All NT OTBook
Compare Texts
Luke 1 John 16

John 17:1-26

John 18 Acts 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jhn 17:1
 
ś Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l' anlč nan syčl la, li di: O Papa, lč a rive. Fč yo wč bčl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fč yo wč bčl pouvwa ou la tou.  
 
Jhn 17:2
 
Ou te ba l' otorite sou tout moun pou l' te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p'ap janm fini an.  
 
Jhn 17:3
 
Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sčl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri.  
 
Jhn 17:4
 
Mwen te fč yo wč bčl pouvwa ou sou tč sa a. Mwen fč tou sa ou te ban m' fč.  
 
Jhn 17:5
 
Koulye a, Papa, ban mwen bčl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lč m' te avč ou la depi anvan ou te kreye tout bagay.  
 
Jhn 17:6
 
ś Moun ou te mete apa nan lemonn pou mwen yo, mwen fč yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawňl ou.  
 
Jhn 17:7
 
Koulye a, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo soti.  
 
Jhn 17:8
 
Paske mwen ba yo pawňl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekončt mwen soti tout bon bň kote ou, yo kwč se ou ki voye m' vre.  
 
Jhn 17:9
 
M'ap lapriyč pou yo. Mwen p'ap lapriyč pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye.  
 
Jhn 17:10
 
Tou sa m' genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parčt aklč nan yo.  
 
Jhn 17:11
 
ś Mwen pa nan lemonn lan ankň. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fč yon sčl menm jan ou fč yon sčl avčk mwen.  
 
Jhn 17:12
 
Pandan m' te la avčk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pa t' pčdi, esepte nonm ki pou te pčdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre.  
 
Jhn 17:13
 
Koulye a, m'ap vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m' sou latč a, pou jan kč m' kontan an se konsa pou kč yo ka kontan tou nčt ale.  
 
Jhn 17:14
 
Mwen te ba yo pawňl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn.  
 
Jhn 17:15
 
Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan.  
 
Jhn 17:16
 
Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn.  
 
Jhn 17:17
 
ś Fč yo viv pou ou nčt gremesi verite a. Pawňl ou se verite a.  
 
Jhn 17:18
 
Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m' nan lemonn lan.  
 
Jhn 17:19
 
Se pou yo m'ap viv jan ou vle l' la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l' la, gremesi verite a.  
 
Jhn 17:20
 
ś Se pa pou yo sčlman m'ap lapriyč, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lč y'a tande mesaj la.  
 
Jhn 17:21
 
M'ap lapriyč pou yo tout fč yon sčl. Papa, se pou yo tout fč yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fč yon sčl pou moun ki nan lemonn yo ka kwč se ou ki te voye mwen.  
 
Jhn 17:22
 
Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fč yonn menm jan ou fč yon sčl avč m' tou:  
 
Jhn 17:23
 
mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fč yon sčl nčt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekončt se ou ki te voye m', pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m' lan.  
 
Jhn 17:24
 
ś Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avč m' kote m' prale a, pou yo ka wč pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay.  
 
Jhn 17:25
 
O Papa, ou menm ki fč tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen.  
 
Jhn 17:26
 
Mwen te fč yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fč sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Luke 1John 161 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 John 18Acts 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards