| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Jhn 7:1 | ś Apre sa, Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile, li pa t' vle ale nan peyi Jide menm, paske jwif yo t'ap chache touye li.
| |
| | Jhn 7:2 | Jou fčt Joupa jwif yo te pre rive.
| |
| | Jhn 7:3 | Frč Jezi yo di l' konsa: Pa rete bň isit la. Ale nan Jide non. Konsa, disip ou yo va wč travay w'ap fč.
| |
| | Jhn 7:4 | Yon moun ki vle pou tout moun konnen l' pa dwe travay an kachčt. Avčk travay w'ap fč a, se pou ou kite tout moun wč ou.
| |
| | Jhn 7:5 | (Men, frč l' yo pa t' kwč nan li.)
| |
| | Jhn 7:6 | Jezi di yo konsa: Lč pa m' lan poko sonnen. Pou nou, tout lč yo bon.
| |
| | Jhn 7:7 | Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m' paske mwen di sa y'ap fč a pa bon.
| |
| | Jhn 7:8 | Nou mčt al nan fčt la. Mwen menm, mwen pa prale. Paske, lč pa m' lan poko rive.
| |
| | Jhn 7:9 | Apre li fin di yo sa, li rete rete l' nan peyi Galile.
| |
| | Jhn 7:10 | Apre frč l' yo fin pati al nan fčt la, Jezi ale tou, men an kachčt. Li pa t' kite pesonn wč li.
| |
| | Jhn 7:11 | Jwif yo menm t'ap chache l' pandan tout fčt la. Yo t'ap di: Kote l' ye konsa?
| |
| | Jhn 7:12 | Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zňrčy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di: Se yon nonm debyen wi. Gen lňt ki t'ap di: Non, se pete l'ap pete moun.
| |
| | Jhn 7:13 | Men, pesonn pa t' nonmen non l' fň pou lňt moun pa t' tande, sitčlman yo te pč jwif yo.
| |
| | Jhn 7:14 | ś Te rete kat jou ankň pou fčt la te fini, lč Jezi al nan tanp lan. Li kňmanse pale.
| |
| | Jhn 7:15 | Jwif yo pa t' manke sezi. Yo t'ap di: Ki jan nonm sa a fč konnen tout bagay sa yo? Li pa janm al lekňl.
| |
| | Jhn 7:16 | Jezi reponn yo: Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo soti. Yo soti nan Bondye ki voye m' lan.
| |
| | Jhn 7:17 | Si yon moun deside fč sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawňl pa m' m'ap pale.
| |
| | Jhn 7:18 | Yon moun k'ap pale pawňl pa l', se chache l'ap chache fč lwanj tčt li. Men, moun k'ap travay pou sa sčvi yon lwanj pou moun ki voye l' la, se verite a pou l' di. Pa gen riz nan li.
| |
| | Jhn 7:19 | Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen?
| |
| | Jhn 7:20 | Foul moun yo reponn li: Gen lč ou gen yon move lespri sou ou? Ki moun k'ap chache touye ou la a?
| |
| | Jhn 7:21 | Jezi reponn yo: Mwen fč yon sčl bagay, epi nou tout nou sezi pou sa!
| |
| | Jhn 7:22 | Moyiz ban nou lňd pou nou sikonsi tout ti gason, epi nou dakň pou yo sikonsi yon moun gwo jou repo a. (Men, kite m' di nou: se pa t' Moyiz ki te kňmanse ak sikonsizyon an non, se te zansčt nou yo.)
| |
| | Jhn 7:23 | Si nou ka sikonsi yon ti gason jou repo a pou n' ka fč sa Lalwa Moyiz la mande a, pa gen rezon pou n' ankňlč sou mwen si m' geri yon moun ki te malad nan tout kň l', yon jou repo.
| |
| | Jhn 7:24 | Pa jije sou laparans. Jije dapre sa ki dwat.
| |
| | Jhn 7:25 | Lč sa a, te gen kčk moun Jerizalčm ki t'ap di: Apa nonm y'ap chache touye a?
| |
| | Jhn 7:26 | Gade l'ap pale lib devan tout moun, yo pa di l' anyen. Gen lč chčf nou yo rekončt se Kris la vre li ye!
| |
| | Jhn 7:27 | Men, yo toujou di lč Kris la va rive, pesonn p'ap konnen ki bň l' soti. Men nonm sa a, nou konnen ki bň l' soti.
| |
| | Jhn 7:28 | Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan. Li di yo byen fň: Nou rekončt mwen? Nou konnen ki bň m' soti? Se pa mwen ki fč lide pou m' vini non. Moun ki voye m' lan, li la tout bon. Men, nou pa konnen li.
| |
| | Jhn 7:29 | Mwen menm, mwen konnen l', paske se bň kote l' mwen soti. Se li menm ki voye mwen.
| |
| | Jhn 7:30 | Lč sa a, yo t'ap chache arete l', men pesonn pa t' mete men sou li paske lč l' pa t' ankň rive.
| |
| | Jhn 7:31 | Atousa, te gen anpil moun nan foul pčp la ki te kwč nan li. Yo t'ap di: Lč Kris la va vini, čske la fč plis mirak pase nonm sa a?
| |
| | Jhn 7:32 | Farizyen yo vin konnen sa yo t'ap di nan zňrčy sou Jezi nan pčp la. Chčf prčt yo ansanm ak farizyen yo voye kčk gad pou arete Jezi.
| |
| | Jhn 7:33 | Jezi di konsa: Se pou yon ti tan ankň mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m' lan.
| |
| | Jhn 7:34 | N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen, paske nou p'ap ka vini kote m' prale a.
| |
| | Jhn 7:35 | Jwif yo yonn t'ap mande lňt: Ki bň l' prale menm pou nou pa kapab jwenn li? Eske li pral menm kote ak jwif ki gaye nan mitan moun Lagrčs yo pou l' moutre moun Lagrčs yo anpil bagay?
| |
| | Jhn 7:36 | L'ap plede di: N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen. Nou pa ka vini kote mwen prale a. Kisa sa vle di menm?
| |
| | Jhn 7:37 | ś Dčnye jou fčt la, se li ki te pi enpňtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fň: Si yon moun swaf dlo, li mčt vin jwenn mwen, li mčt vin bwč.
| |
| | Jhn 7:38 | Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wč gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule soti nan kč yo, jan sa ekri nan Liv la.
| |
| | Jhn 7:39 | (Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwč nan li yo tapral resevwa Sentespri. Lč sa a, Sentespri pa t' ankň desann sou pesonn, paske Jezi pa t' ankň moute nan syčl la.)
| |
| | Jhn 7:40 | Te gen kčk moun nan foul pčp la, lč yo fin tande pawňl sa yo, yo t'ap di konsa: Se vre wi. Nonm sa a, se pwofčt la!
| |
| | Jhn 7:41 | Gen lňt ki t'ap di: Se Kris la. Gen lňt ankň ki t'ap di: Men, Kris la pa ka soti nan peyi Galile.
| |
| | Jhn 7:42 | Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyčm li gen pou l' soti, lavil kote David te pase tout lavi li a.
| |
| | Jhn 7:43 | Te vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutčt Jezi.
| |
| | Jhn 7:44 | Gen ladan yo ki te vle arete l', men pesonn pa t' mete men sou li.
| |
| | Jhn 7:45 | ś Lč gad yo tounen vin jwenn yo, chčf prčt yo ak farizyen yo mande yo: Poukisa nou pa mennen l' ban nou?
| |
| | Jhn 7:46 | Gad yo reponn: Nou poko janm wč yon nonm ki pale tankou nonm sa a.
| |
| | Jhn 7:47 | Farizyen yo di: Gen lč nou kite l' pran tčt nou tou?
| |
| | Jhn 7:48 | Eske nou wč gen yon sčl nan chčf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwč nan li?
| |
| | Jhn 7:49 | Moun sa yo gen lč pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon!
| |
| | Jhn 7:50 | Nikodčm te yonn nan farizyen ki te la yo. Se menm Nikodčm sa a ki te al wč Jezi kčk jou pase. Li di yo konsa:
| |
| | Jhn 7:51 | Dapre Lalwa nou, nou pa ka jije yon moun san nou pa tande l' anvan, san nou pa konnen sa l' fč.
| |
| | Jhn 7:52 | Yo reponn li: Gen lč, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, wa wč pa gen pwofčt ki janm soti nan peyi Galile.
| |
| | Jhn 7:53 | Apre sa, tout moun al lakay yo.
| |