All NT OTBook
Compare Texts
John 1 Acts 5

Acts 6:1-15

Acts 7 Romans 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Act 6:1
 
ś Lč sa a, te vin gen anpil anpil disip. Ladan yo, jwif ki te fčt nan peyi etranje epi ki te pale lang grčk la vin gen kont ak jwif peyi a. Yo t'ap plenyen dčske včv yo pa t' jwenn anyen nan separe manje yo t'ap fč chak jou a.  
 
Act 6:2
 
Douz apňt yo sanble tout disip yo, yo di: Li pa ta bon pou n' neglije predikasyon pawňl Bondye a pou n' al okipe sčvis manje a.  
 
Act 6:3
 
Se pou sa, frč m' yo, chwazi sčt gason pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri, ki gen kont bon konprann sou yo. N'a ba yo fč sčvis sa a.  
 
Act 6:4
 
Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyč, ak pou fč moun konnen pawňl Bondye a.  
 
Act 6:5
 
Tout gwoup la te dakň avčk lide sa a. Yo chwazi Etyčn, yon nonm ki te gen anpil konfyans nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri, Filip, Pwokň, Nikanň, Timon, Pamenas ak Nikola, yon nonm lavil Antiňch ki te konvčti nan relijyon jwif yo.  
 
Act 6:6
 
Yo mennen yo bay apňt yo. Apňt yo lapriyč epi yo mete men sou tčt yo.  
 
Act 6:7
 
Pawňl Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalčm. Menm pami prčt yo, te gen anpil ki te asepte kwč pawňl la.  
 
Act 6:8
 
ś Etyčn te yon nonm Bondye te beni anpil, li te gen anpil pouvwa. Li t'ap fč gwo bčl bagay ak mirak nan mitan pčp la.  
 
Act 6:9
 
Se konsa kčk moun leve dčyč li. Pami yo te gen manm sinagňg yo rele sinagňg Ansyen Esklav yo. (Se jwif lavil Sirčn ak lavil Aleksandri ki te ladan l'.) Yo menm ansanm ak lňt jwif ki soti Silisi ak Lazi yo pran diskite ak Etyčn.  
 
Act 6:10
 
Men, yo pa t' kapab kenbe tčt avčk li: Etyčn t'ap pale avčk bon konprann Sentespri te ba li.  
 
Act 6:11
 
Lč yo wč sa, yo peye kčk moun pou di: Nou tande l' ap pale mal sou Moyiz ak sou Bondye.  
 
Act 6:12
 
Se konsa, yo moute tčt pčp la ansanm ak chčf fanmi yo ak dirčktč lalwa yo. Y' al kot Etyčn, yo mete men sou li, yo trennen l' devan Gran Konsčy la.  
 
Act 6:13
 
Yo mennen lňt moun tou pou fč manti sou li, yo t'ap di: Nonm sa a pa sispann pale mal sou tanp Bondye a ak sou lalwa Moyiz la.  
 
Act 6:14
 
Nou tande l' di konsa: Jezi, moun Nazarčt la, gen pou kraze tanp lan, l'ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo.  
 
Act 6:15
 
Tout moun ki te chita nan sal reyinyon Gran Konsčy la te gen je yo fikse sou Etyčn. Yo te wč figi l' te sanble ak figi yon zanj Bondye.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
John 1Acts 51 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 Acts 7Romans 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards