All NT OTBook
Compare Texts
John 1 Acts 11

Acts 12:1-25

Acts 13 Romans 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Act 12:1
 
ś Nan menm epňk sa a, wa Ewňd te pran maltrete kčk manm nan legliz la.  
 
Act 12:2
 
Li fč touye Jak, frč Jan an, ak nepe.  
 
Act 12:3
 
Lč l' wč sa te fč jwif yo plezi, li fč arete Pyč tou. Se te epňk fčt Pen san ledven an.  
 
Act 12:4
 
Lč li fin arete Pyč, Ewňd fč mete l' nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avčk kat sňlda, pou veye li. Li te fč lide pou l' te mennen l' devan pčp la apre fčt Delivrans jwif yo.  
 
Act 12:5
 
ś Pyč te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyč Bondye pou li san rete.  
 
Act 12:6
 
Lavčy jou pou Ewňd ta mennen Pyč konparčt devan pčp la, nan mitan lannwit Pyč t'ap dňmi ak de sňlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l' ak de chenn. Epi te gen gad devan pňt la ki t'ap veye prizon an.  
 
Act 12:7
 
Yon zanj Bondye rete konsa li parčt, yon limyč klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyč bň kňt, li souke l', li di li: Leve vit. Chenn ki te mare men l' yo tonbe.  
 
Act 12:8
 
Zanj lan di li: Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyč fč tou sa. Zanj lan di l' ankň: Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen.  
 
Act 12:9
 
Pyč swiv zanj lan, li mache soti nan kacho a. Li pa t' kwč sa zanj Bondye a t'ap fč a se te vre. Li te kwč se reve l' t'ap reve.  
 
Act 12:10
 
Yo pase premye pňs gad la, yo pase dezyčm pňs la, yo rive bň pňtay an fč ki bay sou lavil la. Pňtay la louvri pou kont li devan yo. Yo soti, yo pran lari. Menm lč a, zanj lan kite Pyč.  
 
Act 12:11
 
Se lč sa a Pyč vin konprann sak te rive li a. Li di: Koulye a, mwen wč se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m' anba men Ewňd. Li sove m' anba tout bagay pčp jwif la t'ap pare pou mwen an.  
 
Act 12:12
 
Lč l' vin konprann sitiyasyon an, li ale dwat kay Mari, manman Jan, ki te gen yon ti non Mak. Te gen anpil moun sanble la, yo t'ap lapriyč.  
 
Act 12:13
 
Pyč frape nan pňt devan an. Yon sčvant yo rele Wňd vin reponn.  
 
Act 12:14
 
Li rekončt vwa Pyč. Li te sitčlman kontan, li pa louvri pňt la, li kouri antre al di moun yo: Men Pyč deyň a wi.  
 
Act 12:15
 
Yo di li: Gen lč ou pčdi tčt ou? Men, li te kenbe sa l' te di a se vre. Lč sa a, yo di li: Se dwe bonnanj li.  
 
Act 12:16
 
Men, Pyč t'ap frape pi rčd toujou. Lč yo louvri pňt la, yo wč l', yo pa t' manke sezi.  
 
Act 12:17
 
Li fč yo siy ak men l' pou yo pa pale, epi l' rakonte yo ki jan Bondye te fč l' soti nan prizon an. Li di yo ankň. Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lňt frč yo. Epi l' soti, li al yon lňt kote.  
 
Act 12:18
 
Lč l' fč jou, gad yo te nan yon pakčt tčt chaje. Yo t'ap mande kote Pyč pase.  
 
Act 12:19
 
Ewňd fč chache l' toupatou, men yo pa jwenn li. Li fč keksyonnen gad yo. Lčfini, li bay lňd touye yo. Apre sa, Ewňd kite peyi Jide, li al lavil Sezare kote li pase kčk tan.  
 
Act 12:20
 
ś Ewňd te fache anpil sou moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Sa moun sa yo fč, yo mete ansanm pou yo vin kote li. Yo pran tčt Blastis, yon ofisye ki t'ap travay lakay wa a. Epi y' al mande Ewňd pou l' fč lapč ak yo, paske se nan peyi Ewňd la moun lakay yo te konn ale fč pwovizyon.  
 
Act 12:21
 
Lč jou yo te fikse a rive, Ewňd abiye l' ak tout kostim wa li sou li, li chita sou gwo fotčy li a, epi l' fč yon diskou ba yo.  
 
Act 12:22
 
Pčp la pran rele: Se pa yon moun k'ap pale la a, se yon bondye.  
 
Act 12:23
 
Menm lč a, yon zanj Bondye frape Ewňd, paske li te asepte resevwa lwanj ki fčt pou Bondye sčlman. Vč tonbe sou li, epi li mouri.  
 
Act 12:24
 
Pawňl Bondye a menm t'ap gaye plis toujou, li t'ap fč anpil avans.  
 
Act 12:25
 
Lč Banabas ak Sňl fin fč misyon yo lavil Jerizalčm, yo tounen lakay yo, yo pran Jan ki te gen ti non Mak la ak yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
John 1Acts 111 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 Acts 13Romans 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards