| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Jhn 20:1 | ś Nan dimanch maten, byen bonč, li pa t' ankň fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wč yo te wete wňch ki te fčmen bouch kavo a.
| |
| | Jhn 20:2 | Li kouri, li al jwenn Simon Pyč ansanm ak lňt disip Jezi te renmen an, li di yo: Yo wete Seyč a kote l' te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li.
| |
| | Jhn 20:3 | Pyč pati ansanm ak lňt disip la, y' al nan kavo a.
| |
| | Jhn 20:4 | Yo t'ap kouri ansanm, men lňt disip la t'ap kouri pi vit pase Pyč. Li rive bň kavo a anvan li.
| |
| | Jhn 20:5 | Li bese pou l' gade anndan an. Li wč bann twal fin yo te fč yon pil atč a. Men, li pa antre.
| |
| | Jhn 20:6 | Lč Simon Pyč rive dčyč l', li antre nan kavo a. Li wč bann twal fin yo anpile atč a
| |
| | Jhn 20:7 | ansanm ak moso twal ki te mare tčt Jezi a. Men, moso twal sa a pa t' menm kote ak bann twal fin yo. Li te vlope apa yon lňt kote.
| |
| | Jhn 20:8 | Se lč sa a, lňt disip ki te rive bň kavo a anvan an antre tou. Li wč, li kwč.
| |
| | Jhn 20:9 | (Disip yo pa t' ankň konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l' te leve soti vivan pami mň yo.)
| |
| | Jhn 20:10 | Apre sa, tou de disip yo tounen lakay yo.
| |
| | Jhn 20:11 | ś Mari menm te rete deyň toupre kavo a. Li t'ap kriye. Antan l' t'ap kriye konsa, li bese tčt li pou l' gade anndan kavo a.
| |
| | Jhn 20:12 | Li wč de zanj Bondye abiye tout an blan, chita kote yo te mete kň Jezi a, yonn nan plas tčt la, lňt la nan plas pye yo.
| |
| | Jhn 20:13 | Zanj yo mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Li reponn yo: Yo wete Seyč mwen an, m' pa konn kote yo mete li.
| |
| | Jhn 20:14 | Lč l' fin di sa, li vire tčt li, li wč Jezi ki te kanpe la, men li pa t' rekončt si se te Jezi.
| |
| | Jhn 20:15 | Jezi mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Ki moun w'ap chache? Mari menm te kwč se te mčt jaden an. Se poutčt sa li di li: Mčt, si se ou menm ki wete l', di m' ki bň ou mete li. M'a v al pran li.
| |
| | Jhn 20:16 | Jezi di li: Mari! Mari vire bň kot Jezi, li di l' an lang ebre: Rabouni (sa vle di: Mčt).
| |
| | Jhn 20:17 | Jezi di li: Pa manyen m'! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Men, ale jwenn frč m' yo, di yo m'ap moute bň kot Papa m' ki papa nou tou, m'ap moute bň kot Bondye m' ki Bondye nou tou.
| |
| | Jhn 20:18 | Se konsa Mari, moun Magdala a, al di disip yo: Mwen wč Seyč a. Epi li rakonte yo sa Jezi te di li.
| |
| | Jhn 20:19 | ś Menm jou dimanch sa a, nan aswč, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fčmen pňt yo akle paske yo te pč jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout!
| |
| | Jhn 20:20 | Apre li fin di yo sa, li moutre yo de pla men l' ak bň kňt li. Disip yo pa t' manke kontan lč yo wč Seyč a.
| |
| | Jhn 20:21 | Jezi di yo ankň: benediksyon Bondye sou nou tout! Menm jan Papa a te voye m' lan, se konsa m'ap voye nou tou.
| |
| | Jhn 20:22 | Apre pawňl sa yo, li soufle sou yo, li di yo: Resevwa Sentespri.
| |
| | Jhn 20:23 | Moun n'a padone peche yo, y'a resevwa padon vre. Moun n'a refize padone, yo p'ap resevwa padon.
| |
| | Jhn 20:24 | Men, twouve Toma, yonn nan douz disip yo ki te rele Jimo, pa t' la avčk yo lč Jezi te vini an.
| |
| | Jhn 20:25 | Lňt disip yo di li: Nou wč Seyč a. Men, Toma reponn yo: Si m' pa wč mak klou yo nan pla men l', si m' pa mete dwčt mwen nan plas kote klou yo te ye a, si m' pa mete men m' nan bň kňt li, mwen p'ap kwč.
| |
| | Jhn 20:26 | ś Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankň anndan kay la. Fwa sa a Toma te la avčk yo. Tout pňt yo te fčmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di: benediksyon Bondye sou nou tout.
| |
| | Jhn 20:27 | Apre sa li di Toma: Mete dwčt ou isit la. Men. Gade men m' yo. Lonje men ou, mete l' la bň kňt mwen. Wete doutans nan kč ou. Kwč, tande.
| |
| | Jhn 20:28 | Toma reponn li: Seyč mwen, Bondye mwen!
| |
| | Jhn 20:29 | Jezi di li: Koulye a, se paske ou wč m' kifč ou kwč? benediksyon pou tout moun ki va kwč san yo pa wč mwen!
| |
| | Jhn 20:30 | Jezi te fč anpil lňt mirak ankň devan disip li yo, men nou pa rapňte yo nan liv sa a.
| |
| | Jhn 20:31 | Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwč Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lč nou kwč a nou ka gen lavi nan li.
| |