All NT OTBook
Compare Texts
John 1 Acts 27

Acts 28:1-31

Romans 1 Romans 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Act 28:1
 
ś Se lč nou fin sove, nou vin konnen lil la te rele Malt.  
 
Act 28:2
 
Moun peyi a te aji byen anpil avčk nou. Lapli t'ap tonbe, te fč frčt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou.  
 
Act 28:3
 
Pňl te ranmase yon ti pakčt fachin, li t'ap mete l' nan dife a lč yon sčpan soti nan chalč dife a, li vlope nan men li.  
 
Act 28:4
 
Lč moun zile yo wč sčpan an pandye nan men Pňl, yonn t'ap di lňt: Gen lč nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou.  
 
Act 28:5
 
Pňl annik souke men l', epi bčt la tonbe nan dife a. Li pa t' santi anyen ankň.  
 
Act 28:6
 
Lňt moun yo menm t'ap tann pou yo wč Pňl vin anfle osinon pou l' tonbe mouri frčt. Moun yo tann, yo tann. Lč yo wč anyen pa rive l', yo chanje lide, yo di: Nonm sa a, se yon bondye.  
 
Act 28:7
 
Toupre bň la, te gen yon bitasyon ki te pou Pibliyis, pi grannčg nan lil la. Li resevwa nou ak kč kontan. Nou fč ladesant lakay li pandan twa jou.  
 
Act 28:8
 
Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyčb ak dyare. Pňl antre ale wč l', li lapriyč, li mete men l' sou tčt li, li geri li.  
 
Act 28:9
 
Apre sa, tout lňt moun ki te malad nan lil la te vini tou. Yo tout te geri.  
 
Act 28:10
 
Yo fč nou anpil kado. Lč pou n' anbake menm, yo ban nou tou sa nou te bezwen pou vwayaj la.  
 
Act 28:11
 
ś Apre twa mwa, nou pati nan yon batiman Aleksandri ki te pase tout tan fredi a nan lil la. Yo te rele batiman an Marasa.  
 
Act 28:12
 
Lč nou rive Sirakiz, nou rete la pandan twa jou.  
 
Act 28:13
 
Lč nou pati, nou lonje kňt la jouk nou rive Rijio. Nan denmen, yon van swčt leve: apre de jou vwayaj nou rive Pouzňl.  
 
Act 28:14
 
La, nou jwenn kčk frč ki mande pou n' pase sčt jou ak yo. Se konsa nou rive lavil Wňm.  
 
Act 28:15
 
Frč lavil Wňm yo ki te pran nouvčl nou vin kontre nou jouk nan Mache Apiyis ak nan Kalfou Twa Kafe. Lč Pňl wč yo, li di Bondye mčsi, li pran kouraj.  
 
Act 28:16
 
Lč nou rive Wňm, yo kite Pňl rete pou kont li ak yon sčl sňlda pou veye li.  
 
Act 28:17
 
ś Apre twa jou, Pňl fč rele chčf jwif yo ki lavil Wňm. Lč yo reyini, li di yo: Frč m' yo, san m' pa fč anyen kont pčp la, ni kont koutim zansčt nou yo, jwif yo rete konsa, yo arete m' lavil Jerizalčm, yo lage m' nan men women yo.  
 
Act 28:18
 
Lč women yo fin keksyonnen m', yo te vle lage m' paske yo pa t' jwenn okenn rezon ki pou ta fč m' merite lanmň.  
 
Act 28:19
 
Men, jwif yo kenbe la ak yo. Mwen te blije mande pou Seza tande kňz mwen. Men, mwen menm pou tčt pa m', mwen pa gen okenn plent pou m' fč pou moun menm peyi avč m' yo.  
 
Act 28:20
 
Se poutčt sa mwen fč rele nou pou m' wč nou, pou m' pale ak nou, pou m' di nou se poutčt moun pčp Izrayčl t'ap tann lan kifč yo mare m' ak chenn sa a.  
 
Act 28:21
 
Yo reponn li: Nou pa resevwa okenn lčt soti peyi Jide sou ou. Okenn frč pa soti laba vin isit pou ban nou nouvčl, ni pou pale mal sou ou.  
 
Act 28:22
 
Men, nou ta renmen tande kisa ou gen nan tčt ou, paske nou konnen toupatou yo pa vle wč gwoup ou fč pati a.  
 
Act 28:23
 
ś Yo fikse l' yon jou. Lč sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswč, Pňl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fč yo konnen gouvčnman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofčt yo, li t'ap chache fč yo rekončt ki moun Jezi ye.  
 
Act 28:24
 
Gen ladan yo ki te kwč sa l' t'ap di yo. Men, gen lňt ki pa t' vle kwč menm.  
 
Act 28:25
 
Yo vire do yo san yo pa t' tonbe dakň. Lč Pňl wč sa, li ajoute pawňl sa a pou yo: Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansčt nou yo nan bouch pwofčt Ezayi, lč l' te di:  
 
Act 28:26
 
Ale jwenn pčp sa a, di l' pou mwen: Pou tande n'a tande nan zňrčy nou, men nou p'ap konprann anyen. Pou gade n'a gade ak je nou, men nou p'ap wč.  
 
Act 28:27
 
Paske lespri pčp sa a vin lou, yo bouche zňrčy yo, yo fčmen je yo, pou yo pa wč ak je yo, pou yo pa tande nan zňrčy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye menm ki di sa.  
 
Act 28:28
 
Apre sa, Pňl di yo: Koulye a, nou fčt pou nou konnen Bondye fč moun lňt nasyon yo konnen l'ap delivre yo tou. Yo menm, y'ap tande li.  
 
Act 28:29
 
Lč l' te fin di sa, jwif yo al fč wout yo, yo t'ap diskite yonn ak lňt.  
 
Act 28:30
 
ś Pňl te rete pandan dezan nan yon kay li te lwe. Li te resevwa tout moun ki te vin wč li.  
 
Act 28:31
 
Li t'ap fč konnen gouvčnman Bondye ki wa a, li t'ap moutre moun yo tout bagay sou Jezikri, Seyč a, kareman san pesonn pa janm chache l' kont.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
John 1Acts 271 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 Romans 1Romans 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards