All NT OTBook
Compare Texts
Mark 1 Luke 18

Luke 19:1-48

Luke 20 John 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Luk 19:1
 
ś Jezi antre Jeriko, li t'ap travčse lavil la.  
 
Luk 19:2
 
Te gen yon nonm nan lavil la yo rele Zache. Li te chčf pčseptč kontribisyon yo, se te yon nonm rich.  
 
Luk 19:3
 
Li t'ap chache wč ki moun Jezi ye. Men, li te yon nonm ti tay. Akňz foul moun yo, li pa t' kapab rive wč li.  
 
Luk 19:4
 
Li pran kouri devan; li moute sou yon pye sikomň pou l' wč Jezi ki te gen pou l' te pase bň la.  
 
Luk 19:5
 
Lč Jezi rive la, li leve je l' anlč, li di l': Zache, fč vit desann. Fňk mwen fč ladesant lakay ou jňdi a.  
 
Luk 19:6
 
Zache prese desann, li resevwa Jezi ak kč kontan.  
 
Luk 19:7
 
Lč yo wč sa, tout moun pran babye, yo t'ap di: Men nonm lan fč ladesant kay yon nonm ki plen peche.  
 
Luk 19:8
 
Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mčt. Mwen pral bay pňv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalč.  
 
Luk 19:9
 
Jezi di li: Jňdi a, kay sa a delivre paske nonm sa a se yon pitit Abraram li ye tou.  
 
Luk 19:10
 
Moun Bondye voye nan lachč a vin chache sa ki te pčdi pou l' delivre yo.  
 
Luk 19:11
 
ś Apre sa, Jezi rakonte yon parabňl pou moun ki te fčk tande pawňl sa yo. Paske li te toupre lavil Jerizalčm lan, yo te kwč gouvčnman Bondye ki Wa a tapral parčt touswit.  
 
Luk 19:12
 
Men sa l' di yo: Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fč yo ba l' otorite pou l' wa, apre sa pou l' te tounen lakay li ankň.  
 
Luk 19:13
 
Anvan li ale, li rele dis nan domestik li yo, li ba yo chak yon pyčs lň, li di yo: Fč lajan an travay jouk mwen tounen.  
 
Luk 19:14
 
Men, pwňp moun peyi l' yo te rayi li. Yo voye kčk mesaje dčyč l' pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou.  
 
Luk 19:15
 
Malgre sa, yo bay nonm lan otorite pou l' wa, epi l' tounen nan peyi li. Lč sa a, li fč rele domestik li te bay lajan yo pou yo vin kote l': li te bezwen konnen ki benefis yo chak te fč.  
 
Luk 19:16
 
Premye a vini, li di: Monwa, pyčs lň ou te ban mwen an rapňte dis pyčs ankň.  
 
Luk 19:17
 
Wa a di l': Sa se bčl bagay. Ou se yon bon domestik. M'ap mete ou gouvčnen dis vil, paske ou te fč ti travay sa a byen.  
 
Luk 19:18
 
Dezyčm lan vini, li di: Monwa, pyčs lň ou te ban mwen an rapňte senk lňt pyčs.  
 
Luk 19:19
 
Wa a di l': Ou menm, m'ap mete ou gouvčnen senk vil.  
 
Luk 19:20
 
Yon lňt vini, li di: Monwa, men pyčs lň ou la. Mwen te sere l' nan yon mouchwa.  
 
Luk 19:21
 
Mwen te pč ou, paske ou se yon nonm ki di: ou pran sa ki pa pou ou, ou rekňlte sa ou pa simen.  
 
Luk 19:22
 
Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawňl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m' se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekňlte sa m' pa simen,  
 
Luk 19:23
 
poukisa ou pa t' mete lajan m' labank; lč m' ta tounen, mwen ta wete l' ak yon enterč.  
 
Luk 19:24
 
Li di moun ki te la yo: Wete lajan an nan men li. Bay nonm ki gen dis pyčs yo li.  
 
Luk 19:25
 
Yo di l': Men, monwa, li gen dis pyčs deja.  
 
Luk 19:26
 
Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankň; men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an.  
 
Luk 19:27
 
Kanta lčnmi m' yo ki pa t' vle mwen pou wa yo, mennen yo isit, touye yo la devan je mwen.  
 
Luk 19:28
 
ś Apre Jezi fin pale konsa, li pran mache devan yo pou li al Jerizalčm.  
 
Luk 19:29
 
Lč Jezi rive toupre Betfaje ak Betani, bň ti mňn Oliv la, li pran de nan disip li yo, li voye yo devan,  
 
Luk 19:30
 
li di yo konsa: Ale nan bouk ki devan nou an. Lč n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare; pesonn pa kň janm moute sou li. Lage l', mennen l' ban mwen.  
 
Luk 19:31
 
Nenpňt moun ki mande nou: Poukisa n'ap lage l'? N'a reponn: Se Mčt la ki bezwen li.  
 
Luk 19:32
 
De disip yo ale; yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a.  
 
Luk 19:33
 
Pandan y'ap lage ti bourik la, mčt li di yo: Poukisa n'ap lage ti bourik la?  
 
Luk 19:34
 
Yo reponn: Se Mčt la ki bezwen li.  
 
Luk 19:35
 
Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do ti bourik la, yo fč Jezi moute sou li.  
 
Luk 19:36
 
Pandan Jezi t'ap vanse sou bourik la, moun yo tann rad yo atč sou tout chemen an.  
 
Luk 19:37
 
Lč l' rive toupre Jerizalčm, nan ladesant mňn Oliv la, yon sčl kontantman pran tout foul moun ki t'ap swiv li yo; yo pran fč lwanj Bondye byen fň pou tout mirak yo te wč.  
 
Luk 19:38
 
Yo t'ap di: benediksyon pou Wa ki vini nan non Mčt la! Kč poze pou tout moun nan syčl la! Lwanj pou Bondye!  
 
Luk 19:39
 
Te gen kčk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa: Mčt, manyč fč disip ou yo pe bouch yo non.  
 
Luk 19:40
 
Jezi reponn: M'ap di nou sa: si yo pe bouch yo, wňch yo va pran rele.  
 
Luk 19:41
 
ś Lč Jezi rive toupre lavil la, li wč l', li pran kriye sou li,  
 
Luk 19:42
 
li di: Si sčlman, jňdi a ou te kapab konprann, ou menm tou, bagay ki pou fč kč ou poze? Men, koulye a, yo kache; ou pa kapab wč yo!  
 
Luk 19:43
 
Gen yon tan k'ap vin sou ou: lč sa a, lčnmi ou yo va sčnen ou toupatou, y'a fčmen ou nčt, y'a kwense ou sou tout bň.  
 
Luk 19:44
 
Y'a detwi ou nčt ansanm ak tout moun ki nan mitan ou yo. Yo p'ap kite yon wňch kanpe sou yon lňt, paske ou pa t' rekončt jou Bondye te vin pote ou sekou a.  
 
Luk 19:45
 
Jezi antre nan tanp lan, li pran chase tout moun ki t'ap vann yo.  
 
Luk 19:46
 
Li di yo: Men sa ki ekri: Se pou kay mwen an yon kay kote moun vin lapriyč nan pye m'; men, nou menm, nou fč l' tounen kachčt vňlč.  
 
Luk 19:47
 
Chak jou, Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chčf prčt yo, dirčktč lalwa yo ak chčf pčp la t'ap chache ki jan pou yo touye li.  
 
Luk 19:48
 
Men, yo pa t' kapab jwenn yon jan pou yo te fč sa, paske tout pčp la t'ap koute sa l' t'ap di san yo pa pčdi yon mo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Mark 1Luke 181 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Luke 20John 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards