All NT OTBook
Compare Texts
John 1 Acts 19

Acts 20:1-38

Acts 21 Romans 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Act 20:1
 
ś Lč dezňd la sispann, Pňl reyini disip yo, li ba yo kčk pawňl ankourajman, li di yo orevwa, epi l' pati pou Masedwan.  
 
Act 20:2
 
Li pase nan tout zňn lan, li t'ap ankouraje fidčl yo avčk anpil mesaj. Apre sa, li pati, li ale Lagrčs.  
 
Act 20:3
 
Rive la, li ret pase twa mwa. Li tapral pran yon batiman pou peyi Siri lč l' vin konnen jwif yo t'ap pare yon pčlen tann li. Se konsa, li deside tounen pase Masedwan ankň.  
 
Act 20:4
 
Men non moun ki te avčk li yo: Sopatč, pitit Piris, moun lavil Bere, Aristak ak Sekoundous, tou de moun Tesalonik, Gayis, moun Dčb, Timote, Tichik ak Twofim, tou twa moun pwovens Lazi.  
 
Act 20:5
 
Yo tout te pran devan, y' al tann nou Twoas.  
 
Act 20:6
 
Nou menm, apre fčt Pen san ledven yo, nou anbake sou yon batiman lavil Filip. Apre senk jou, nou jwenn yo lavil Twoas. Nou rete pase tout yon senmenn la.  
 
Act 20:7
 
ś Premye jou nan senmenn lan, nou te reyini nan aswč pou n' te separe pen an ansanm. Pňl t'ap pale ak asanble a. Li te gen pou l' te pati nan denmen maten. Li te menwi, li t'ap pale toujou.  
 
Act 20:8
 
Nou te sanble nan pyčs anwo kay la. Te gen anpil lanp limen ladan li.  
 
Act 20:9
 
Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebň fennčt la. Mesaj Pňl la te long. Etich kite kabicha pran l' epi l' dňmi nčt ale. Li dňmi sitčlman, li pčdi ekilib, li soti nan twazyčm etaj la li tonbe anba. Lč yo ranmase l', li te mouri frčt.  
 
Act 20:10
 
Pňl desanm, li bese sou li, li pran l' nan bra l', epi li di: Nou pa bezwen pč, li pa mouri.  
 
Act 20:11
 
Lč Pňl tounen moute, li kase pen an, epi l' manje. Li pale lontan avčk yo ankň jouk solčy leve. Apre sa li pati.  
 
Act 20:12
 
Yo mennen jenn gason an vivan lakay li. Se te yon ankourajman pou tout moun.  
 
Act 20:13
 
ś Nou pran devan, n' al anbake sou yon batiman ki mennen nou Asňs. Se la pou Pňl te vin anbake tou. Se li menm ki te vle l' konsa, li te fč lide ale Asňs apye.  
 
Act 20:14
 
Lč l' vin jwenn nou Asňs, nou pran l' abň a, epi n' ale Mitilčn.  
 
Act 20:15
 
Antan nou la, nou fč vwal ankň. Nan denmen nou rive devan Chio. Apre yon jou, nou rive Samňs. Nan denmen ankň nou debake Milč.  
 
Act 20:16
 
Pňl te deside pase devan Efčz san rete pou l' pa t' pčdi twňp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wč si l' te kapab rive Jerizalčm pou jou Lapannkňt la.  
 
Act 20:17
 
ś Antan li lavil Milč, Pňl voye yon mesaj lavil Efčz: li mande chčf reskonsab legliz yo pou yo vin jwenn li.  
 
Act 20:18
 
Lč yo rive, li di yo: Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avčk nou, depi premye jou mwen te mete pye m' nan Lazi.  
 
Act 20:19
 
Mwen sčvi Seyč a san okenn pretansyon, avčk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutčt tout konplo jwif yo.  
 
Act 20:20
 
Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sčvi nou, mwen te fč nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou.  
 
Act 20:21
 
Mwen avčti tout moun, jwif kou moun lňt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyč Jezi.  
 
Act 20:22
 
Koulye a mwen pral Jerizalčm. Se Sentespri k'ap pouse m' ale. Mwen pa konnen sak pral rive m' la a.  
 
Act 20:23
 
Yon sčl bagay moun konnen: nan chak lavil kote m' pase, Sentespri avčti m' prizon ak anpil soufrans ap tann mwen.  
 
Act 20:24
 
Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valč pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sčvis mwen, mwen vle fini nčt ak travay Seyč Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvčl favč Bondye fč nou an.  
 
Act 20:25
 
Mwen pase kčk tan nan mitan nou ap anonse Gouvčnman Bondye ki wa a. Men, koulye a, mwen konnen nou yonn p'ap janm wč m' ankň.  
 
Act 20:26
 
Se poutčt sa m'ap di nou jňdi a: si yonn nan nou peri, mwen pa reskonsab.  
 
Act 20:27
 
Mwen fč nou konnen tout plan travay Bondye a san m' pa kache nou anyen.  
 
Act 20:28
 
Veye kň nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwňp san Pitit li a.  
 
Act 20:29
 
Mwen konnen tou, apre m' fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton.  
 
Act 20:30
 
Gen moun k'ap soti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kčk disip dčyč yo.  
 
Act 20:31
 
Se poutčt sa, mwen di nou: fč atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avčti nou tout, ak dlo nan je mwen.  
 
Act 20:32
 
Koulye a m'ap renmčt nou nan men Bondye avčk mesaj favč li a. Se li menm ki ka fňtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay li sere pou tout moun ki pote non li.  
 
Act 20:33
 
Mwen pa janm pote lanvi pou lajan pesonn, ni pou lň ni pou rad okenn moun.  
 
Act 20:34
 
Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m' pou m' te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen.  
 
Act 20:35
 
Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fč pou n' ka ede pi fčb yo, pou nou toujou chonje pawňl Seyč a ki te di ak pwňp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.  
 
Act 20:36
 
ś Lč li fin pale konsa, Pňl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyč.  
 
Act 20:37
 
Yo tout t'ap kriye, yo pran Pňl nan bra yo, yo bo l', yo di li: Bondye avčk ou!  
 
Act 20:38
 
Sa ki te fč yo plis lapenn, se lč li di yo p'ap janm wč l' ankň. Apre sa, yo kondi l' mennen jouk sou batiman an.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
John 1Acts 191 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 Acts 21Romans 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards