All NT OTBook
Compare Texts
Luke 1 John 7

John 8:1-59

John 9 Acts 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jhn 8:1
 
ś Jezi menm ale mňn Oliv.  
 
Jhn 8:2
 
Nan denmen maten, byen bonč, li tounen nan tanp lan. Tout foul moun yo pwoche bň kote li. Li chita, li pran moutre yo anpil bagay.  
 
Jhn 8:3
 
Dirčktč lalwa yo ak farizyen yo mennen yon fanm ba li. Yo te bare fanm lan nan adiltč. Yo mete l' kanpe devan tout foul moun yo,  
 
Jhn 8:4
 
epi yo di Jezi konsa: Mčt, yo kenbe fanm sa a nan men ap fč adiltč.  
 
Jhn 8:5
 
Moyiz te bay lňd nan lalwa a pou yo touye yo lč konsa ak kout wňch. Men, ou menm, kisa ou di nan sa?  
 
Jhn 8:6
 
Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l' nan pčlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atč. Epi, avčk dwčt li, li kňmanse ekri atč a.  
 
Jhn 8:7
 
Men, moun yo t'ap kouvri l' ak keksyon. Jezi leve atč a, li di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l' premye kout wňch la.  
 
Jhn 8:8
 
Apre sa, li bese atč a yon dezyčm fwa, li pran ekri ankň.  
 
Jhn 8:9
 
Lč yo tande pawňl sa yo, yonn apre lňt y' al fč wout yo. Premye moun ki te mete deyň se te sak te pi granmoun yo. Jezi rete pou kont li ak fanm lan ki te kanpe devan l'.  
 
Jhn 8:10
 
Lč sa a, li leve, li di fanm lan: Madanm, kote moun yo? Pesonn pa kondannen ou?  
 
Jhn 8:11
 
Li reponn: Pesonn non, Mčt. Jezi di li: Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mčt ale. Men, pa janm fč peche ankň.  
 
Jhn 8:12
 
ś Jezi pale ankň ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyč k'ap klere tout moun ki sou latč. Moun ki swiv mwen va gen limyč ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fčnwa.  
 
Jhn 8:13
 
Farizyen yo di li: Apa w'ap pale tčt pa ou byen? Sa w'ap di la a pa gen valč.  
 
Jhn 8:14
 
Jezi reponn yo: Menm si mwen t'ap pale tčt mwen byen, sa m'ap di a se verite, paske mwen konnen ki bň m' soti, mwen konnen ki bň m' prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni ki bň m' soti, ni ki bň m' prale.  
 
Jhn 8:15
 
Nou menm, n'ap jije tankou lčzňm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pesonn.  
 
Jhn 8:16
 
Mentou, si yon lč mwen gen pou m' jije, m'ap jije byen dapre verite a, paske mwen p'ap jije pou kont mwen. Papa ki voye m' lan ap la avčk mwen.  
 
Jhn 8:17
 
Nou jwenn sa ekri nan Lalwa nou an tou: Lč de temwen fč menm depozisyon an, sa yo di a vre.  
 
Jhn 8:18
 
Mwen sčvi temwen pou tčt pa m'; Papa a ki voye m' lan sčvi m' temwen tou.  
 
Jhn 8:19
 
Yo mande li: Kote papa ou? Jezi reponn yo: Nou pa konnen mwen, nou pa konn Papa mwen. Si nou te konnen m', nou ta konnen Papa m' tou.  
 
Jhn 8:20
 
Jezi te nan tanp lan, kote yo mete bwat pou fč ofrann yo. Se la li t'ap di yo tout pawňl sa yo, li t'ap moutre moun yo anpil lňt bagay ankň. Men, pesonn pa t' mete men sou li, paske lč l' pa t' ankň rive.  
 
Jhn 8:21
 
ś Jezi di yo ankň: Mwen pral fč wout mwen. N'a chache m', men n'a mouri nan peche nou yo. Nou pa ka ale kote m' prale a.  
 
Jhn 8:22
 
Jwif yo yonn di lňt: Gen lč li pral touye tčt li? Tande sa l'ap di: Nou pa ka ale kote l' prale a.  
 
Jhn 8:23
 
Jezi reponn yo: Nou soti anba, mwen menm mwen soti anwo. Nou se moun tč sa a, mwen menm mwen pa moun tč sa a.  
 
Jhn 8:24
 
Se poutčt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwč mwen se moun mwen ye a.  
 
Jhn 8:25
 
Yo mande li: Ki moun ou ye? Jezi reponn yo: Sa m' te di nou depi nan konmansman an.  
 
Jhn 8:26
 
Mwen gen anpil bagay pou m' di sou nou, anpil bagay menm pou m' jije nan nou. Men, moun ki voye m' lan, se verite ase li di. Se sčlman sa m' pran nan bouch li m'ap anonse bay lčzňm ki sou latč.  
 
Jhn 8:27
 
Yo pa t' konprann se sou Papa a li t'ap pale yo.  
 
Jhn 8:28
 
Jezi di yo ankň: Lč n'a leve Moun Bondye voye nan lachč a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lč sa a, n'a konnen mwen pa fč anyen pou kont mwen. Se sčlman sa Papa a moutre m' mwen di.  
 
Jhn 8:29
 
Moun ki voye m' lan la avčk mwen. Li pa kite m' pou kont mwen paske mwen toujou fč sak fč l' plezi.  
 
Jhn 8:30
 
Anpil moun ki te tande Jezi pale konsa te kwč nan li.  
 
Jhn 8:31
 
ś Jezi di jwif ki te kwč nan li yo: Si nou kenbe pawňl mwen yo nan kč nou, nou se disip mwen vre.  
 
Jhn 8:32
 
N'a konnen verite a, lč sa a verite a va ban nou libčte nou.  
 
Jhn 8:33
 
Yo di li: Nou se pitit pitit Abraram. Nou pa janm esklav pesonn. Ki jan ou ka fč di nou: N'a gen libčte nou?  
 
Jhn 8:34
 
Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fč peche, se esklav peche yo ye.  
 
Jhn 8:35
 
Yon esklav pa fč pati moun kay la pou tout tan. Men, yon pitit fč pati moun kay la pou tout tan.  
 
Jhn 8:36
 
Si Pitit Bondye a ban nou libčte, n'a lib tout bon.  
 
Jhn 8:37
 
Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m' paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou.  
 
Jhn 8:38
 
ś M'ap di nou sa Papa m' moutre mwen. Men nou menm, n'ap fč sa papa pa nou di nou fč.  
 
Jhn 8:39
 
Yo reponn li: Men, papa nou se Abraram. Jezi di yo: Si nou te pitit Abraram tout bon, nou ta fč sa li menm li te fč.  
 
Jhn 8:40
 
Gade koulye a, m'ap di nou verite a jan Bondye te moutre m' li, atousa n'ap chache touye mwen. Abraram pa janm fč bagay konsa.  
 
Jhn 8:41
 
Men nou menm, n'ap fč sa papa nou ap fč. Yo reponn li: Nou pa pitit deyň non. Nou gen yon sčl papa, se Bondye.  
 
Jhn 8:42
 
Jezi di yo: Si Bondye te papa nou vre, nou ta renmen mwen. Paske, mwen soti bň kot Bondye. Se li menm ki voye m' isit la. Mwen pa vini pou kont mwen. Se li menm menm ki voye mwen.  
 
Jhn 8:43
 
Poukisa nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawňl mwen yo.  
 
Jhn 8:44
 
Se Satan ki papa nou. Se sak fč nou vle fč sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fč: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sč mantň li ye. Se papa nan bay manti li ye.  
 
Jhn 8:45
 
Men mwen menm, mwen pale verite a. Se poutčt sa nou pa vle kwč mwen.  
 
Jhn 8:46
 
ś Kilčs nan nou ki ka bay prčv mwen fč peche? Si sa m' di a se vre, poukisa nou pa kwč mwen?  
 
Jhn 8:47
 
Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawňl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sak fč nou pa vle koute.  
 
Jhn 8:48
 
Jwif yo reponn li: Nou te gen rezon lč n' t'ap di se moun Samari ou ye. Ou gen yon move lespri sou ou.  
 
Jhn 8:49
 
Jezi di yo: Mwen pa gen okenn move lespri sou mwen. M'ap fč respe Papa mwen. Men nou menm, se derespekte n'ap derespekte mwen.  
 
Jhn 8:50
 
Mwen p'ap chache lwanj pou tčt pa mwen. Gen yon moun k'ap chache l' pou mwen. Se li menm tou k'ap jije nou.  
 
Jhn 8:51
 
ś Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki fč tou sa mwen di l' fč, li p'ap janm mouri.  
 
Jhn 8:52
 
Jwif yo di li: Koulye a, nou sčten ou gen yon move lespri sou ou. Abraram mouri. Pwofčt yo mouri tou. Epi ou menm, w'ap di: O wi, moun ki fč tou sa m' di l' fč, li p'ap janm mouri.  
 
Jhn 8:53
 
Abraram ki Abraram zansčt nou, li mouri. Koulye a, ou prčt pou di nou ou pi gran pase li? Pwofčt ki pwofčt yo mouri. Sa ou konprann ou ye menm?  
 
Jhn 8:54
 
Jezi reponn yo: Si m' t'ap fč lwanj tčt mwen, lwanj sa a pa ta vo anyen. Moun k'ap fč lwanj mwen se Papa m', moun nou pretann di ki Bondye nou an.  
 
Jhn 8:55
 
Nou pa konnen li. Men mwen menm, mwen konnen li. Si pou m' ta di mwen pa konnen li, mwen ta bay manti tankou nou. Men, mwen konnen l' epi m'ap fč tou sa li di m' fč.  
 
Jhn 8:56
 
Abraram papa nou te kontan, paske li te anvi wč jou m' lan rive. Li wč li. Sa te fč kč l' kontan nčt.  
 
Jhn 8:57
 
Jwif yo di li: Ou poko gen senkantan, epi w'ap di ou te wč Abraram?  
 
Jhn 8:58
 
Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pa t' ankň fčt, mwen menm, mwen te la deja.  
 
Jhn 8:59
 
Lč sa a, yo ranmase wňch pou kalonnen li. Men, Jezi kache kň l' yon kote epi li soti nan tanp lan.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Luke 1John 71 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 John 9Acts 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards