All NT OTBook
Compare Texts
Mark 1 Luke 7

Luke 8:1-56

Luke 9 John 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Luk 8:1
 
ś Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap anonse bon nouvčl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avč li.  
 
Luk 8:2
 
Te gen kčk fanm avč l' tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sčt move lespri sou li.  
 
Luk 8:3
 
Te gen Jan, madanm Chouza, yonn nan jeran Ewňd yo. Te gen Sizan ak anpil lňt ankň. Yo tout yo t'ap ede Jezi ansanm ak disip li yo ak sa yo te genyen.  
 
Luk 8:4
 
ś Lč sa a, te gen yon gwo foul moun ki te sanble; moun te soti nan divčs vil vin bň kot Jezi. Li pran rakonte yo parabňl sa a:  
 
Luk 8:5
 
Yon nonm soti pou li ale simen grenn nan jaden li. Pandan l' t'ap simen grenn yo, kčk grenn tonbe bň chemen an: Pye pile yo, zwezo nan syčl vini, yo manje yo.  
 
Luk 8:6
 
Yon pati tonbe nan mitan wňch; grenn yo leve. Men, yo cheche paske yo pa t' jwenn tč fre.  
 
Luk 8:7
 
Yon lňt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pye pikan yo grandi ansanm ak bon ti plant yo, yo toufe yo.  
 
Luk 8:8
 
Men, yon lňt pati ankň tonbe nan bon tč. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san (100) pou yonn. Lč l' fin di sa, li di ankň: Si nou gen zňrčy pou n' tande, tande.  
 
Luk 8:9
 
Disip li yo mande l' kisa parabňl sa a vle di.  
 
Luk 8:10
 
Li reponn yo: Pou nou, yo fč nou konnen tout sekrč peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lňt moun yo, yo ba yo l' an parabňl; konsa yo mčt gade, yo p'ap wč, yo mčt tande, yo p'ap konprann.  
 
Luk 8:11
 
Men sa parabňl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawňl Bondye.  
 
Luk 8:12
 
Gen moun ki sanble ak tč bň chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawňl la nan kč yo pou yo pa kwč, pou yo pa sove.  
 
Luk 8:13
 
Gen lňt moun ki sanble tč ki gen anpil wňch la. Yo tande pawňl la, yo resevwa l' ak kč kontan; men yo pa kite l' pouse rasin, yo pa kwč l' pou lontan. Lč eprčv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye.  
 
Luk 8:14
 
Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawňl la, men lč y al fč wout yo, yo kite traka lavi, richčs ak plezi ki nan lavi toufč l'. Yo donnen men donn yo pa janm rive rčk.  
 
Luk 8:15
 
Grenn ki tonbe nan bon tč a, se moun ki sensč, ki gen bon kč, ki tande pawňl la, yo kenbe l' nan kč yo. Yo toujou rete fčm jouk yo donnen.  
 
Luk 8:16
 
Pesonn pa limen yon lanp pou l' kouvri l' anba yon mamit, osinon pou l' mete l' anba yon kabann. Li mete l' sou yon etajč. Konsa, moun k'ap antre yo kapab wč limyč a.  
 
Luk 8:17
 
Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale, nanpwen sekrč pou moun pa rive konnen, ki p'ap parčt aklč.  
 
Luk 8:18
 
Se poutčt sa, fč atansyon jan n'ap tande pawňl la. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankň. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te kwč li te genyen an.  
 
Luk 8:19
 
Manman Jezi ak frč l' yo te vin kote li. Men, yo pa t' kapab rive pre li akňz foul moun yo.  
 
Luk 8:20
 
Moun yo di l' konsa: Men manman ou ak frč ou yo deyň a. Yo anvi wč ou.  
 
Luk 8:21
 
Men, Jezi di yo tout: Manman m' ak frč m', se moun ki koute pawňl Bondye a epi ki fč sa pawňl la di.  
 
Luk 8:22
 
ś Yon jou, Jezi moute nan yon kannňt ak disip li yo. Li di yo: Ann janbe lňt bň letan an. Lamenm yo pati.  
 
Luk 8:23
 
Pandan yo t'ap navige, dňmi pran Jezi. Yon gwo van vin leve sou letan an, dlo kňmanse plen kannňt la, kifč lavi yo tout te an danje.  
 
Luk 8:24
 
Yo pwoche bň kot Jezi yo souke l', yo di li: Mčt, Mčt, se mouri n'ap mouri wi! Jezi leve, li pale byen fň ak van an ansanm ak lanm lanmč yo: tout bagay vin byen trankil, yon gwo kalmi fčt.  
 
Luk 8:25
 
Epi Jezi di yo: Kote konfyans nou ye? Men, yo te pč, yo te sezi. Yonn t'ap di lňt konsa: Ki moun li ye menm? Li kňmande menm van ak lanmč, yo obeyi li.  
 
Luk 8:26
 
Yo fč tč nan peyi Jerazenyen yo ki lňt bň letan an, vizaviz ak Galile.  
 
Luk 8:27
 
Jezi desann atč. Lamenm yon nonm lavil la vin devan l': nonm lan te gen anpil move lespri sou li. Depi lontan li pa t' janm vle mete rad sou li, ni li pa t' vle rete nan ankenn kay, se nan mitan tonm mň yo li t'ap viv.  
 
Luk 8:28
 
Lč l' wč Jezi, li bay yon gwo rčl, li lage kň l' atč devan Jezi, li pran pale byen fň, li di li konsa: Kisa m' gen avč ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syčl la? Tanpri souple, pa fč m' soufri.  
 
Luk 8:29
 
Li te pale konsa paske Jezi te pase move lespri a lňd pou li soti sou nonm lan. Anpil fwa, lespri a te vin sou li: lč konsa, yo te konn mare tou de men l' ak tou de pye l' ak chenn pou l' pa t' kouri. Men, li te jwenn mwayen pete chenn yo epi move lespri a te mennen l' ale nan dezč.  
 
Luk 8:30
 
Jezi mande li: Ki jan ou rele? Li reponn: Yo rele m' Rejiman. Li di sa paske se anpil move lespri ki te sou nonm lan.  
 
Luk 8:31
 
Lespri yo t'ap mande Jezi: Tanpri souple, pa voye n' ale nan gwo twou san fon an.  
 
Luk 8:32
 
Sou ti mňn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo pran mande Jezi: Tanpri souple, kite nou antre nan kochon sa yo. Jezi ba yo pčmisyon sa a.  
 
Luk 8:33
 
Lč sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm tout bann kochon yo pran degrengole desann bň falčz la, y' al neye tčt yo nan letan an.  
 
Luk 8:34
 
Moun ki t'ap gade kochon yo, lč yo wč sak te rive, yo pran kouri, yo gaye nouvčl la nan lavil la kou andeyň.  
 
Luk 8:35
 
Moun soti pou y' al wč sak te pase. Lč yo rive kote Jezi te ye a, yo jwenn nonm lan: move lespri yo te soti sou li, li te chita nan pye Jezi byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pč.  
 
Luk 8:36
 
Moun ki te asiste bagay la mete rakonte yo ki jan nonm ki te gen move lespri sou li a te geri.  
 
Luk 8:37
 
Lč sa a, tout moun nan peyi Jerazenyen yo mande Jezi pou li al fč wout li kite peyi a, paske yo te pč anpil. Jezi moute nan kannňt la pou l' ale.  
 
Luk 8:38
 
Nonm ki te gen move lespri soti sou li a mande l' pou li ale avčk li tou. Men, Jezi voye l' ale, li di li:  
 
Luk 8:39
 
Tounen lakay ou; al rakonte tou sa Bondye fč pou ou. Nonm lan pati, li mache fč konnen tou sa Jezi te fč pou li nan tout lavil la.  
 
Luk 8:40
 
ś Lč Jezi tounen lňt bň letan an, yon foul moun resevwa l', paske tout moun t'ap tann li.  
 
Luk 8:41
 
Yon nonm yo rele Jayiris vin rive. Se li ki te chčf sinagňg la. Li lage kň l' nan pye Jezi, li mande li: Tanpri souple, ann al lakay.  
 
Luk 8:42
 
Mwen gen yon tifi douzan ki sčl pitit fi m', mwen kite l' prčt pou mouri. Pandan Jezi tapral lakay Jayiris, yon foul moun t'ap kwense l' toupatou.  
 
Luk 8:43
 
Te gen yon fanm nan foul moun yo ki te malad: Depi douzan li t'ap pčdi san. Li te fin depanse tout byen l' kay dňktč, san yo yonn pa t' kapab geri li.  
 
Luk 8:44
 
Li pwoche pa dčyč, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete.  
 
Luk 8:45
 
Jezi mande: Ki moun ki manyen m' lan? Tout moun pran di se pa yo. Lč sa a, Pyč di li: Men, Mčt, se nan mitan yon foul moun ou ye, moun ap kwense ou tout jan.  
 
Luk 8:46
 
Men, Jezi reponn li: Mwen di ou gen yon moun ki manyen m', paske mwen santi yon fňs soti sou mwen.  
 
Luk 8:47
 
Lč sa a, fanm lan wč yo te dekouvri l', li pran tranble kou yon fčy bwa, li vin lage kň l' nan pye Jezi, li pran rakonte devan tout pčp la poukisa li te manyen l', ki jan li te geri menm lč a tou.  
 
Luk 8:48
 
Jezi di li: Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou; ale ak kč poze.  
 
Luk 8:49
 
Jezi t'ap pale toujou lč yon nonm soti lakay chčf sinagňg la vin di li: Tifi ou la mouri; ou pa bezwen deranje mčt la pase sa.  
 
Luk 8:50
 
Men, lč Jezi tande sa, li di Jayiris konsa: Pa pč. Sčlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri.  
 
Luk 8:51
 
Lč Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyč, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la.  
 
Luk 8:52
 
Tout moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmň pitit la. Jezi di yo: Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dňmi l'ap dňmi.  
 
Luk 8:53
 
Lč sa a, yo tonbe pase l' nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri.  
 
Luk 8:54
 
Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fň, li di konsa: Tifi, leve.  
 
Luk 8:55
 
Lespri tifi a tounen sou li ankň, menm lč a li leve. Jezi pase lňd pou yo ba l' manje.  
 
Luk 8:56
 
Papa ak manman tifi a te sezi anpil, men Jezi bay yo lňd pou yo pa di pesonn sak te pase.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Mark 1Luke 71 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Luke 9John 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards