All NT OTBook
Compare Texts
John 1 Acts 17

Acts 18:1-28

Acts 19 Romans 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Act 18:1
 
ś Apre sa, Pňl pati, li kite lavil Atčn, li ale lavil Korent.  
 
Act 18:2
 
Rive la, li kontre yon jwif yo te rele Akilas, moun peyi Pon, ki te fčk rive soti Itali ansanm ak madanm li yo te rele Prisil, apre Seza Klňd te bay lňd pou tout jwif te kite lavil Wňm. Pňl al wč yo,  
 
Act 18:3
 
epi l' rete lakay yo. Li t'ap travay ansanm ak yo paske li te gen menm metye ak yo: li te konn fč tant an twal.  
 
Act 18:4
 
Chak jou repo, Pňl te pran lapawňl nan sinagňg la, li t'ap chache pran tčt anpil jwif ak anpil moun peyi Lagrčs.  
 
Act 18:5
 
Men, lč Silas ak Timote rive soti Masedwan, Pňl te bay tout tan l' pou travay predikasyon an sčlman: li t'ap bay jwif yo tout kalite prčv pou moutre yo Jezi se Kris yo t'ap tann lan.  
 
Act 18:6
 
Men, jwif yo pran kenbe tčt avčk li, yo t'ap joure l'. Lč l' wč sa, li souke pousyč ki te sou rad li, epi l' di yo: Si nou peri, se nou ki chache sa. Se p'ap fňt mwen. Depi koulye a m'ap vire kň m' bň kot moun ki pa jwif yo.  
 
Act 18:7
 
ś Konsa li soti, li ale lakay Titris Jistis. Se te yon nonm ki pa t' jwif men ki te konvčti nan relijyon jwif yo. Kay li te tou kole ak sinagňg la.  
 
Act 18:8
 
Krispis, chčf sinagňg la, te mete konfyans li nan Seyč a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lňt moun Korent te kwč tou lč yo te tande sa Pňl t'ap di yo, epi yo te resevwa batčm.  
 
Act 18:9
 
Yon jou lannwit, Pňl fč yon vizyon. Li wč Seyč a ki di li: Ou pa bezwen pč, se pou ou kontinye pale. Pa fčmen bouch ou.  
 
Act 18:10
 
Mwen la avčk ou. Pesonn p'ap ka mete men sou ou pou fč ou anyen. Gen anpil moun ki pou mwen nan lavil la.  
 
Act 18:11
 
Konsa, Pňl pase dizwit mwa lavil Korent, li t'ap moutre moun yo pawňl Bondye a.  
 
Act 18:12
 
ś Pandan Galyon te gouvčnč nan peyi Lakayi, jwif yo mete tčt ansanm, yo leve dčyč Pňl. Yo mennen l' devan tribinal la,  
 
Act 18:13
 
epi yo di: Nonm sa a ap chache pran tčt moun pou fč yo sčvi Bondye yon jan ki kont lalwa.  
 
Act 18:14
 
Pňl tapral pale, lč Galyon di jwif yo konsa: Nou menm jwif, koute: si se te yon krim osinon yon movezak li te fč, mwen ta pčdi tan m' koute nou.  
 
Act 18:15
 
Men, si se yon bann diskisyon sou mo, sou non, sou lalwa jwif yo, sa se zafč ki gade nou. Mwen p'ap antre nan bagay konsa pou m' mete rezon.  
 
Act 18:16
 
Epi li mete tout moun deyň nan tribinal la.  
 
Act 18:17
 
Lč sa a, jwif yo mete men sou Sostčn, chčf sinagňg la, yo bat li byen bat devan tribinal la. Men, Galyon pa okipe yo menm.  
 
Act 18:18
 
ś Pňl rete kčk tan ankň lavil Korent. Apre sa, li kite frč yo, li anbake sou yon batiman pou peyi Siri ansanm ak Prisil ak Akilas. Anvan sa, li fč kale tčt li nan Sankre paske li te fč yon ve.  
 
Act 18:19
 
Rive yo rive lavil Efčz, Pňl kite Prisil ak Akilas, li al nan sinagňg la, li pran diskite ak jwif yo.  
 
Act 18:20
 
Yo mande l' pou l' rete pi lontan ak yo, men li pa t' vle.  
 
Act 18:21
 
Anvan l' kite yo, li di yo: M'a tounen vin wč nou, si Bondye vle. Epi li moute yon batiman, li kite Efčz.  
 
Act 18:22
 
Lč l' debake lavil Sezare, li moute Jerizalčm, li pase di legliz la bonjou. Apre sa, li al Antiňch.  
 
Act 18:23
 
Li pase kčk tan la, epi li pati ankň. Li pase nan tout peyi Galasi ak peyi Friji, li t'ap fňtifye tout disip yo nan konfyans yo nan Bondye.  
 
Act 18:24
 
ś Yon jwif yo te rele Apolňs rive lavil Efčz. Se te moun lavil Aleksandri. Nonm sa a te konn pale byen, li te konn tou sa ki te ekri nan Liv yo.  
 
Act 18:25
 
Yo te moutre l' chemen Bondye a. Depi lč sa a, li te cho pou l' te anonse pawňl la. San dezanpare li t'ap moutre moun yo tou sa li te konnen sou Jezi yon jan ki konfňm ak verite a. Men, se batčm Jan an ase li te konnen.  
 
Act 18:26
 
Li t'ap pale avčk fňs konviksyon nan sinagňg la. Lč Prisil ak Akilas tande l', yo pran l' avčk yo epi yo fin moutre li chemen Bondye a yon jan ki pi korčk.  
 
Act 18:27
 
Apre sa, Apolňs fč lide ale Lakayi. Frč yo te ankouraje li. Yo ekri yon lčt voye bay disip yo ki nan peyi sa a pou yo te byen resevwa Apolňs. Lč li rive Lakayi, li bay moun Bondye te fč favč kwč yo yon gwo konkou.  
 
Act 18:28
 
Se avčk gwo konviksyon devan tout moun li t'ap moutre jwif yo ki jan yo te nan lerč: li pran sa ki ekri nan Liv yo a, li t'ap ba yo prčv se Jezi ki Kris la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
John 1Acts 171 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 Acts 19Romans 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards