All NT OTBook
Compare Texts
Luke 1 John 15

John 16:1-33

John 17 Acts 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jhn 16:1
 
ś Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje lč sa rive.  
 
Jhn 16:2
 
Y'a mete nou deyň nan sinagňg yo. Yon lč, moun k'ap touye nou yo va met nan tčt yo se sčvis y'ap rann Bondye lč yo fč sa.  
 
Jhn 16:3
 
Y'ap fč tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm.  
 
Jhn 16:4
 
Men, mwen di nou sa, se pou lč lč a va rive pou yo fč nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa. Mwen pa t' di nou tou sa anvan, paske mwen te la avčk nou.  
 
Jhn 16:5
 
Men koulye a, mwen pral jwenn moun ki te voye m' lan, epi nou yonn pa mande m' kote m' prale?  
 
Jhn 16:6
 
Men, paske mwen pale konsa ak nou, kč nou kase.  
 
Jhn 16:7
 
ś Men, m'ap di nou laverite: li pi bon pou nou si m' ale. Paske, si m' pa ale, moun ki gen pou vin ankouraje nou an p'ap vin jwenn nou. Men, lč m' ale, m'a voye l' ban nou.  
 
Jhn 16:8
 
Li menm, lč la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerč sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye.  
 
Jhn 16:9
 
Yo nan lerč sou keksyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen.  
 
Jhn 16:10
 
Yo nan lerč sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wč m' ankň.  
 
Jhn 16:11
 
Yo nan lerč sou keksyon jijman Bondye a, paske chčf k'ap dominen lemonn lan fin jije deja.  
 
Jhn 16:12
 
Mwen gen anpil lňt bagay ankň pou m' di nou, men nou pa ka konprann yo koulye a.  
 
Jhn 16:13
 
Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lč la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawňl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fč nou konnen bagay ki gen pou rive.  
 
Jhn 16:14
 
Li pral fč yo wč pouvwa mwen, paske la pran sa ki pou mwen pou l' fč nou konnen yo.  
 
Jhn 16:15
 
Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutčt sa mwen di nou la pran sa ki pou mwen pou l' fč nou konnen yo.  
 
Jhn 16:16
 
ś Talč konsa nou p'ap wč m'; talč konsa n'a wč m' ankň.  
 
Jhn 16:17
 
Kčk disip li yo pran pale, yonn t'ap di lňt: Sa sa vle di sa l'ap di nou la a: Talč konsa nou p'ap wč m', talč konsa n'a wč m' ankň? Sa l' vle di la a: Paske mwen pral jwenn Papa a?  
 
Jhn 16:18
 
Kisa sa vle di menm: Talč konsa? Nou pa konprann sa l' vle di.  
 
Jhn 16:19
 
Jezi menm te konnen yo te vle poze l' keksyon. Li di yo: Mwen di nou: Talč konsa nou p'ap wč m', talč konsa tou n'a wč m' ankň. Eske se sou sa nou yonn ap poze lňt keksyon an?  
 
Jhn 16:20
 
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kč kontan.  
 
Jhn 16:21
 
Lč yon fanm gen tranche, kč l' sere, paske lč a rive pou l' soufri. Men, lč pitit la fin fčt, li bliye tout soufrans li yo tčlman li kontan dapre yon lňt timoun vin sou latč.  
 
Jhn 16:22
 
Konsa tou, koulye a nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m' wč nou ankň. Lč sa a, kč nou pral kontan, pesonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kč nou.  
 
Jhn 16:23
 
ś Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpňt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li.  
 
Jhn 16:24
 
Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nčt ale.  
 
Jhn 16:25
 
Mwen di nou tou sa an parabňl. Yon lč, mwen p'ap bezwen pale an parabňl ak nou ankň, men m'ap pale nou kareman sou Papa a.  
 
Jhn 16:26
 
Jou sa a, n'a mande Papa a sa nou vle nan non mwen, mwen pa di m'ap lapriyč Papa a pou nou,  
 
Jhn 16:27
 
paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m', paske nou kwč mwen soti nan Papa a.  
 
Jhn 16:28
 
ś Mwen soti nan Papa a, mwen vin sou latč. Koulye a, m'ap wete kň m' sou latč a, mwen pral jwenn Papa a.  
 
Jhn 16:29
 
Disip yo di li: Se koulye a w'ap pale kare. Ou pa pale an parabňl.  
 
Jhn 16:30
 
Koulye a nou konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pesonn mande ou anyen. Se poutčt sa nou kwč ou soti nan Bondye.  
 
Jhn 16:31
 
Jezi reponn yo: Nou sčten nou kwč koulye a?  
 
Jhn 16:32
 
Gade, lč a ap rive, li rive deja, kote nou pral gaye, chak moun pral kouri bň pa yo: nou pral kite m' pou kont mwen. Men, mwen pa pou kont mwen, paske Papa a la avčk mwen.  
 
Jhn 16:33
 
Mwen pale konsa pou nou kapab gen kč poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latč. Men, pran kouraj, lemonn deja pčdi devan mwen.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Luke 1John 151 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 John 17Acts 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards