All NT OTBook
Compare Texts
Luke 1 John 14

John 15:1-27

John 16 Acts 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jhn 15:1
 
ś Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m' se moun k'ap okipe pye rezen an.  
 
Jhn 15:2
 
Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou.  
 
Jhn 15:3
 
Nou menm, avčk tou sa m' moutre nou yo, nou deja nan kondisyon pou n' fč volonte Bondye.  
 
Jhn 15:4
 
Se pou n' fč yonn ak mwen, menm jan mwen fč yonn ak nou. Yon branch pa ka donnen pou kont li si l' pa fč yonn ak pye rezen an. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fč yonn ak mwen.  
 
Jhn 15:5
 
Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fč yonn avč m', moun mwen fč yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fč anyen san mwen.  
 
Jhn 15:6
 
Moun ki pa fč yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lč branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo.  
 
Jhn 15:7
 
Si nou fč yonn ak mwen, si nou kenbe pawňl mwen yo nan kč nou, nou mčt mande sa nou vle, y'a ban nou li.  
 
Jhn 15:8
 
Men ki jan pouvwa Papa m' lan va parčt aklč: se lč nou donnen anpil, lč nou fč wč se disip mwen nou ye.  
 
Jhn 15:9
 
ś Jan Papa a renmen m' lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an.  
 
Jhn 15:10
 
Si nou fč tou sa mwen ban nou lňd fč a, n'a renmen m' tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fč tou sa Papa a te ban m' lňd fč a, mwen renmen l' menm jan li renmen m' tou.  
 
Jhn 15:11
 
Mwen di nou tou sa pou kč kontan m' lan ka nan nou, pou nou ka kontan nčt ale.  
 
Jhn 15:12
 
Men kňmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lňt menm jan mwen renmen nou.  
 
Jhn 15:13
 
Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lč ou bay lavi ou pou yo.  
 
Jhn 15:14
 
Nou tout, se zanmi m' nou ye depi nou fč sa m' mande nou fč.  
 
Jhn 15:15
 
Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mčt li ap fč. M'ap rele nou zanmi paske mwen fč nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen.  
 
Jhn 15:16
 
Se pa nou ki chwazi m', se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n' ale, pou n' ka donnen, pou donn nou ka konsčve. Konsa, Papa a va ban nou nenpňt kisa n'a mande nan non mwen.  
 
Jhn 15:17
 
Wi, men sa m' mande nou: Se pou nou yonn renmen lňt.  
 
Jhn 15:18
 
ś Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m' anvan yo te rayi nou.  
 
Jhn 15:19
 
Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutčt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankň.  
 
Jhn 15:20
 
Chonje sa m' te di nou: Yon domestik pa janm pi grannčg pase mčt li. Si yo pčsekite m', y'a pčsekite nou tou. Si yo fč sa m' te moutre yo, y'a fč sa n'a moutre yo tou.  
 
Jhn 15:21
 
Men, y'ap fč nou tou sa poutčt mwen, paske yo pa konnen moun ki te voye m' lan.  
 
Jhn 15:22
 
Si m' pa t' vini, si m' pa t' pale avč yo, yo pa ta antň, yo pa ta fč peche. Men, koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.  
 
Jhn 15:23
 
Moun ki rayi m', li rayi Papa m' tou.  
 
Jhn 15:24
 
Si m' pa t' fč bagay okenn lňt moun pa t' janm fč nan mitan yo, yo pa ta antň, yo pa ta fč peche. Men, koulye a yo wč sa m' fč, yo rayi ni mwen ni Papa mwen.  
 
Jhn 15:25
 
Men, yo fč tou sa pou pawňl ki ekri nan Lalwa yo a te ka rive vre: Yo rayi m' san m' pa fč yo anyen.  
 
Jhn 15:26
 
ś Moun ki gen pou ankouraje nou an ap vini, se Lespri k'ap moutre nou verite a, se nan Bondye li soti. Papa a ap ban mwen l' pou m' voye ban nou, la pale nou sou mwen.  
 
Jhn 15:27
 
Nou menm tou, n'a pale sou mwen, paske nou te la avč m' depi nan konmansman.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Luke 1John 141 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 John 16Acts 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards