| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Act 11:1 | ś Apňt yo ansanm ak frč yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawňl Bondye a tou.
| |
| | Act 11:2 | Lč Pyč tounen moute Jerizalčm, jwif ki te kwč yo tanmen kritike li.
| |
| | Act 11:3 | Yo di l' konsa: Apa ou antre lakay moun ki pa sikonsi, ou manje ak yo?
| |
| | Act 11:4 | Lč sa a, Pyč rakonte yo sak te pase nan tout ti detay. Li di yo:
| |
| | Act 11:5 | Mwen te lavil Jope, mwen t'ap lapriyč, lč m' fč yon vizyon. Mwen wč yon bagay ki t'ap desann vin jwenn mwen, tankou yon gwo dra mare nan kat bout, ki t'ap desann sot nan syčl la. Li rive toupre mwen.
| |
| | Act 11:6 | Lč m' gade byen gade, mwen wč tout kalite bčt andedan li: bčt kat pat, bčt nan bwa, bčt ki trennen sou vant ak zwezo.
| |
| | Act 11:7 | Epi m' tande yon vwa ki di m' konsa: Leve non, Pyč, touye, manje.
| |
| | Act 11:8 | Men mwen di: Non, Mčt. Mwen pa janm mete move manje osinon manje ki pa bon pou moun k'ap sčvi Bondye nan bouch mwen.
| |
| | Act 11:9 | Menm vwa a pale ankň nan syčl la, li di mwen konsa: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sčvi l', pa di l' pa bon pou yo.
| |
| | Act 11:10 | An twa fwa sa repete. Epi bagay la moute tounen nan syčl la.
| |
| | Act 11:11 | Menm lč a, twa moun ki te soti Sezare vin rive nan kay kote m' te ye a. Yo te voye yo chache mwen.
| |
| | Act 11:12 | Lespri a di m' pati ak yo san rete ap kalkile. Sis frč sa yo te al ansanm avč m' tou Sezare. Nou tout nou antre lakay Kňnčy.
| |
| | Act 11:13 | Kňnčy rakonte nou ki jan l' te wč yon zanj Bondye kanpe nan mitan lakay li. Zanj lan di li: Voye yon moun lavil Jope al rele Simon (ki gen yon ti non Pyč).
| |
| | Act 11:14 | Simon sa a va di ou pawňl ki pou sove ou ansanm ak tout fanmi ou.
| |
| | Act 11:15 | Mwen te kňmanse pale lč Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou premye jou a.
| |
| | Act 11:16 | Lč sa a, mwen vin chonje sa Seyč a te di: Jan te batize nan dlo, men nou menm nou gen pou n' resevwa batčm nan Sentespri a.
| |
| | Act 11:17 | Konsa, Bondye te bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lč n' te mete konfyans nou nan Seyč Jezikri. Kisa m' te ye menm pou m' te fč tčt ak Bondye?
| |
| | Act 11:18 | Lč yo fin tande pawňl sa yo, yo sispann kritike l', yo pran fč lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.
| |
| | Act 11:19 | ś Avčk pčsekisyon ki te tonbe sou yo apre lanmň Etyčn lan, disip yo te gaye. Genyen ki te al jouk nan peyi Finisi, nan lil Chip, ak lavil Antiňch. Men, yo t'ap anonse pawňl la bay jwif yo sčlman.
| |
| | Act 11:20 | Lč sa a, kčk disip ki te moun Chip ak moun Sirčn al lavil Antiňch. Antan yo la a, yo pale ak moun Lagrčs yo; yo fč yo konnen bon nouvčl ki pale sou Jezi Seyč a.
| |
| | Act 11:21 | Pouvwa Bondye te avčk yo; anpil nan moun Lagrčs yo rive kwč, yo te tounen vin jwenn Bondye.
| |
| | Act 11:22 | Legliz Jerizalčm lan vin aprann nouvčl la. Li voye Banabas lavil Antiňch.
| |
| | Act 11:23 | Lč Banabas rive, li wč ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pa t' manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fčm ak tout kč yo nan sčvis Seyč a san dekouraje.
| |
| | Act 11:24 | Banabas sa a te yon bon gason. Li te gen anpil konfyans nan Bondye, epi Sentespri te kenbe l' anba pouvwa l' tout tan. Anpil moun te vin kwč nan Seyč a.
| |
| | Act 11:25 | Apre sa, Banabas ale lavil Tas, li al chache Sňl.
| |
| | Act 11:26 | Lč l' jwenn li, li mennen l' lavil Antiňch. Yo pase yon lanne ansanm ap fč reyinyon ak legliz la. Yo t'ap moutre anpil moun sa pou yo fč. Se nan lavil Antiňch sa a premyč fwa yo te rele disip yo kretyen.
| |
| | Act 11:27 | ś Lč sa a, kčk pwofčt soti Jerizalčm rive Antiňch.
| |
| | Act 11:28 | Yonn ladan yo, ki te rele Agabis, leve epi avčk pouvwa Sentespri, li fč konnen tapral gen yon gwo grangou sou tout latč. (Grangou sa a te rive vre sou reny wa Klňd.)
| |
| | Act 11:29 | Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frč yo ki te nan peyi Jide.
| |
| | Act 11:30 | Se sa menm yo te fč. Apre sa, yo voye Banabas ak Sňl pote sa yo te ranmase a bay chčf fanmi yo ki te nan Jide.
| |