All NT OTBook
Compare Texts
Luke 1 Luke 24

John 1:1-51

John 2 Acts 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Jhn 1:1
 
ś Anvan Bondye te kreye anyen, Pawňl la te la. Pawňl la te avčk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawňl la te ye tou.  
 
Jhn 1:2
 
Pawňl la te la avčk Bondye depi nan konmansman.  
 
Jhn 1:3
 
Se ak Pawňl la Bondye fč tout bagay. Nan tou sa ki te fčt, pa t' gen anyen ki te fčt san Pawňl la.  
 
Jhn 1:4
 
Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyč.  
 
Jhn 1:5
 
ś Limyč a klere nan fčnwa a. Men, fčnwa a pa t' resevwa li.  
 
Jhn 1:6
 
Bondye te voye yon nonm ki te rele Jan.  
 
Jhn 1:7
 
Li te vin sčvi temwen pou pale sou limyč a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesaj li a te ka kwč.  
 
Jhn 1:8
 
Se pa li menm ki te limyč a. Li te vin pou sčvi temwen pou pale sou limyč a.  
 
Jhn 1:9
 
Limyč sa a, se li ki limyč tout bon an. Se li menm ki vin sou latč epi k'ap klere tout moun.  
 
Jhn 1:10
 
Pawňl la te nan lemonn. Se ak Pawňl la Bondye te fč tou sa ki nan lemonn; men, moun ki nan lemonn pa t' rekončt li.  
 
Jhn 1:11
 
Li vin nan peyi l'; men tout moun nan peyi l' pa t' resevwa li.  
 
Jhn 1:12
 
Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwč nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye.  
 
Jhn 1:13
 
Yo pa t' vin pitit Bondye jan sa fčt pami lčzňm sou latč, paske sa pa t' soti nan egzijans lachč, ni nan volonte lčzňm. Se Bondye menm ki te papa yo.  
 
Jhn 1:14
 
Pawňl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfňm nčt ak verite a, ak renmen nan tout kč li. Nou wč pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sčl Pitit li a.  
 
Jhn 1:15
 
ś Se li menm Jan Batis t'ap pale a, lč l' te di byen fň: Men moun mwen t'ap pale nou an, lč m' te di nou: L'ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m', paske li te la anvan mwen.  
 
Jhn 1:16
 
Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l' yo. Li ban nou favč sou favč.  
 
Jhn 1:17
 
Bondye fč Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fč nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a.  
 
Jhn 1:18
 
Pesonn pa janm wč Bondye. Men, sčl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k'ap viv kňtakňt ak Papa a, se li menm ki fč moun konnen Bondye.  
 
Jhn 1:19
 
ś Men sa Jan Batis te di lč jwif ki lavil Jerizalčm yo te voye kčk prčt ak kčk moun Levi vin mande l' ki moun li ye.  
 
Jhn 1:20
 
Jan pa t' refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: Se pa mwen ki Kris la.  
 
Jhn 1:21
 
Yo mande li: Ki moun ou ye atň? Ou se Eli? Jan reponn yo: Non, mwen pa Eli. Yo di li: Ou se pwofčt la? Li reponn yo: Non.  
 
Jhn 1:22
 
Lč sa a yo di li: Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n' pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye?  
 
Jhn 1:23
 
Jan reponn: Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezč a: Plani chemen an byen plani pou Mčt la! (Se sa pwofčt Ezayi te di.)  
 
Jhn 1:24
 
Gen nan moun yo te voye bň kot Jan yo ki te soti lakay farizyen yo.  
 
Jhn 1:25
 
Yo mande li: Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofčt la, di nou poukisa w'ap batize moun?  
 
Jhn 1:26
 
Jan reponn yo: Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen.  
 
Jhn 1:27
 
L'ap vin apre m', men mwen pa bon ase pou m' ta demare kňd sapat li.  
 
Jhn 1:28
 
Tout bagay sa yo t'ap pase kote yo rele Betani an, lňt bň larivyč Jouden kote Jan t'ap batize a.  
 
Jhn 1:29
 
ś Nan denmen, Jan wč Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latč.  
 
Jhn 1:30
 
Men moun mwen t'ap pale nou an, lč m' te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m' men ki gen plis pouvwa pase m', paske li te la anvan mwen.  
 
Jhn 1:31
 
Mwen pa t' konnen ki moun sa tapral ye. Men, mwen vin batize nou nan dlo pou moun pčp Izrayčl yo te ka rekončt li.  
 
Jhn 1:32
 
Jan di yo ankň: Mwen wč Lespri Bondye a desann sot nan syčl la tankou yon ti pijon, li rete sou tčt li.  
 
Jhn 1:33
 
Lč sa a, mwen pa t' ankň konnen ki moun li te ye. Men, Bondye ki te voye m' batize nan dlo a, te di m': Wa wč Lespri Bondye a desann. La rete sou tčt yon nonm: Se li menm ki gen pou batize moun nan Sentespri.  
 
Jhn 1:34
 
Jan di yo ankň: Mwen wč sa ak je m', se sa ki fč mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre.  
 
Jhn 1:35
 
Nan denmen, Jan te menm kote a ankň ak de nan patizan li yo.  
 
Jhn 1:36
 
Li wč Jezi ki t'ap pase, li di: Men ti mouton Bondye a.  
 
Jhn 1:37
 
ś De patizan yo tande sa Jan t'ap di a, yo pran swiv Jezi.  
 
Jhn 1:38
 
Jezi vire tčt li gade, li wč yo t'ap swiv li. Li mande yo: Sa n'ap chache? Yo mande li: Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mčt.)  
 
Jhn 1:39
 
Li reponn yo: Vini non, n'a wč. Y' ale vre. Yo wč kote l' te rete a. Yo pase rčs jounen an avč li. (Li te vč katrč konsa nan apremidi.)  
 
Jhn 1:40
 
Andre, frč Simon Pyč a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi.  
 
Jhn 1:41
 
Premye moun Andre rankontre se te Simon, frč li. Li di li konsa: Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la).  
 
Jhn 1:42
 
Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l', li di: Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyč, ki vle di wňch.)  
 
Jhn 1:43
 
ś Nan denmen, Jezi te fč lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: Swiv mwen.  
 
Jhn 1:44
 
(Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyč te rete a.)  
 
Jhn 1:45
 
Apre sa, Filip jwenn Natanayčl. Li di li: Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofčt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarčt, pitit gason Jozčf la.  
 
Jhn 1:46
 
Natanayčl di li: Ki bon bagay ki ka soti Nazarčt? Filip reponn li: Vini non, wa wč.  
 
Jhn 1:47
 
Lč Jezi wč Natanayčl ap vin bň kote l', li di sou li: Men yon moun pčp Izrayčl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li.  
 
Jhn 1:48
 
Natanayčl mande li: Ki jan ou fč konnen mwen? Jezi reponn li: Anvan Filip te rele ou la, mwen te wč ou lč ou te anba pye fig frans lan.  
 
Jhn 1:49
 
Lč sa a, Natanayčl di li: Mčt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pčp Izrayčl la!  
 
Jhn 1:50
 
Jezi reponn li: Paske mwen di ou mwen te wč ou anba fig frans lan, poutčt sa ase ou kwč? Ou gen pou wč bagay pi gwo pase sa.  
 
Jhn 1:51
 
Apre sa, li di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wč syčl la louvri, avčk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachč a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Luke 1Luke 241 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 John 2Acts 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards