All NT OTBook
Compare Texts
Luke 1 John 17

John 18:1-40

John 19 Acts 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jhn 18:1
 
ś Lč Jezi fin pale konsa, li pati avčk disip li yo, li al lňt bň ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avčk disip li yo.  
 
Jhn 18:2
 
Jida, nonm ki te gen pou trayi l' la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo.  
 
Jhn 18:3
 
Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sňlda ansanm ak kčk gad avč li. Se chčf prčt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avč li. Yo tout te gen zam, yo t'ap pote fannal ak gwo chandčl tou limen.  
 
Jhn 18:4
 
Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l' la, mache sou yo, li mande yo: Ki moun n'ap chache?  
 
Jhn 18:5
 
Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarčt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avčk yo.  
 
Jhn 18:6
 
Lč Jezi di yo: Se mwen, yo renka kň yo dčyč, yo tonbe atč.  
 
Jhn 18:7
 
Lč sa a, Jezi mande yo ankň: Ki moun n'ap chache? Yo di l': Jezi, nonm Nazarčt la.  
 
Jhn 18:8
 
Jezi reponn yo: Mwen pa deja di nou se mwen menm. Si se mwen n'ap chache, kite lňt mesye sa yo al fč wout yo.  
 
Jhn 18:9
 
Se konsa pawňl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pčdi.  
 
Jhn 18:10
 
Simon Pyč te gen yon nepe sou li, li rale l', li frape domestik granprčt la, li sote zňrčy dwat li. (Yo te rele domestik la Malkis.)  
 
Jhn 18:11
 
Men, Jezi di Pyč konsa: Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m' bwč gode soufrans Papa a ban m' bwč a?  
 
Jhn 18:12
 
Kolonn sňlda yo, kňmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li.  
 
Jhn 18:13
 
ś Premye kote yo mennen l', se kay An. An te bňpč Kayif ki te granprčt pou lanne a.  
 
Jhn 18:14
 
Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsčy sa a: Li pi bon pou nou si yon sčl moun mouri pou tout pčp la!  
 
Jhn 18:15
 
Simon Pyč te swiv Jezi ansanm ak yon lňt disip. Disip sa a te yon konesans granprčt la. Se konsa li te antre anmenmtan ak Jezi nan lakou granprčt la.  
 
Jhn 18:16
 
Pyč menm te rete deyň, bň pňt la. Lč sa a, lňt disip la, ki te yon konesans granprčt la, soti deyň, li pale ak fanm ki t'ap veye pňt la, li fč Pyč antre.  
 
Jhn 18:17
 
Sčvant ki t'ap veye pňt la di Pyč konsa: Ou menm tou, ou se yonn nan disip nonm sa a. Pyč reponn li: Non. Mwen pa disip nonm sa a.  
 
Jhn 18:18
 
Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bň dife a, yo t'ap chofe kň yo paske te fč frčt. Pyč te kanpe la avčk yo, li t'ap chofe kň l' tou.  
 
Jhn 18:19
 
Granprčt la poze Jezi keksyon sou disip li yo ak sou sa l' t'ap moutre yo.  
 
Jhn 18:20
 
Jezi reponn li: Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagňg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m' te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachčt.  
 
Jhn 18:21
 
Poukisa w'ap keksyonnen m' konsa? Mande moun ki te tande m' yo sa m' te di yo. Yo menm yo konnen sa m' te di.  
 
Jhn 18:22
 
Antan Jezi t'ap di pawňl sa yo, yon gad ki te kanpe la bň kote l' ba l' yon souflčt. Li di li: Se konsa w'ap reponn granprčt la?  
 
Jhn 18:23
 
Jezi reponn li: Si m' pale mal, moutre moun yo sa m' di ki mal la a. Men, si m' pale byen, poukisa ou frape mwen?  
 
Jhn 18:24
 
Apre sa, An voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprčt la.  
 
Jhn 18:25
 
Pandan tout tan sa a, Simon Pyč te kanpe la ap chofe dife. Yo di li: Ou menm tou, ou se yon disip nonm sa a. Men, Pyč demanti sa, li di: Non. Mwen pa disip nonm sa a.  
 
Jhn 18:26
 
Yonn nan domestik granprčt la ki te fanmi nonm Pyč te koupe zňrčy la, di konsa: Eske mwen pa t' wč ou nan jaden an avč li?  
 
Jhn 18:27
 
Pyč di ankň se pa vre. Lamenm yon kňk chante.  
 
Jhn 18:28
 
ś Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palč Gouvčnč a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palč a. Yo pa t' vle mete tčt yo nan kondisyon pou yo pa ka fč sčvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan.  
 
Jhn 18:29
 
Se poutčt sa, Pilat, gouvčnč a, te blije soti vin jwenn yo deyň a. Li mande yo: Kisa nou di nonm sa a fč?  
 
Jhn 18:30
 
Yo reponn li: Si nonm sa a pa t' yon malfektč, nou pa ta mennen l' ba ou.  
 
Jhn 18:31
 
Pilat di yo: Poukisa nou pa pran l' nou menm, pou nou jije l' dapre lalwa nou? Jwif yo reponn li: Nou pa gen dwa touye pesonn.  
 
Jhn 18:32
 
Se konsa pawňl Jezi te di lč l' t'ap fč konnen jan l' tapral mouri a, tapral rive vre.  
 
Jhn 18:33
 
Lč sa a, Pilat antre nan palč a, li rele Jezi, li mande li: Eske se wa jwif yo ou ye?  
 
Jhn 18:34
 
Jezi reponn li: Eske ou di sa paske ou fč lide sa a ou menm, osinon čske se lňt moun ki di ou sa?  
 
Jhn 18:35
 
Pilat reponn li: Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwňp moun peyi ou ansanm ak chčf prčt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fč?  
 
Jhn 18:36
 
Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latč. Si gouvčnman peyi kote m' wa a te tankou gouvčnman peyi ki sou latč, sčvitč m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latč.  
 
Jhn 18:37
 
Lč sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fčt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latč. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.  
 
Jhn 18:38
 
Pilat reponn li: Laverite? Kisa l' ye? Lč l' fin di sa, Pilat soti ankň, li al jwenn jwif yo. Li di yo: Mwen pa wč rezon pou m' kondannen nonm sa a.  
 
Jhn 18:39
 
Dapre koutim nou genyen, mwen toujou lage yon prizonye pou fčt Delivrans lan ban nou. Eske nou ta vle m' lage wa jwif yo ban nou?  
 
Jhn 18:40
 
Lč sa a, yo tout pran rele: Non. Nou pa vle li. Se Barabas nou vle! Barabas sa a te yon bandi.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Luke 1John 171 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 John 19Acts 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards