All NT OTBook
Compare Texts
Mark 1 Luke 1

Luke 2:1-52

Luke 3 John 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Luk 2:1
 
ś Lč sa a, Seza Ogis te bay lňd pou yo te konte dčnye moun ki nan peyi l'ap gouvčnen yo.  
 
Luk 2:2
 
Premye travay sa a te fčt nan tan Kireniyis t'ap kňmande nan peyi yo rele Siri a.  
 
Luk 2:3
 
Tout moun te al fč pran non yo nan lavil kote fanmi yo te soti.  
 
Luk 2:4
 
Jozčf te rete nan peyi Galile, nan yon bouk yo rele Nazarčt. Men, paske li te moun nan fanmi ak ras David, li moute, li ale nan Jide, nan lavil David yo rele Betleyčm lan.  
 
Luk 2:5
 
Jozčf tapral fč yo pran non l' ansanm ak non Mari, fiyanse li, ki te ansent.  
 
Luk 2:6
 
Antan yo te la, jou pou Mari te akouche a rive.  
 
Luk 2:7
 
Li fč premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchčt, li mete l' kouche nan yon kay kote yo bay bčt manje, paske pa t' gen plas pou yo nan lotčl la.  
 
Luk 2:8
 
ś Nan menm zňn sa a, te gen gadň mouton ki t'ap pase nwit la deyň ap veye mouton yo.  
 
Luk 2:9
 
Lč sa a, yon zanj Bondye parčt devan yo, bčl limyč Bondye a klere tout kote yo te ye a. Yo te pč anpil.  
 
Luk 2:10
 
Men zanj lan di yo konsa: Pa pč. N'ap anonse nou yon bon nouvčl ki pral fč tout pčp la kontan anpil.  
 
Luk 2:11
 
Jňdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovč ki fenk fčt: se Kris la, Seyč a.  
 
Luk 2:12
 
Men remak ki va fč nou rekončt li: n'a jwenn yon tibebe vlope nan kouchčt, kouche nan yon kay kote yo bay bčt manje.  
 
Luk 2:13
 
Menm lč a, yon foul lňt zanj nan syčl la vin jwenn zanj lan; yo t'ap fč lwanj Bondye, yo t'ap di konsa:  
 
Luk 2:14
 
Lwanj pou Bondye anwo nan syčl la, kč poze sou latč pou tout moun li renmen.  
 
Luk 2:15
 
Zanj yo kite gadň mouton yo, yo tounen al nan syčl la. Lč sa a, gadň mouton yo yonn di lňt: Ann al jouk Betleyčm, ann al wč sa ki rive, sa Bondye fč nou konnen an.  
 
Luk 2:16
 
Yo prese ale, yo jwenn Mari ak Jozčf, ansanm ak tipitit la kouche kote yo bay bčt yo manje a.  
 
Luk 2:17
 
Lč yo wč l', yo tanmen rakonte sa zanj lan te di yo sou pitit la.  
 
Luk 2:18
 
Tout moun ki t'ap koute yo te sezi tande sa yo t'ap rakonte a.  
 
Luk 2:19
 
Mari menm te kenbe tout pawňl sa yo nan kč l', li t'ap repase yo nan tčt li.  
 
Luk 2:20
 
Apre sa, gadň mouton yo al fč wout yo; yo t'ap di jan Bondye gen pouvwa, yo t'ap fč lwanj li, paske tou sa yo te tande ak tou sa yo te wč a te dakň ak sa zanj lan te fč yo konnen.  
 
Luk 2:21
 
ś Wit jou apre, se te dat pou yo te sikonsi pitit la. Yo rele l' Jezi dapre non zanj lan te bay anvan menm manman l' te vin ansent li.  
 
Luk 2:22
 
Apre sa, jou a te rive pou Jozčf ak Mari te al fč sčvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fč sčvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lč sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalčm pou mete l' apa pou Bondye,  
 
Luk 2:23
 
dapre sa ki te ekri nan lalwa Bondye a: Mete tout premye pitit gason yo apa pou Mčt la.  
 
Luk 2:24
 
Yo te ofri tou yon pč toutrčl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lňd fč sa nan lalwa Bondye a.  
 
Luk 2:25
 
ś Lč sa a, te gen yon nonm nan Jerizalčm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pčp Izrayčl la. Sentespri Bondye a te avčk li.  
 
Luk 2:26
 
Li te fč l' konnen li pa t'ap mouri san l' pa wč Kris la, moun Bondye te chwazi pou l' voye a.  
 
Luk 2:27
 
Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lč Jozčf ak Mari pote tipitit la pou yo fč sa lalwa mande pou li a,  
 
Luk 2:28
 
Simeyon pran tipitit la nan bra l', li di Bondye mčsi. Li di:  
 
Luk 2:29
 
Koulye a, Mčt, ou kenbe pawňl ou; ou mčt kite sčvitč ou la mouri ak kč poze.  
 
Luk 2:30
 
Paske mwen wč ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an.  
 
Luk 2:31
 
Ou pare l' mete devan tout pčp yo.  
 
Luk 2:32
 
Se yon limyč ki pou fč tout pčp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayčl pčp ou a.  
 
Luk 2:33
 
Papa ak manman Jezi te sezi tande sa Simeyon t'ap di sou pitit yo a konsa.  
 
Luk 2:34
 
Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: Bondye chwazi pitit sa a; l'ap lakňz anpil moun nan pčp Izrayčl la tonbe. Men, l'ap fč anpil moun nan pčp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wč li.  
 
Luk 2:35
 
Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kč anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulč gen pou fann kč ou tankou yon nepe.  
 
Luk 2:36
 
Te gen yon fanm ki te pwofčt la a tou. Li te rele An, pitit fi Fanwčl, nan branch fanmi Asč. Li te fin vye granmoun. Li te viv sčtan avčk nonm li te marye depi l' te jennfi a.  
 
Luk 2:37
 
Apre sa, li te rete včv. Lč sa a, li te gen katrevenkatran, li pa t' janm kite tanp lan; li t'ap sčvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fč jčn, li t'ap lapriyč.  
 
Luk 2:38
 
Menm lč sa a tou, li vin rive, li t'ap di Bondye mčsi. Li t'ap pale sou Jezi bay tout moun ki t'ap tann Bondye vin delivre lavil Jerizalčm.  
 
Luk 2:39
 
Lč yo fin fč tou sa lalwa Bondye te mande yo fč a, Jozčf ak Mari tounen ansanm avčk tipitit la nan peyi yo, lavil Nazarčt nan Galile.  
 
Luk 2:40
 
Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l', epi favč Bondye te avčk li.  
 
Luk 2:41
 
ś Chak lanne pou fčt Delivrans lan, manman ak papa Jezi te konn ale lavil Jerizalčm.  
 
Luk 2:42
 
Lč Jezi vin gen douzan, yo moute Jerizalčm al nan fčt la jan yo te toujou fč.  
 
Luk 2:43
 
Lč jou fčt yo fin pase, moun yo t'ap tounen lakay yo. Ti Jezi menm rete lavil Jerizalčm. Men, papa l' ak manman l' pa t' wč sa.  
 
Luk 2:44
 
Yo te kwč li te avčk lňt moun ki t'ap vwayaje ansanm ak yo. Yo mache tout yon jounen. Se lč sa a yo pran chache l' pami fanmi yo ak zanmi yo.  
 
Luk 2:45
 
Men yo pa jwenn li. Yo tounen Jerizalčm al chache li.  
 
Luk 2:46
 
Apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan, chita nan mitan dirčktč yo. Li t'ap koute yo, li t'ap poze yo keksyon tou.  
 
Luk 2:47
 
Tout moun ki t'ap tande l' te sezi pou jan l' te gen lespri, ak jan l' t'ap reponn yo.  
 
Luk 2:48
 
Lč papa l' ak manman l' wč l', yo pa t' manke sezi. Manman li di l' konsa: Pitit mwen, poukisa ou fč nou sa? Se pa ti chache papa ou avč m' nou pa chache ou. Ou fč kč n' kase.  
 
Luk 2:49
 
Jezi di yo: Poukisa pou n'ap chache m' konsa? Nou pa t' konnen fňk mwen okipe zafč papa mwen?  
 
Luk 2:50
 
Men yo pa t' konprann sa l' t'ap di yo.  
 
Luk 2:51
 
Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarčt. Li te soumčt devan yo. Manman l' menm te kenbe tout bagay sa yo nan kč li.  
 
Luk 2:52
 
Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fč ni Bondye ni lčzňm plezi.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Mark 1Luke 11 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Luke 3John 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards