All NT OTBook
Compare Texts
Luke 1 John 3

John 4:1-54

John 5 Acts 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jhn 4:1
 
ś Farizyen yo tande Jezi t'ap fč plis patizan pase Jan, li t'ap batize plis moun pase l' tou.  
 
Jhn 4:2
 
(Men, pou di vre, Jezi pa t' janm batize pesonn. Se disip li yo ki t'ap batize.)  
 
Jhn 4:3
 
Lč Jezi vin konn sa, li kite peyi Jide, li tounen nan peyi Galile.  
 
Jhn 4:4
 
ś Sou wout la, fňk li te pase nan mitan peyi Samari.  
 
Jhn 4:5
 
Li rive nan yon bouk Samari yo rele Sika, toupre moso tč Jakňb te bay Jozčf, pitit gason l' lan.  
 
Jhn 4:6
 
Se la pi Jakňb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l' anpil. Li chita sou rebň pi a. Li te bň midi konsa.  
 
Jhn 4:7
 
Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l' konsa: Tanpri, ban m' ti gout dlo pou m' bwč.  
 
Jhn 4:8
 
(Disip li yo te ale lavil la achte manje.)  
 
Jhn 4:9
 
Fanm Samari a di Jezi konsa: Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fč mande m' dlo pou ou bwč, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pa t' gen rapň ak moun Samari.)  
 
Jhn 4:10
 
Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwč a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwč. Lč sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a.  
 
Jhn 4:11
 
Fanm lan di li: Msye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bň pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a?  
 
Jhn 4:12
 
Se Jakňb, zansčt nou, ki te ban nou pi sa a. Li te bwč ladan li. Tout pitit li yo ansanm ak tout bčt li yo, se la yo te bwč tou. Koulye a, ou prčt pou di m' ou pi gran pase Jakňb?  
 
Jhn 4:13
 
Jezi reponn li: Tout moun ki bwč dlo sa a gen pou l' swaf dlo ankň.  
 
Jhn 4:14
 
Men, moun ki va bwč nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankň. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an.  
 
Jhn 4:15
 
Fanm lan di l': Tanpri, msye, ban m' ti gout nan dlo sa a non pou m' bwč, konsa mwen p'ap janm anvi bwč dlo ankň, mwen p'ap bezwen tounen isit la vin tire dlo.  
 
Jhn 4:16
 
Jezi di l' konsa: Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la.  
 
Jhn 4:17
 
Fanmi lan reponn: Mwen pa gen mari. Jezi di l' konsa: Ou gen rezon di ou pa gen mari.  
 
Jhn 4:18
 
Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avč ou koulye a, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m' manti.  
 
Jhn 4:19
 
Lč sa a, fanm lan di l': Gen lč ou se yon pwofčt, msye?  
 
Jhn 4:20
 
Zansčt nou yo nan peyi Samari te sčvi Bondye sou mňn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sčl kote pou moun sčvi Bondye, se lavil Jerizalčm.  
 
Jhn 4:21
 
Jezi reponn li: Madanm, ou mčt kwč mwen. Lč a pral rive, se pa ni sou mňn sa a, ni lavil Jerizalčm pou n' sčvi Papa a.  
 
Jhn 4:22
 
Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sčvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sčvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti.  
 
Jhn 4:23
 
Men, lč a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sčvi tout bon yo pral sčvi Papa a nan kč yo jan sa dwe fčt. Se moun konsa Bondye vle pou sčvi li.  
 
Jhn 4:24
 
Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sčvi l', se pou yo sčvi l' nan lespri yo jan sa dwe fčt la.  
 
Jhn 4:25
 
Fanm lan di li: Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, gen pou l' vini tou. Lč la vini, la esplike nou tout bagay sa yo.  
 
Jhn 4:26
 
Jezi reponn li: Mwen menm k'ap pale avč ou la a, mwen se Kris la.  
 
Jhn 4:27
 
ś Lč sa a, disip Jezi yo vin rive. Yo te sezi wč l' ap pale ak yon fanm. Men, yo yonn pa mande l': Kisa ou gen avčk li? Osinon: Poukisa w'ap pale avč li?  
 
Jhn 4:28
 
Fanm lan menm kite krich dlo a la, li tounen li al lavil la. Li di moun yo:  
 
Jhn 4:29
 
Vini wč yon nonm ki di m' tou sa m' fč. Eske nou pa kwč se Kris la?  
 
Jhn 4:30
 
Moun yo soti lavil la, yo vin jwenn Jezi.  
 
Jhn 4:31
 
Disip yo menm, bň pa yo, t'ap mande Jezi pou l' manje. Yo t'ap di l': Tanpri, Mčt, manje kichňy non!  
 
Jhn 4:32
 
Men, li reponn yo: Mwen gen pou m' manje yon manje nou pa konnen.  
 
Jhn 4:33
 
Lč sa a, disip yo yonn pran mande lňt: Gen lč yon moun pote manje ba li.  
 
Jhn 4:34
 
Jezi di yo: Manje pa m', se fč volonte moun ki voye m' lan; se pou m' fin fč travay li ban m' fč a.  
 
Jhn 4:35
 
Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankň nou pral fč rekňt. Mwen menm, mwen di nou: Gade jaden yo byen. Grenn yo fin mi, yo tou bon pou ranmase.  
 
Jhn 4:36
 
Yo gen tan peye moun k'ap ranmase rekňt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan; moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avčk li.  
 
Jhn 4:37
 
Sa pawňl la di a, se vre wi: Moun ki simen an, se pa li ki ranmase.  
 
Jhn 4:38
 
Mwen voye nou ranmase nan yon jaden nou pa t' travay. Se lňt moun ki te travay li. Men, se nou menm k'ap pwofite travay yo.  
 
Jhn 4:39
 
Anpil moun Samari ki te rete nan Sika te kwč nan Jezi poutčt sa madanm lan te di yo: Li di m' tou sa m' fč.  
 
Jhn 4:40
 
Se konsa, lč yo rive bň kote li, yo mande l' pou l' rete avčk yo. Jezi pase de jou nan lavil la.  
 
Jhn 4:41
 
Te gen anpil lňt moun ankň ki te kwč nan li, poutčt sa Jezi menm t'ap di yo.  
 
Jhn 4:42
 
Yo di fanm lan konsa: Koulye a nou kwč, se pa sčlman poutčt sa ou rakonte nou an, men tou paske nou tande l' nou menm ak de zňrčy nou. Nou konnen se li menm vre ki vin delivre moun sou latč.  
 
Jhn 4:43
 
ś Lč Jezi fin pase de jou sa yo la, li pati, li ale nan peyi Galile.  
 
Jhn 4:44
 
Paske, se Jezi menm ki te di: Yo pa janm respekte yon pwofčt nan peyi kote l' soti.  
 
Jhn 4:45
 
Lč li rive nan Galile, moun Galile yo te byen resevwa l', paske yo menm tou yo te al lavil Jerizalčm pou fčt Delivrans lan, yo te wč tou sa li te fč lč sa a.  
 
Jhn 4:46
 
Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fč dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonč leta ki te gen yon pitit gason l' ki te malad nan yon lňt lavil yo rele Kapčnawňm.  
 
Jhn 4:47
 
Lč li vin konnen Jezi te soti peyi Jide vin nan peyi Galile, li al jwenn li, li mande l' pou li al Kapčnawňm geri pitit li a ki te prčt pou mouri.  
 
Jhn 4:48
 
Jezi di l' konsa: Si nou pa wč mirak ak bčl bagay, nou p'ap janm kwč.  
 
Jhn 4:49
 
Fonksyonč a reponn li: Mčt, vin avč m' non, anvan pitit mwen an gen tan mouri.  
 
Jhn 4:50
 
Jezi di li: Ou mčt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwč sa Jezi te di l' la, li ale.  
 
Jhn 4:51
 
Li te sou wout lakay li toujou lč domestik li yo vin jwenn li avčk nouvčl sa a: Pitit ou a pa mouri.  
 
Jhn 4:52
 
Li mande yo: Kilč ti gason an refč? Yo reponn li: Yč apremidi, bň enč konsa, lafyčb la tonbe.  
 
Jhn 4:53
 
Papa a vin rekončt se te lč sa a menm Jezi te di l': Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwč nan Jezi.  
 
Jhn 4:54
 
Sa te fč dezyčm mirak Jezi te fč lč l' tounen soti Jide vini nan peyi Galile.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Luke 1John 31 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 John 5Acts 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards