| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Act 19:1 | ś Antan Apolňs te lavil Korent, Pňl menm t'ap pase nan tout mňn peyi Lazi yo jouk li rive lavil Efčz. Li jwenn kčk disip nan lavil la.
| |
| | Act 19:2 | Li mande yo: Eske nou te resevwa Sentespri lč nou te kwč? Yo reponn li: Yo pa t' janm di nou te gen yon Sentespri.
| |
| | Act 19:3 | Lč sa a, Pňl mande yo: Ki batčm nou te resevwa? Yo reponn li: Batčm Jan an.
| |
| | Act 19:4 | Pňl di yo: Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pčp Izrayčl la pou yo te kwč nan moun ki t'ap vini apre l' la, ki vle di Jezi.
| |
| | Act 19:5 | Lč yo tande sa, yo mande pou resevwa batčm nan non Seyč Jezi.
| |
| | Act 19:6 | Apre sa, Pňl mete men sou tčt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lňt peyi, yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.
| |
| | Act 19:7 | Te gen douz gason konsa antou.
| |
| | Act 19:8 | ś Pňl ale nan sinagňg la. Pandan twa mwa li t'ap pale la avčk gwo konviksyon. Li t'ap fč yo konnen tout bagay sou Gouvčnman Bondye ki wa a, li t'ap chache pran tčt moun ki t'ap koute l' yo.
| |
| | Act 19:9 | Men, anpil t'ap fč tčt di, yo te refize kwč: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lč Pňl wč sa, li wete kň l' nan mitan yo, li pran disip Kris yo avčk li. Chak jou li t'ap preche nan lekňl Tiranis la.
| |
| | Act 19:10 | Pandan dezan, sa mache konsa. Se sak fč tout moun ki te rete nan pwovens Lazi a, jwif kou moun lňt nasyon yo, yo tout te tande pawňl Seyč a.
| |
| | Act 19:11 | Bondye te sčvi ak Pňl pou l' te fč anpil gwo mirak.
| |
| | Act 19:12 | Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lňt rad ki te fwote ak kň l', yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyň.
| |
| | Act 19:13 | ś Te gen kčk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: Pa pouvwa Jezi Pňl ap fč konnen an, mwen ba ou lňd soti.
| |
| | Act 19:14 | (Se te sčt pitit gason Seva, yon granprčt jwif, ki t'ap fč sa.)
| |
| | Act 19:15 | Men move lespri a reponn yo: Mwen konnen Jezi, mwen konnen Pňl. Men nou menm, ki moun nou ye?
| |
| | Act 19:16 | Lč sa a, nonm ki te gen move lespri sou li a fonse sou yo, li moutre li te gen plis fňs pase yo tout mete ansanm. Li malmennen yo sitčlman yo pran kouri soti nan kay la toutouni, tout kň yo an san.
| |
| | Act 19:17 | Tout moun lavil Efčz, jwif kou moun lňt nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te pč, men yo te vin gen gwo respč pou non Seyč Jezi a.
| |
| | Act 19:18 | Anpil nan moun ki te kwč yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fč, yo t'ap rekončt sa an piblik.
| |
| | Act 19:19 | Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fč, te gen liv pou desansenkantmil (250.000) goud antou.
| |
| | Act 19:20 | Se konsa pawňl Bondye a t'ap gaye avčk pouvwa, li t'ap moutre fňs li.
| |
| | Act 19:21 | ś Apre bagay sa yo fin pase, Pňl fč lide pase nan Masedwan ak Lakayi, apre sa pou li al Jerizalčm. Li t'ap di: Apre mwen soti la, se pou m' al wč lavil Wňm tou.
| |
| | Act 19:22 | Lč sa a, li voye Timote ak Eras, de nan moun ki t'ap ede l' nan sčvis la, devan nan peyi Masedwan. Li menm li rete kčk tan ankň nan pwovens Lazi.
| |
| | Act 19:23 | Se lč sa a yon gwo dezňd pete nan lavil Efčz poutčt chemen Bondye a.
| |
| | Act 19:24 | Te gen yon ňfčv yo te rele Demetriyis, ki te konn fč ti modčl kay yo te bati pou yon bondye fanm yo rele Atemis. Se an ajan li te fč yo. Travay sa a te rapňte ouvriye l' yo anpil.
| |
| | Act 19:25 | Yon jou, li sanble tout ouvriye l' yo ansanm ak tout lňt moun ki te konn fč menm travay sa a tou. Li di yo: Mesye, nou konnen se travay sa a ki fč nou viv.
| |
| | Act 19:26 | Men, nou wč ak je nou, nou tande ak zňrčy nou sa nonm yo rele Pňl la ap fč. L'ap mache di bondye moun fč ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tčt anpil moun, pa isit nan lavil Efčz la ase, men nan tout pwovens Lazi a.
| |
| | Act 19:27 | Talč konsa, metye nou an pral pote move non. Men, sa ki pi rčd ankň, kay Atemis, gwo bondye fanm lan, pral pčdi repitasyon li. Lč sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latč a pral pase pou anyen.
| |
| | Act 19:28 | Lč yo tande sa, foul moun yo vin ankňlč anpil, yo pran rele: Atemis moun Efčz yo, se gwo nčgčs!
| |
| | Act 19:29 | Dezňd la gaye nan tout lavil la. Moun yo pase men yo, yo pran Gayis ak Aristak, de moun Masedwan ki te ansanm ak Pňl nan vwayaj li a, yo kouri an foul, y' al nan teyat la.
| |
| | Act 19:30 | Pňl te vle ale li menm tou devan pčp la, men disip yo te di l' non.
| |
| | Act 19:31 | Te gen de twa chčf nan peyi Lazi a ki te zanmi l', yo voye bň kote l', yo mande l' pou l' pa parčt tčt li nan teyat la.
| |
| | Act 19:32 | Pandan tout tan sa a, te gen gwo bouyay nan asanble a. Yon pňsyon moun t'ap rele yon bagay, yon lňt pňsyon menm t'ap rele yon lňt bagay. Pifň ladan yo pa t' konnen ojis poukisa yo te sanble.
| |
| | Act 19:33 | Kčk moun nan foul la esplike bagay la bay Aleksann, yon nonm jwif yo te mete alatčt yo. Aleksann fč siy ak men li, li te vle pale pou l' pran defans jwif yo devan pčp la.
| |
| | Act 19:34 | Men, lč yo rekonnčt se jwif li ye, yo tout pran rele ansanm menm bagay la pandan dezčdetan: Atemis moun Efčz yo, se gwo nčgčs.
| |
| | Act 19:35 | Bout pou bout, sekretč lakomin lan te resi fč foul la sispann rele, li di yo konsa: Moun Efčz, koute! Tout moun konnen lavil Efčz se li menm k'ap veye sou kay Atemis, gwo nčgčs, ansanm ak estati li a ki te tonbe sot nan syčl la.
| |
| | Act 19:36 | Pesonn pa ka di se pa vre. Se sa ki fč, se pou n' mete tčt nou an plas pou n' pa fč anyen san nou pa kalkile byen.
| |
| | Act 19:37 | Bon. Mesye sa yo nou mennen isit la, se pa vňlň yo vňlň nan tanp yo, ni se pa pale yo pale mal sou Atemis, bondye fanm nou an.
| |
| | Act 19:38 | Si Demetriyis ak ouvriye l' yo gen yon kont yo vle regle ak yon moun, gen jou pou tribinal la travay, epi gen chčf pou sa tou: se la pou y' al pote plent.
| |
| | Act 19:39 | Apre sa, si nou gen lňt reklamasyon nou vle fč, n'a regle sa yon lč tout sitwayen yo va reyini dapre lalwa.
| |
| | Act 19:40 | Avčk sa ki pase jňdi a, yo kapab al pote plent pou nou, yo kapab al di n'ap fč revolisyon. Pa gen okenn rezon pou tout dezňd sa a. Nou p'ap kapab bay okenn esplikasyon pou sa.
| |
| | Act 19:41 | Lč li fin di sa, li voye tout moun lakay yo.
| |