All NT OTBook
Compare Texts
John 1 Acts 8

Acts 9:1-43

Acts 10 Romans 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Act 9:1
 
ś Men Sňl, bň pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyč yo. li al jwenn granprčt la.  
 
Act 9:2
 
Li mande l' lčt otorizasyon pou tout sinagňg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalčm.  
 
Act 9:3
 
Antan l' te sou wout la, prčt pou rive lavil Damas, li rete konsa yon limyč soti nan syčl la, li klere tout kote l' te ye a.  
 
Act 9:4
 
Sňl tonbe atč, epi l' tande yon vwa ki di li: Sňl, Sňl, poukisa w'ap pčsekite mwen konsa?  
 
Act 9:5
 
Li reponn: Ki moun ou ye, Mčt? Vwa a reponn li: Mwen se Jezi, moun w'ap pčsekite a.  
 
Act 9:6
 
Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fč.  
 
Act 9:7
 
Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sňl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klč, men yo pa t' wč pesonn.  
 
Act 9:8
 
Sňl leve atč a, li louvri je l' men li pa t' kapab wč anyen. Yo pran men l', yo mennen l' lavil Damas.  
 
Act 9:9
 
Li rete la twa jou san wč, san manje, san bwč.  
 
Act 9:10
 
ś Nan lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Seyč a parčt devan l' nan yon vizyon, li rele li: Ananyas. Ananyas reponn: Men mwen, Seyč.  
 
Act 9:11
 
Seyč a di li: Leve koulye a, ale nan Ri Dwat la lakay Jida, mande pou yon nonm yo rele Sňl, moun lavil Tas. L'ap lapriyč kote l' ye a,  
 
Act 9:12
 
li fč yon vizyon: li wč yon nonm yo rele Ananyas antre vin mete men sou tčt li pou l' kapab wč ankň.  
 
Act 9:13
 
Ananyas reponn: Seyč, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fč moun pa ou yo pase lavil Jerizalčm.  
 
Act 9:14
 
Epitou li vin isit la ak pouvwa pou l' arete dčnye moun k'ap rele non ou. Se chčf prčt yo menm ki ba l' pouvwa sa a.  
 
Act 9:15
 
Men, Seyč a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sčvis mwen, pou l' fč tout moun konnen non mwen, moun lňt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pčp Izrayčl la.  
 
Act 9:16
 
Mwen menm, m'a moutre l' tou sa li gen pou l' soufri pou mwen.  
 
Act 9:17
 
Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l' sou tčt Sňl, li di li: Sňl, frč mwen, Seyč Jezi voye m' kote ou. Se li menm ki te parčt devan ou sou granchemen an lč ou t'ap vini an. Li voye m' pou ou ka wč ankň, pou ou vin anba pouvwa Sentespri.  
 
Act 9:18
 
Menm lč a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sňl, epi l' wč ankň. Sňl leve, li resevwa batčm.  
 
Act 9:19
 
Apre sa, li manje epi l' vin gen fňs ankň. Sňl rete pase kčk jou ankň ak disip ki te Damas yo.  
 
Act 9:20
 
Menm lč a tou, li kňmanse bay mesaj la nan sinagňg yo, li t'ap fč moun konnen Jezi se pitit Bondye.  
 
Act 9:21
 
Tout moun ki te tande l' te sezi, yo t'ap di: Apa nonm sa a ki t'ap maltrete tout moun ki t'ap rele non sa a lavil Jerizalčm? Se pa li ki vin isit la toutespre pou arete yo, pou mennen yo bay chčf prčt yo?  
 
Act 9:22
 
Men, Sňl t'ap vin pi fň toujou. Li t'ap fčmen bouch tout jwif ki t'ap viv Damas yo lč li t'ap moutre yo Jezi se moun Bondye te chwazi pou l' voye a menm.  
 
Act 9:23
 
ś Kčk jou apre sa, jwif yo fč konplo pou yo touye li.  
 
Act 9:24
 
Men, Sňl te pran nouvčl konplo a. Lajounen kou lannwit yo t'ap veye pňtay lavil la pou yo touye li.  
 
Act 9:25
 
Lč sa a, patizan Sňl yo pran l' nan mitan lannwit, yo mete l' nan yon panyen, yo file l' desann lňt bň miray lavil la.  
 
Act 9:26
 
Lč Sňl rive lavil Jerizalčm li te vle mete l' ak disip yo, men yo tout te pč l': yo pa t' kwč li te yon disip tout bon vre.  
 
Act 9:27
 
Lč sa a, Banabas pran l' avč l', epi li mennen l' bň kot apňt yo. Li rakonte yo ki jan Sňl te wč Seyč a sou wout la, ki jan Seyč a te pale avč li. Li di yo tou ki jan nan lavil Damas Sňl te anonse bon nouvčl la nan non Jezi avčk konviksyon.  
 
Act 9:28
 
Depi lč sa a Sňl te toujou ak disip yo. Li t'ap ale vini ak yo nan tout Jerizalčm, li t'ap bay mesaj la avčk konviksyon nan non Seyč a.  
 
Act 9:29
 
Li t'ap pale avčk jwif ki pale lang grčk la, li t'ap diskite avčk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li.  
 
Act 9:30
 
Lč frč yo vin konn sa, yo mennen l' lavil Sezare, yo fč l' pati pou Tas.  
 
Act 9:31
 
Lč sa a, legliz la te gen repo toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari. Li t'ap devlope, li t'ap viv avčk krentif pou Bondye. Avčk konkou Sentespri, li t'ap resevwa anpil moun toujou.  
 
Act 9:32
 
ś Pyč menm t'ap vwayaje toupatou nan peyi a. Yon jou li te al lakay disip yo nan lavil Lida,  
 
Act 9:33
 
li jwenn yon nonm yo te rele Ine ki te kouche sou yon kabann depi witan. Nonm sa a te paralize.  
 
Act 9:34
 
Pyč di li: Ine, Jezikri ap geri ou. Leve non, ranje kabann ou. Lamenm, Ine leve kanpe.  
 
Act 9:35
 
Tout moun ki t'ap viv nan lavil Lida a ak nan laplenn Sawon an te wč li, epi yo tounen vin jwenn Bondye.  
 
Act 9:36
 
ś Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (An lang grčk yo te rele l': Dňkas, ki vle di: Ti Gazčl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fč byen epi li t'ap ede pňv yo anpil.  
 
Act 9:37
 
Lč sa a, li tonbe malad epi l' mouri. Yo benyen kň a, yo mete l' nan chanm anwo kay la.  
 
Act 9:38
 
Lavil Jope pa t' twň lwen ak lavil Lida. Lč disip ki te Jope yo vin konnen Pyč te Lida, yo voye de moun bň kote l' avčk mesaj sa a: Tanpri, pa mize vin lakay nou.  
 
Act 9:39
 
Pyč pati lamenm avčk yo. Lč l' rive, yo mennen l' nan chanm ki te anwo kay la. Tout včv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l' chemiz ak rad Dňkas te konn fč lč l' te la avčk yo.  
 
Act 9:40
 
Pyč fč tout moun soti. Li mete jenou l' atč, li lapriyč. Apre sa, li vire bň kot kň a, li di li: Tabita, leve non. Fanm lan louvri je l', lč l' wč Pyč, li chita.  
 
Act 9:41
 
Pyč lonje men l' ba li, li fč l' leve kanpe. Apre sa, Pyč rele disip yo ak včv yo, li moutre yo Tabita vivan.  
 
Act 9:42
 
Yo vin konn sa nan lavil Jope. Anpil moun mete konfyans yo nan Seyč a.  
 
Act 9:43
 
Apre sa, Pyč rete lontan nan lavil Jope, lakay yon bňs tanč yo rele Simon.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
John 1Acts 81 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 Acts 10Romans 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards