All NT OTBook
Compare Texts
Mark 1 Luke 4

Luke 5:1-39

Luke 6 John 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Luk 5:1
 
ś Yon jou, Jezi te bň kote letan Jenezarčt la; yon foul moun t'ap kwense l' toupatou pou tande pawňl Bondye a.  
 
Luk 5:2
 
Li wč de kannňt bň rivaj la; pechč yo te desann atč, yo t'ap lave senn yo.  
 
Luk 5:3
 
Jezi moute nan yonn nan kannňt yo ki te pou Simon. Li mande l' pou l' vanse yon ti kras nan fon. Antan Jezi chita nan kannňt la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.  
 
Luk 5:4
 
Lč li fin pale, li di Simon konsa: Vanse kannňt la plis nan fon; jete senn ou pou peche.  
 
Luk 5:5
 
Simon reponn li: Mčt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fč sa, nou pral lage senn lan.  
 
Luk 5:6
 
Yo lage senn lan; yo pran yon kantite pwason. Tčlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire.  
 
Luk 5:7
 
Yo fč asosye yo ki te nan lňt kannňt la siy vin ede yo. Yo vini; de kannňt yo te sitčlman plen pwason, yo te prčt pou koule.  
 
Luk 5:8
 
Lč Simon Pyč wč sa, li lage kň l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mčt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.  
 
Luk 5:9
 
Yon sčl sezisman te pran Simon ak tout mesye ki te avčk li yo lč yo wč kantite pwason yo te pran.  
 
Luk 5:10
 
Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Lč sa a Jezi di Simon: Pa pč. Depi koulye a se moun ou pral peche.  
 
Luk 5:11
 
Yo mennen kannňt yo atč, yo kite tout bagay, y' ale avčk Jezi.  
 
Luk 5:12
 
ś Pandan Jezi te nan yon lavil, yon nonm ki te kouvri ak lalčp vin rive. Lč l' wč Jezi, li lage kň l' fas atč, li di l' konsa: Mčt, si ou vle, ou ka geri mwen.  
 
Luk 5:13
 
Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle ou geri. Menm lč a, lalčp la kite li.  
 
Luk 5:14
 
Jezi pase l' lňd sevč sa a: Pa di pesonn sa. Men, ale fč prčt la wč ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lňd ofri a. Konsa wa bay tout moun prčv ou geri.  
 
Luk 5:15
 
Malgre sa, nouvčl la gaye pi plis; moun t'ap vin an foul pou tande li, pou chache gerizon nan men li.  
 
Luk 5:16
 
Men, Jezi wete kň l', li al yon kote ki pa gen moun menm, li t'ap lapriyč.  
 
Luk 5:17
 
ś Yon jou, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay. Kčk farizyen ak kčk dirčktč lalwa te chita la; yo te soti nan tout bouk Galile yo, nan bouk Jide yo ak nan lavil Jerizalčm. Pouvwa Bondye te avčk Jezi, li t'ap geri malad yo.  
 
Luk 5:18
 
Se konsa, kčk moun vin ap pote yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Yo t'ap chache fč l' antre nan kay la pou mete l' devan Jezi.  
 
Luk 5:19
 
Men, akňz foul moun yo, yo pa t' jwenn plas pou fč l' antre. Lč yo wč sa, yo moute sou do kay la, yo fč yon twou nan kouvčti kay la ki te fčt an brik, yo file malad la desann ak tout kabann li, nan mitan moun yo, dwat devan Jezi.  
 
Luk 5:20
 
Jezi wč jan yo te kwč nan li, li di nonm malad la: Monchč, tout peche ou yo padonnen.  
 
Luk 5:21
 
Dirčktč lalwa ak farizyen yo t'ap di nan kč yo: Kilčs nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen moun sou latč ki ka padonnen peche: sa se travay Bondye sčlman.  
 
Luk 5:22
 
Jezi menm te konnen sak t'ap pase nan tčt yo, li di yo konsa: Poukisa n'ap fč lide konsa nan tčt nou?  
 
Luk 5:23
 
Ki sak pi fasil pou m' di: Peche ou yo padonnen osinon: Leve kanpe, mache.  
 
Luk 5:24
 
Enben, m'ap fč nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachč a, mwen gen pouvwa sou latč pou m' padonnen peche tande. Apre sa, Jezi di nonm paralize a: Se mwen menm k'ap pale avč ou: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.  
 
Luk 5:25
 
Menm lč a, nonm lan kanpe devan yo tout, li pran kabann li te kouche sou li a, li al lakay li, li t'ap fč lwanj Bondye.  
 
Luk 5:26
 
Tout moun te sezi. Yo t'ap fč lwanj Bondye. Yo te pč anpil tou, yo t'ap di: Ala bčl mčvčy nou wč jňdi a!  
 
Luk 5:27
 
ś Apre sa, Jezi soti, li wč yon pčseptč kontribisyon yo te rele Levi. Li te chita devan biwo travay li.  
 
Luk 5:28
 
Jezi di l' konsa: Swiv mwen. Levi annik leve, li kite tout bagay, li swiv Jezi.  
 
Luk 5:29
 
Apre sa, Levi fč yon gwo resepsyon lakay li pou Jezi. Te gen anpil pčseptč kontribisyon ansanm ak lňt moun ankň ki te chita bň tab la avčk yo.  
 
Luk 5:30
 
Farizyen yo ak dirčktč lalwa ki te fč gwoup ak yo t'ap babye, yo di disip Jezi yo: Poukisa n'ap plede manje, n'ap plede bwč konsa ak pčseptč kontribisyon ansanm ak lňt moun k'ap fč sa ki mal?  
 
Luk 5:31
 
Jezi reponn yo: Lč yon moun ansante, li pa bezwen dňktč. Se moun malad ki bezwen dňktč.  
 
Luk 5:32
 
Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fč sa ki mal pou yo kapab tounen vin jwenn Bondye.  
 
Luk 5:33
 
Gen kčk moun ki di Jezi konsa: Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fč jčn souvan, se tout tan y'ap lapriyč. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwč.  
 
Luk 5:34
 
Jezi reponn yo: Eske nou ka fňse zanmi yon nonm k'ap marye pou yo rete san manje tout tan li la avčk yo?  
 
Luk 5:35
 
Non. Men, lč lč a rive pou nonm k'ap marye a pa avčk yo ankň, se lč sa a y'a fč jčn.  
 
Luk 5:36
 
Epi li di yo parabňl sa a: Pesonn p'ap chire yon moso nan yon rad nčf pou pyese yon vye rad. Si ou fč sa, ou chire rad nčf la, lčfini moso twal nčf la pa ale ak vye rad la non plis.  
 
Luk 5:37
 
Konsa tou, pesonn pa mete diven ki fenk fčt nan vye veso fčt an po. Si ou fč sa, diven ki fenk fčt la va pete veso an po yo. Lč sa a, diven an koule atč, veso an po yo pčdi tou.  
 
Luk 5:38
 
Men, diven ki fenk fčt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fčt tou.  
 
Luk 5:39
 
Yon moun ki fin bwč diven ki la lontan p'ap vle bwč diven ki fenk fčt. Se sa pawňl la di: Pi vye pi bon.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Mark 1Luke 41 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Luke 6John 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards