All NT OTBook
Compare Texts
Acts 1 Romans 10

Romans 11:1-36

Romans 12 1 Corinthians 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Rom 11:1
 
ś Koulye a, m'ap mande: Eske Bondye te voye pčp li a jete? Men non. Paske mwen menm, mwen se yon moun pčp Izrayčl, yon pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen.  
 
Rom 11:2
 
Non, Bondye pa voye pčp li te chwazi davans lan jete. Eske ou pa chonje sa ki ekri nan Liv la, kote y'ap rakonte ki jan Eli t'ap pote plent bay Bondye pou pčp Izrayčl la:  
 
Rom 11:3
 
Bondye, yo touye pwofčt yo, yo kraze lotčl ou yo; se mwen menm sčl ki rete. Men y'ap chache wete lavi m' tou?  
 
Rom 11:4
 
Men repons Bondye te ba li: Mwen gen sčtmilňm (7.000) pou mwen ki pa janm mete jenou yo atč devan Baal.  
 
Rom 11:5
 
Konsa tou, koulye a, gen yon ti rčs Bondye te chwazi nan pčp la, se yon favč li te fč yo.  
 
Rom 11:6
 
Se pa paske yo te fč sa ki byen kifč Bondye te fč yo fave sa a; men se paske Bondye te vle fč l' pou yo. Si se pa t' konsa, favč Bondye a pa ta yon favč tout bon ankň.  
 
Rom 11:7
 
Bon. Kisa n'a di koulye a? Sa pčp Izrayčl la t'ap chache a, li pa t' jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo, se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lňt yo, yo vin gen tčt di,  
 
Rom 11:8
 
dapre jan sa te ekri nan Liv la: Bondye te rann lespri yo lou, yo gen je, men yo pa ka wč; yo gen zňrčy, men yo pa ka tande jouk jňdi a.  
 
Rom 11:9
 
David, bň pa l', di tou: Se pou resepsyon y'ap fč yo tounen yon senn, yon pčlen pou yo, pou yo menm yo pran ladan l', pou yo resevwa chatiman yo.  
 
Rom 11:10
 
Se pou je yo bouche pou yo pa wč menm. Fč yo mache do ba tout tan.  
 
Rom 11:11
 
Koulye a, m'ap mande: Lč jwif yo bite, čske yo te tonbe nčt. Men non. Men, lč yo tonbe a, sa penmčt moun lňt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen yon jalouzi pou jwif yo.  
 
Rom 11:12
 
Fňt jwif yo fč a tounen yon richčs pou tout moun. Tonbe yo tonbe a, sa vin yon gwo benediksyon pou moun lňt nasyon yo. Nou pa bezwen mande ki gwo benediksyon sa va ye lč tout jwif yo va delivre!  
 
Rom 11:13
 
Koulye a, nou menm moun lňt nasyon yo, mwen gen sa pou m' di nou: Se apňt nou mwen ye, se vre. Mwen kontan anpil travay m'ap fč a.  
 
Rom 11:14
 
Men, mwen kwč konsa m'a rive eksite jalouzi moun ras mwen yo, pou m' ka delivre kčk nan yo.  
 
Rom 11:15
 
Wi. Si lč Bondye te mete jwif yo sou kote, sa te penmčt tout moun sou latč rive vin byen ak Bondye ankň, nou pa bezwen mande kisak va rive lč jwif yo va tounen vin jwenn favč Bondye? Se va lavi pou tout moun ki te mouri yo!  
 
Rom 11:16
 
Lč yo ofri premye moso pen an bay Bondye, tout rčs pen an vin pou li tou. Si yo ofri rasin yon pyebwa bay Bondye, tout branch li yo vin pou li tou.  
 
Rom 11:17
 
Pčp Izrayčl la tankou yon pye oliv kay. Yo koupe kčk branch soti ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon branch pye oliv mawon yo grefe nan plas branch yo koupe yo. Kifč koulye a, se ou menm k'ap pwofite lčt rasin k'ap nouri pye oliv kay la.  
 
Rom 11:18
 
Se poutčt sa, pa gonfle kň ou sou branch ki koupe yo. Ki jan ou kapab ap fč grandizč? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k'ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k'ap pote ou pito.  
 
Rom 11:19
 
Lč sa a wa di m': Wi. Men, yo te koupe branch yo pou yo te kapab grefe m' nan plas yo?  
 
Rom 11:20
 
Wi. Se vre sa. Men, yo te koupe yo paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye; ou menm ou kenbe paske ou gen konfyans nan Bondye. Pa kite lňgčy pran tčt ou. Okontrč, se pou ou gen krentif anpil nan kč ou.  
 
Rom 11:21
 
Paske, si jwif yo ki branch pyebwa a menm Bondye pa te al dousman ak yo, se pa avč ou la pral dousman.  
 
Rom 11:22
 
Sa fč nou wč ki jan Bondye gen bon kč, ki jan li sevč tou. Li sevč pou moun ki tonbe yo, men li bon pou ou menm. Men, se pou ou rete fčm nan renmen Bondye. Si se pa sa, ou menm tou y'a koupe ou tankou lňt branch yo.  
 
Rom 11:23
 
Konsa tou, si jwif yo pa pčsiste nan movčz fwa yo, si yo rive gen konfyans, y'ap grefe yo tou kote yo te ye anvan an paske Bondye gen pouvwa grefe yo ankň.  
 
Rom 11:24
 
Ou menm ki pa jwif, ou se yon branch pye oliv mawon yo koupe. Atout ou mawon an, yo grefe ou sou pye oliv kay la. Men jwif yo menm, se branch pye oliv kay la menm yo ye. L'ap pi fasil toujou pou grefe yo ankň sou pyebwa pa yo a.  
 
Rom 11:25
 
Frč m' yo, mwen vle fč nou konnen sekrč sa a ki vre tout bon, konsa nou p'ap mete nan tčt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrč a: Yon pati nan pčp Izrayčl la rive gen tčt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lňt nasyon yo va fin delivre.  
 
Rom 11:26
 
Se konsa tout pčp Izrayčl la va delivre, dapre sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap wete lčzňm anba esklavaj la, se nan Siyon l'ap soti. L'ap wete tout mechanste pitit pitit Jakňb yo, voye jete byen lwen.  
 
Rom 11:27
 
Men kontra m' pral pase avčk yo lč m'a wete tout peche yo.  
 
Rom 11:28
 
Jwif yo tounen lčnmi Bondye paske yo derefize asepte Bon Nouvčl la. Men, se te pou byen nou, nou menm moun lňt nasyon yo. Men, Bondye toujou renmen yo poutčt zansčt yo, paske se Bondye menm ki te chwazi yo.  
 
Rom 11:29
 
Sa Bondye fč kado, li bay li nčt; li p'ap chanje lide lč l' fin rele yon moun.  
 
Rom 11:30
 
Nan tan lontan, nou menm moun lňt nasyon yo, nou t'ap dezobeyi Bondye. Men, koulye a nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou paske jwif yo dezobeyi li.  
 
Rom 11:31
 
Konsa tou, koulye a jwif yo ap dezobeyi Bondye, paske nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou. Y'ap dezobeyi pou yo menm tou yo ka vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou yo.  
 
Rom 11:32
 
Bondye mete tout moun anba menm chenn dezobeyisans lan pou l' ka gen pitye pou tout moun ansanm.  
 
Rom 11:33
 
ś O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tčt li? Jan sa ekri nan Liv la:  
 
Rom 11:34
 
Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tčt Mčt la? Ki moun ki ka ba li konsčy?  
 
Rom 11:35
 
Ki moun ki te janm ba li kichňy nan lide pou Bondye renmčt li sa?  
 
Rom 11:36
 
Se li menm, Bondye, ki fč tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amčn.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Acts 1Romans 101 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 Romans 121 Corinthians 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards