| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Jhn 19:1 | ś Se konsa Pilat bay lňd pran Jezi, bat li byen bat.
| |
| | Jhn 19:2 | Sňlda yo trese yon kouwňn avčk branch pikan, yo mete l' nan tčt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li.
| |
| | Jhn 19:3 | Yo pwoche bň kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.
| |
| | Jhn 19:4 | Pilat soti ankň, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyň pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.
| |
| | Jhn 19:5 | Se konsa, Jezi soti: li te gen kouwňn pikan an nan tčt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: Men nonm lan!
| |
| | Jhn 19:6 | Lč chčf prčt yo ansanm ak gad yo wč l', yo kňmanse rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Pran l', kloure l' sou kwa a nou menm. Mwen pa wč rezon pou m' kondannen l', mwen menm.
| |
| | Jhn 19:7 | Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fč tčt li pase pou Pitit Bondye.
| |
| | Jhn 19:8 | Lč Pilat tande sa, li vin pi pč toujou.
| |
| | Jhn 19:9 | Li antre nan palč a, li mande Jezi: Ki kote ou soti? Men, Jezi pa reponn li.
| |
| | Jhn 19:10 | Lč sa a, Pilat di li: Ou p'ap pale avč mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m' lage ou, mwen gen pouvwa pou m' fč yo kloure ou sou yon kwa?
| |
| | Jhn 19:11 | Jezi reponn li: Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pa t' Bondye nan syčl la ki te ba ou li. Se poutčt sa, moun ki lage m' nan men ou lan, li pi koupab pase ou.
| |
| | Jhn 19:12 | Depi lč sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l' lage Jezi. Men, jwif yo kňmanse rele: Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fč tčt li pase pou wa, se lčnmi Seza li ye.
| |
| | Jhn 19:13 | Lč Pilat tande koze sa a, li fč yo mennen Jezi deyň, li chita sou gwo chčz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l': Gabata).
| |
| | Jhn 19:14 | Se te lavčy fčt Delivrans jwif yo, vč midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an.
| |
| | Jhn 19:15 | Men, yo kňmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chčf pret yo reponn li: Nou pa gen lňt wa pase Seza.
| |
| | Jhn 19:16 | ś Lč sa a, Pilat renmčt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale.
| |
| | Jhn 19:17 | Jezi soti deyň lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tčt la (An lang ebre, yo rele l': Gňlgota).
| |
| | Jhn 19:18 | Rive la, sňlda yo kloure l' sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lňt moun sou kwa tou, yonn chak bň, Jezi menm nan mitan yo.
| |
| | Jhn 19:19 | ś Pilat te bay lňd pou yo te fč yon pankat pou mete sou tčt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarčt la, wa jwif yo.
| |
| | Jhn 19:20 | Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grčk.
| |
| | Jhn 19:21 | Lč sa a, chčf prčt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye.
| |
| | Jhn 19:22 | Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nčt.
| |
| | Jhn 19:23 | Lč sňlda yo fin kloure Jezi sou kou a, yo pran rad li yo, yo fč kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sňlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fčt ak yon sčl pyčs depi anwo jouk anba a.
| |
| | Jhn 19:24 | Sňlda yo yonn di lňt: Nou p'ap chire rad sa a non. Ann tire osň pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa, pawňl ki te ekri nan Liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo tire osň pou rad mwen an. Se sa menm sňlda yo te fč.
| |
| | Jhn 19:25 | Bň kwa Jezi a te gen manman l' ak sč manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avčk Mari, moun lavil Magdala a.
| |
| | Jhn 19:26 | Jezi wč manman l' ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l' konsa: Madanm, men pitit ou.
| |
| | Jhn 19:27 | Li di disip la: Men manman ou. Depi lč sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.
| |
| | Jhn 19:28 | Jezi te konnen lč sa a tout bagay ki pou te fčt te fin fčt. Pou fč sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf.
| |
| | Jhn 19:29 | Te gen yon veso plen venčg bň la. Sňlda yo tranpe yon eponj nan venčg la, yo mare l' nan pwent yon branch bwa yo rele izňp, yo pwoche l', yo mete l' bň bouch Jezi.
| |
| | Jhn 19:30 | Lč Jezi fin pran venčg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tčt li, li mouri.
| |
| | Jhn 19:31 | ś Se te lavčy jou repo a. Jwif yo pa t' vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fčt. Yo mande Pilat pou fč kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lčfini pou l' te fč wete kadav yo.
| |
| | Jhn 19:32 | Se lč sa a, sňlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lč ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyčm lan tou.
| |
| | Jhn 19:33 | Men, lč yo rive sou Jezi, yo wč li te gen tan mouri. Se sak fč yo pa t' kraze janm li yo.
| |
| | Jhn 19:34 | Men, yonn nan sňlda yo pčse bň kňt li avčk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a.
| |
| | Jhn 19:35 | Moun k'ap rapňte bagay sa yo te wč yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwč.
| |
| | Jhn 19:36 | Tou sa pase konsa pou pawňl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sčl zo nan kň li.
| |
| | Jhn 19:37 | Gen yon lňt pawňl yo te ekri ankň ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wč moun yo te pčse a.
| |
| | Jhn 19:38 | ś Apre sa, Jozčf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pčmisyon pou li te pran kň Jezi. (Jozčf sa a te yon disip Jezi, men an kachčt, paske li te pč jwif yo.) Pilat ba l' pčmisyon an. Se konsa, Jozčf vini, li pran kň Jezi, li pote l' ale.
| |
| | Jhn 19:39 | Nikodčm, nonm ki ta l' jwenn Jezi yon lč nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant lit konsa yon odč yo rele lami melanje ak lalwa nan lwil.
| |
| | Jhn 19:40 | Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l' nan bann twal fin yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fč lč y'ap antere moun.
| |
| | Jhn 19:41 | Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nčf. Yo pa t' ankň mete pesonn ladan li.
| |
| | Jhn 19:42 | Se te lavčy jou repo jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sak fč, se la yo te mete kň Jezi a.
| |