All NT OTBook
Compare Texts
John 1 Acts 16

Acts 17:1-34

Acts 18 Romans 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Act 17:1
 
ś Yo pase lavil Anfipolis ak lavil Apoloni, yo rive lavil Tesalonik kote jwif yo te gen yon sinagňg.  
 
Act 17:2
 
Jan l' te konn fč a, Pňl antre nan sinagňg la. Pandan twa jou repo li diskite ak jwif yo sou sak te ekri nan Liv yo.  
 
Act 17:3
 
Li t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l' soufri, li te gen pou l' te leve soti vivan nan lanmň. Li t'ap di yo: Jezi m'ap fč nou konnen an, se li menm ki Kris la.  
 
Act 17:4
 
Te genyen nan jwif yo ki te kwč, yo pran mache ansanm ak Pňl ak Silas. Se konsa yon bann moun peyi Lagrčs ki te konvčti nan relijyon jwif yo ansanm ak anpil gran medam te kwč tou.  
 
Act 17:5
 
Men, jwif yo t'ap fč jalouzi anpil. Yo pran kčk vakabon yo jwenn nan lari a ak yo, yo sanble yon foul moun, yo mache fč dezňd nan tout lavil la.  
 
Act 17:6
 
Yo rive devan kay Jazon, yo antre al chache Pňl ak Silas pou mennen yo devan pčp la. Lč yo pa jwenn yo, yo trennen Jazon ansanm ak kčk frč devan chčf yo ki nan lavil la. Yo pran pale byen fň, yo t'ap di: Mesye sa yo ap mache fč dezňd toupatou. Men, koulye a yo rive jouk isit la.  
 
Act 17:7
 
Jazon menm resevwa mesye yo lakay li. Mesye sa yo ap aji kont lalwa Seza: y'ap di gen yon lňt wa yo rele Jezi.  
 
Act 17:8
 
Jwif yo te mete foul moun yo ansanm ak chčf yo ankňlč anpil avčk pawňl sa a.  
 
Act 17:9
 
Jazon ak lňt frč yo te blije fč yon depo lajan pou chčf yo te ka lage yo.  
 
Act 17:10
 
ś Lč solčy fin kouche, frč yo fč Pňl ak Silas pati pou lavil Bere. Lč yo rive la, y' al nan sinagňg jwif yo.  
 
Act 17:11
 
Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawňl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wč si sa Pňl t'ap di yo a se vre.  
 
Act 17:12
 
Anpil ladan yo te kwč. Konsa, anpil gran medam ak anpil gason nan moun peyi Lagrčs yo te kwč.  
 
Act 17:13
 
Men, lč jwif Tesalonik yo vin konnen Pňl t'ap fč konnen pawňl Bondye a nan Bere tou, yo pati pou Bere. Lč yo rive, yo kňmanse fč dezňd, yo t'ap moute tčt foul moun yo.  
 
Act 17:14
 
Lč frč yo wč sa, yo fč Pňl pati ale jouk bň lanmč a. Men, Silas ak Timote te rete Bere.  
 
Act 17:15
 
Moun ki t'ap kondi Pňl yo mennen l' jouk lavil Atčn. Apre sa, yo tounen Bere. Pňl menm te voye lňd bay Silas ak Timote pou yo te vin jwenn li touswit.  
 
Act 17:16
 
ś Antan Pňl t'ap tann Silas ak Timote lavil Atčn, sa te nwi lespri l' anpil lč l' wč ki jan lavil la te plen zidňl.  
 
Act 17:17
 
Li t'ap diskite nan sinagňg la avčk jwif yo ansanm ak moun lňt nasyon yo ki te konvčti nan relijyon jwif yo. Apre sa, chak jou li t'ap diskite tou sou plas piblik la avčk tout moun li te kontre la.  
 
Act 17:18
 
Kčk filozňf ki t'ap swiv prensip patizan Epiki yo ak patizan Zenon yo t'ap pale avčk li. Gen ladan yo ki t'ap di: Kisa paladň sa a vle di la a? Gen lňt moun ki t'ap di: Gen lč l'ap pale sou yon lňt kalite bondye. Yo t'ap di sa paske Pňl t'ap pale yo sou Jezi, li t'ap di yo ki jan mň yo gen pou yo leve vivan ankň.  
 
Act 17:19
 
Lč sa a, yo pran l', yo mennen l' nan Aewopaj la. Epi yo di li: Nou ta renmen konnen tout bagay nčf sa yo w'ap montre moun yo la a.  
 
Act 17:20
 
W'ap di yon bann bagay dwňl nan zňrčy nou. Nou ta renmen konnen sa yo vle di.  
 
Act 17:21
 
(Se te abitid tout moun lavil Atčn ak tout moun lňt nasyon ki rete nan lavil la, pou yo pase tout tan yo ap pale osinon ap koute tout kalite pawňl ki fčk parčt.)  
 
Act 17:22
 
ś Lč sa a, Pňl kanpe nan mitan Aewopaj la, li di: Nou menm moun Atčn, mwen wč nou se moun ki renmen relijyon anpil.  
 
Act 17:23
 
Mwen di nou sa, paske, antan m'ap pwonmennen nan lavil nou an, mwen wč tout kote nou fč sčvis. Epi nan gade konsa, mwen jwenn yon lotčl kote yo ekri: Pou Bondye nou pa konnen an. Enben, Bondye n'ap sčvi san nou pa konnen l' lan, se li menm m'ap fč nou konnen la a.  
 
Act 17:24
 
Bondye ki fč lemonn antye ak tou sa ki ladan l', se li menm ki Mčt syčl la ak tč a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo.  
 
Act 17:25
 
Li pa bezwen pou moun travay ba l' anyen non plis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fč yo respire, ki ba yo tout lňt bagay.  
 
Act 17:26
 
Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latč. Li fč yo tout soti nan yon sčl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete.  
 
Act 17:27
 
Li fč tou sa pou yo ka chache l', pou yo ta ka rive jwenn li lč yo seye pran kontak avčk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa.  
 
Act 17:28
 
Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kň nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan počt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li.  
 
Act 17:29
 
Si nou se pitit li, nou pa dwe mete nan tčt nou Bondye tankou yon moso lň, yon moso lajan osinon yon moso wňch moun travay ak ladrčs pou fč yon pňtre ki soti nan tčt yo.  
 
Act 17:30
 
Men, Bondye fčmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li.  
 
Act 17:31
 
Se konsa tou, li fikse yon jou lč li gen pou l' jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prčv la lč l' fč nonm sa a leve soti vivan nan lanmň.  
 
Act 17:32
 
ś Lč yo tande Pňl di moun mouri ka leve, te gen ladan yo ki pran pase l' nan betiz. Gen lňt menm ki t'ap di li: N'a tande koze sa a yon lňt jou.  
 
Act 17:33
 
Se konsa Pňl soti nan mitan yo.  
 
Act 17:34
 
Men, atousa, te gen ladan yo ki te dakň pou yo te mache ak Pňl epi ki te kwč. Pami yo te gen Deni, manm Aewopaj la, yon fanm yo te rele Damaris ak kčk lňt ankň.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
John 1Acts 161 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 Acts 18Romans 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards