| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Jhn 11:1 | ś Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sč l' la.
| |
| | Jhn 11:2 | (Mari sa a, se te fanm ki te vide odč sou pye Seyč a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frč li.)
| |
| | Jhn 11:3 | De sč yo voye yon moun bň kot Jezi pou di li: Seyč, zanmi ou lan malad.
| |
| | Jhn 11:4 | Lč Jezi tande nouvčl la, li di: Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fč moun wč pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fč wč pouvwa Pitit li a.
| |
| | Jhn 11:5 | Jezi te renmen Mat, Mari, sč l' la, ansanm ak Laza.
| |
| | Jhn 11:6 | Apre li fin pran nouvčl maladi Laza a, li rete de jou ankň kote l' te ye a.
| |
| | Jhn 11:7 | Apre sa, li di disip li yo: Ann tounen nan Jide.
| |
| | Jhn 11:8 | Disip li yo reponn li: Mčt, pa gen lontan jwif yo t'ap chache touye ou ak kout wňch, epi koulye a ou vle tounen laba a ankň?
| |
| | Jhn 11:9 | Jezi di yo: Gen douzč de tan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite, paske li wč limyč k'ap klere tč a.
| |
| | Jhn 11:10 | Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap kase pye l', paske li pa gen limyč nan li.
| |
| | Jhn 11:11 | Lč Jezi fin di yo sa, li di ankň: Laza, zanmi nou an, ap dňmi. Mwen pral leve li.
| |
| | Jhn 11:12 | Disip yo reponn li: Mčt, si l'ap dňmi, li pral geri.
| |
| | Jhn 11:13 | Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dňmi Laza t'ap dňmi tankou tout moun konn fč.
| |
| | Jhn 11:14 | Lč sa a, Jezi di yo klč: Laza mouri.
| |
| | Jhn 11:15 | Poutčt nou, mwen byen kontan mwen pa t' la. Konsa n'a kwč. Ann al jwenn li.
| |
| | Jhn 11:16 | Lč sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lňt disip yo: Ann ale tou ansanm ak Mčt la pou n' ka mouri ansanm avč li.
| |
| | Jhn 11:17 | ś Lč Jezi rive, li jwenn Laza te gen tan antere depi kat jou.
| |
| | Jhn 11:18 | Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalčm, twa kilomčt konsa, pa plis.
| |
| | Jhn 11:19 | Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmň frč yo a.
| |
| | Jhn 11:20 | Lč Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, li al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la.
| |
| | Jhn 11:21 | Mat di Jezi konsa: Mčt, si ou te la, frč m' lan pa ta mouri non.
| |
| | Jhn 11:22 | Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpňt kisa ou mande li.
| |
| | Jhn 11:23 | Jezi di li: Frč ou la va leve vivan ankň.
| |
| | Jhn 11:24 | Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l' leve vivan ankň nan dčnye jou a, lč tout moun mouri yo va leve.
| |
| | Jhn 11:25 | Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.
| |
| | Jhn 11:26 | Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwč sa?
| |
| | Jhn 11:27 | Mat reponn li: Wi, Seyč, mwen kwč ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latč a.
| |
| | Jhn 11:28 | Lč Mat fin di sa, l' al rele Mari, sč l' la, li di l' nan zňrčy: Mčt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li.
| |
| | Jhn 11:29 | Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi.
| |
| | Jhn 11:30 | (Jezi pa t' ankň antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l' la.)
| |
| | Jhn 11:31 | Jwif yo ki te nan kay la avčk Mari pou konsole l', lč yo wč l' leve soti, yo swiv li. Yo te konprann li tapral kriye bň kavo a.
| |
| | Jhn 11:32 | Lč Mari rive kote Jezi te ye a, wč li wč l', li lage kň l' atč nan pye l', li di l' konsa: Seyč, si ou te la, frč m' lan pa ta mouri.
| |
| | Jhn 11:33 | ś Jezi wč jan li t'ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avč l' yo, sa te fč l' mal anpil, kč l' t'ap fann.
| |
| | Jhn 11:34 | Li mande yo: Ki bň nou antere li? Yo reponn li: Seyč, vin wč non.
| |
| | Jhn 11:35 | Jezi kriye.
| |
| | Jhn 11:36 | Lč sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l' non!
| |
| | Jhn 11:37 | Men, te gen kčk nan yo ki t'ap di: Li menm ki louvri je avčg yo, li pa t' kapab anpeche Laza mouri?
| |
| | Jhn 11:38 | Sa te fč Jezi pi mal ankň. li al bň kavo a. Se te yon gwňt avčk yon wňch yo te mete devan bouch li.
| |
| | Jhn 11:39 | Jezi di yo: Wete wňch la. Mat, sč mň a, di l' konsa: Seyč, li dwe kňmanse santi deja, sa fč kat jou depi l' nan kavo a.
| |
| | Jhn 11:40 | Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwč, wa wč pouvwa Bondye?
| |
| | Jhn 11:41 | Se konsa, yo wete wňch la. Jezi leve je l' anlč nan syčl la, li di: Mčsi, Papa, dčske ou te tande mwen.
| |
| | Jhn 11:42 | Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutčt moun sa yo ki bň kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwč se ou menm ki voye mwen.
| |
| | Jhn 11:43 | Lč l' fin di pawňl sa yo, li rele byen fň: Laza, soti deyň!
| |
| | Jhn 11:44 | Mň a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale.
| |
| | Jhn 11:45 | ś Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wč sa Jezi te fč a, anpil te kwč nan li.
| |
| | Jhn 11:46 | Men, gen ladan yo ki al jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fč.
| |
| | Jhn 11:47 | Farizyen yo menm ansanm ak chčf prčt yo reyini Gran Konsčy la. Yo mande: Kisa n'ap fč? Nonm sa a ap fč anpil mirak.
| |
| | Jhn 11:48 | Si nou pa fč l' sispann, tout moun pral kwč nan li. Talč konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y'a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an.
| |
| | Jhn 11:49 | Te gen yonn ladan yo ki te rele Kayif. Se li menm ki te granprčt pou lanne a. Li di yo: Gen lč nou pa konprann anyen!
| |
| | Jhn 11:50 | Nou pa wč li pi bon pou nou si yon sčl moun mouri pou pčp la. Konsa tout peyi a va sove.
| |
| | Jhn 11:51 | (Kayif pa te di sa konsa non. Men, li te granprčt pou lanne a, konsa li t'ap fč konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a.
| |
| | Jhn 11:52 | Epi, pa sčlman pou jwif yo, men tou pou l' te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sčl kň.)
| |
| | Jhn 11:53 | Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi.
| |
| | Jhn 11:54 | Se poutčt sa tou Jezi te sispann fč ale vini nan mitan jwif yo an piblik. Li mete kň l' yon kote toupre dezč a, nan yon vil yo rele Efrayim. Se la li te rete ak disip li yo.
| |
| | Jhn 11:55 | Fčt Delivrans jwif yo te prčt pou rive. Anpil moun soti toupatou nan peyi a, yo moute Jerizalčm anvan fčt la pou yo te ka fč sčvis pou mete yo nan kondisyon pou yo sčvi Bondye.
| |
| | Jhn 11:56 | Yo t'ap chache Jezi. Antan yo tout te nan tanp lan, yonn t'ap mande lňt: Sa nou di? Ou kwč l'ap vin nan fčt la?
| |
| | Jhn 11:57 | Chčf prčt yo ansanm ak farizyen yo te bay lňd sa a: Si yon moun te konnen kote Jezi te ye, se pou l' fč yo konnen pou yo ka arete li.
| |