All NT OTBook
Compare Texts
Mark 1 Luke 3

Luke 4:1-44

Luke 5 John 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Luk 4:1
 
ś Jezi tounen soti bň larivyč Jouden an; li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennen l' nan dezč a.  
 
Luk 4:2
 
Se la Satan vin tante l' pandan karant jou. Tout jou sa yo li pa t' manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou.  
 
Luk 4:3
 
Satan di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wňch sa a lňd pou l' tounen pen.  
 
Luk 4:4
 
Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa ka viv ak pen sčlman.  
 
Luk 4:5
 
Satan mennen l' yon kote ki wo. Yon sčl kou, li moutre l' tout peyi ki sou latč.  
 
Luk 4:6
 
Li di Jezi konsa: M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richčs peyi sa yo. Yo renmčt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo.  
 
Luk 4:7
 
Si ou mete ajenou devan m', tout bagay sa yo pou ou.  
 
Luk 4:8
 
Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Se Mčt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sčvi.  
 
Luk 4:9
 
Apre sa, Satan mennen l' lavil Jerizalčm, li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan; li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kň ou anba.  
 
Luk 4:10
 
Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lňd pou yo veye sou ou.  
 
Luk 4:11
 
Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou ankenn wňch.  
 
Luk 4:12
 
Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mčt la, Bondye ou.  
 
Luk 4:13
 
Apre Satan fin sonde Jezi tout jan sa yo, li kite l' jouk la jwenn yon lňt okasyon.  
 
Luk 4:14
 
ś Jezi te anba pouvwa Sentespri Bondye a; li tounen, li ale nan peyi Galile. Nan tout peyi a se tout moun ki t'ap nonmen non li.  
 
Luk 4:15
 
Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagňg yo. Tout moun t'ap fč lwanj li.  
 
Luk 4:16
 
Jezi ale lavil Nazarčt kote l' te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagňg la tankou l' te toujou konn fč. Li leve kanpe pou l' li pou yo.  
 
Luk 4:17
 
Yo renmčt li liv pwofčt Ezayi a. Lč li louvri l', li jwenn kote ki te ekri:  
 
Luk 4:18
 
Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvčl la bay pňv yo. Li voye m' pou m' fč tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fč tout avčg yo konnen yo kapab wč ankň, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo,  
 
Luk 4:19
 
pou m' fč yo konenn lč a rive pou Bondye vin delivre pčp li a.  
 
Luk 4:20
 
Apre sa, Jezi fčmen Liv la, li renmčt li bay moun ki t'ap ede nan sčvis la. li al chita. Tout moun ki te nan sinagňg la te gen je yo fikse sou li.  
 
Luk 4:21
 
Lč sa a li kňmanse di yo: Jňdi a, pandan n'ap tande pawňl ki ekri la a, li rive vre.  
 
Luk 4:22
 
Tout moun t'ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bčl pawňl ki t'ap soti nan bouch li. Yo t'ap di konsa: Se pa pitit Jozčf la sa?  
 
Luk 4:23
 
Jezi di yo: Koulye a, nou pral di pwovčb sa a sou mwen: Dňktč, geri tčt ou. N'a di m' tou: Nou tande tou sa ou te fč lavil Kapčnawňm; fč yo isit la tou, nan peyi pa ou la.  
 
Luk 4:24
 
Epi li di yo ankň: Men, sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yo pa janm resevwa yon pwofčt byen nan pwňp peyi li.  
 
Luk 4:25
 
Se vre wi: Sou tan Eli, yon lč lapli pa t' tonbe pandan twazan sis mwa, tout peyi a te nan grangou. Lč sa a, te gen anpil včv nan peyi Izrayčl la.  
 
Luk 4:26
 
Men, Bondye pa t' voye Eli lakay yo yonn menm; se lakay yon včv ki te rete lavil Sarepta nan peyi Sidon li te voye li.  
 
Luk 4:27
 
Konsa tou, sou tan pwofčt Elize, te gen anpil moun ki te malad ak lalčp nan pčp Izrayčl la. Men, yo yonn pa t' jwenn gerizon. Se Naaman sčlman, nonm peyi Siri a, ki te geri.  
 
Luk 4:28
 
Tout moun nan sinagňg la te byen ankňlč lč yo tande pawňl sa yo.  
 
Luk 4:29
 
Yo leve, yo trennen l' andeyň lavil la; yo mennen l' sou tčt ti mňn kote lavil la te bati a, yo t'ap pare pou yo te jete l' anba nan falčz la.  
 
Luk 4:30
 
Men, Jezi pase nan mitan yo, li chape kň li.  
 
Luk 4:31
 
ś Apre sa, Jezi desann Kapčnawňm, yon vil nan peyi Galile. Jou repo a, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.  
 
Luk 4:32
 
Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gen dwa di sa l'ap di a.  
 
Luk 4:33
 
Te gen yon nonm nan sinagňg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fň:  
 
Luk 4:34
 
Ey, kisa nou gen avč ou, Jezi, nonm Nazarčt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye; ou se moun Bondye chwazi a.  
 
Luk 4:35
 
Jezi pale byen fň ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atč nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fč l' ankenn mal.  
 
Luk 4:36
 
Tout moun te sezi, yonn t'ap di lňt: Ki pawňl sa a ye menm? Avčk otorite ak pouvwa li pase move lespri yo lňd sevč epi yo soti, y' ale.  
 
Luk 4:37
 
Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan tout peyi a.  
 
Luk 4:38
 
Jezi soti, li kite sinagňg la, li ale lakay Simon. Bčlmč Simon an te gen yon gwo lafyčb cho sou li. Yo mande Jezi pou l' fč kichňy pou li.  
 
Luk 4:39
 
Li panche sou malad la, li pase lafyčb la yon lňd. Lamenm, lafyčb la kite li. Menm lč a, madanm lan leve, li resevwa yo.  
 
Luk 4:40
 
Apre solčy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divčs maladi bay Jezi. Li mete men l' sou tčt yo tout, li geri yo.  
 
Luk 4:41
 
Anpil move lespri tou te soti sou plizyč moun malad. Yo t'ap plede rele: Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevč ak yo, li pa t' kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye.  
 
Luk 4:42
 
Kou l' fč jou, Jezi soti, li ale yon kote ki pa gen moun. Yon foul moun t'ap chache li. Konsa, yo rive jouk kote li te ye a. Yo te vle kenbe l' pou l' pa t' kite yo.  
 
Luk 4:43
 
Men li di yo: Fňk m' anonse bon nouvčl gouvčnman Bondye ki Wa a bay moun lňt lavil yo tou, paske se pou sa Bondye voye mwen.  
 
Luk 4:44
 
Se konsa, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagňg Jide yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Mark 1Luke 31 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Luke 5John 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards