki moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lňt moun? Kit domestik la kenbe fčm nan sčvis la, kit li tonbe, sa se zafč ki gade mčt li ase. Men, pa pč, li gen pou l' kenbe fčm, paske Seyč a gen pouvwa pou l' soutni li.  
 
Rom 14:5
 
M'ap pran yon lňt egzanp: Gen moun ki kwč gen jou ki pi konsekan pase lňt. Gen lňt ki di tout jou se menm. Se pou chak moun gen konviksyon pa yo.  
 
Rom 14:6
 
Moun ki kwč yon jou pi konsekan pase lňt, li fč sa pa respč pou Mčt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fč sa pa respč pou Mčt la paske li di Bondye mčsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fč sa tou pa respč pou Mčt la, paske li menm tou, li di Bondye mčsi.  
 
Rom 14:7
 
Se konsa, pa gen yon sčl moun nan nou k'ap viv pou tčt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tčt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Seyč a,  
 
Rom 14:8
 
si n'ap mouri, n'ap mouri pou Seyč a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Seyč a nou ye.  
 
Rom 14:9
 
Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankň pou l' te kapab Mčt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.  
 
Rom 14:10
 
Men ou menm, pouki pou w'ap jije frč ou konsa? Ou menm, pouki pou w'ap meprize frč ou konsa? Nou tout gen pou konparčt devan tribinal Bondye a.  
 
Rom 14:11
 
Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mčt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fň pou rekončt pouvwa Bondye.  
 
Rom 14:12
 
Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tčt pa yo.  
 
Rom 14:13
 
Ann sispann yonn ap jije lňt. Pito nou pran desizyon pou n' pa fč anyen ki kapab fč frč nou bite osinon tonbe nan peche.  
 
Rom 14:14
 
Paske, mwen menm k'ap viv ansanm avčk Seyč Jezi a, mwen sčten pa gen anyen nan sa yo di ki pa bon pou moun k'ap sčvi Bondye ki soti tou konsa nan men Bondye. Si yon moun kwč yon bagay pa bon pou moun k'ap sčvi Bondye, bagay la pa bon pou li paske li mete sa nan tčt li.  
 
Rom 14:15
 
Si ou fč frč ou lapenn pou tčt yon manje ou manje, ou pa gen renmen nan kč ou pou frč ou. Piga ou kite manje w'ap manje a lakňz yon frč pčdi sou kont ou, paske li menm Kris la te mouri pou l' te ka sove l' tou.  
 
Rom 14:16
 
Sa ki byen pou ou pa dwe yon okazyon pou fč yo pale ou mal.  
 
Rom 14:17
 
Gouvčnman Bondye ki wa a, se pa yon afč manje ak bwč, men se yon keksyon fč sa ki byen, viv ak kč poze ak kč kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.  
 
Rom 14:18
 
Moun k'ap sčvi Kris la konsa, se yo ki fč Bondye plezi. Tout moun ap dakň ak sa.  
 
Rom 14:19
 
Se sak fč, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kč poze, bagay ki pou penmčt nou yonn soutni lňt nan konfyans nou nan Bondye.  
 
Rom 14:20
 
Piga kraze travay Bondye a poutčt yon keksyon manje. Nou ka manje tout manje, se vre. Men, sa pa bon pou nou manje kichňy ki ka lakňz yon frč tonbe nan peche.  
 
Rom 14:21
 
Sa ki byen an, se lč ou pa manje vyann, ni bwč diven, ni fč okenn lňt bagay ki kapab fč frč ou tonbe nan peche.  
 
Rom 14:22
 
Sa ou kwč ou menm sou sa, gade l' pou tčt ou devan Bondye. benediksyon pou yon moun ki pa santi l' koupab lč l'ap fč sa li kwč li dwe fč.  
 
Rom 14:23
 
Men, moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a, Bondye kondannen l' lč l' manje l', paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fč san konviksyon se peche.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Acts 1Romans 131 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 Romans 151 Corinthians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards