All NT OTBook
Compare Texts
Mark 1 Luke 16

Luke 17:1-37

Luke 18 John 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Luk 17:1
 
ś Jezi di disip li yo: Ap toujou gen bagay k'ap fčt ki pou fč moun fč peche. Men, malč pou moun ki lakňz bagay sa yo rive.  
 
Luk 17:2
 
Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wňl moulen nan kou l' epi yo voye l' jete nan lanmč; wi, sa ta pi bon pou li pase pou l' ta lakňz yonn nan ti piti sa yo tonbe nan peche.  
 
Luk 17:3
 
Veye kň nou byen. Si frč ou tonbe nan peche, rale zňrčy li. Si l' chanje konpňtman li, padonnen li.  
 
Luk 17:4
 
Si nan yon sčl jounen an li peche sčt fwa kont ou, si toulesčt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l' di ou: Mwen p'ap fč sa ankň, se pou ou padonnen li.  
 
Luk 17:5
 
Apňt yo di Jezi: Fč nou gen plis konfyans non.  
 
Luk 17:6
 
Jezi di yo: Si nou te gen konfyans nan Bondye gwosč yon ti grenn moutad, nou ta di pye sikomň sa a: Derasinen tčt ou sot la a, al plante tčt ou nan lanmč, li ta obeyi nou.  
 
Luk 17:7
 
Sipoze yonn nan nou gen yon domestik k'ap travay tč l' osinon k'ap gade mouton pou li. Lč domestik la soti nan jaden, čske l'ap di li: Pwoche vit, vin chita bň tab la pou ou manje.  
 
Luk 17:8
 
Non. Okontrč. L'ap di li: Pare manje pou mwen. Twouse ponyčt ou pou ou ka sčvi m' pandan m'ap manje, pandan m'ap bwč. Se lč m' fin manje, ou menm wa manje, wa bwč.  
 
Luk 17:9
 
Li pa gen mčsi pou l' di domestik la paske domestik la fč sa l' te mande l' fč a, pa vre.  
 
Luk 17:10
 
Se menm jan an tou pou nou, lč nou fin fč tou sa yo te mande nou fč, se pou n' di: Se domestik nou ye, nou fč sa n' te dwe fč.  
 
Luk 17:11
 
ś Pandan Jezi te nan chemen pou li al Jerizalčm, li t'ap pase sou fwontyč ki separe peyi Samari ak peyi Galile.  
 
Luk 17:12
 
Antan l' t'ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalčp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l',  
 
Luk 17:13
 
yo pale byen fň, yo di l' konsa: Jezi, Mčt, gen pitye pou nou.  
 
Luk 17:14
 
Lč Jezi wč yo, li di: Al fč prčt yo wč nou. Pandan yo taprale, yo geri.  
 
Luk 17:15
 
Yonn ladan yo ki wč li geri tounen sou wout li, li t'ap fč lwanj Bondye byen fň pou tout moun tande.  
 
Luk 17:16
 
Li lage kň l' atč nan pye Jezi, li di l' mčsi. Nonm sa a te yon moun pčyi Samari.  
 
Luk 17:17
 
Jezi pran lapawňl, li di l': Nou toulčdis te geri pa vre. Kote nčf lňt yo?  
 
Luk 17:18
 
Se etranje sa a sčlman ki chonje pou l' vin fč lwanj Bondye?  
 
Luk 17:19
 
Epi li di li: Leve non. Ou mčt ale. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.  
 
Luk 17:20
 
ś Farizyen yo mande Jezi kilč Bondye t'ap vin tabli gouvčnman l' lan. Li reponn yo: Bondye ap vin tabli gouvčnman l' lan yon jan pou tout moun wč li.  
 
Luk 17:21
 
Men, yo p'ap di: Men l' bň isit, osinon: Men l' bň laba. Paske, konnen sa byen, gouvenman Bondye a la nan mitan nou.  
 
Luk 17:22
 
Epi li di disip yo: Gen yon lč nou va anvi wč yonn nan jou ki pou Moun Bondye voye nan lachč a, men nou p'ap wč sa.  
 
Luk 17:23
 
Y'a di nou: Gade, men l' bň isit, osinon: Gade, men l' bň laba. Pa ale, pa kouri dčyč yo.  
 
Luk 17:24
 
Lč yon kout zčklč fč yan, li klere syčl la byen klere depi yon bout jouk nan lňt bout la, pa vre. Se va menm jan an tou pou Moun Bondye voye nan lachč a, lč jou l' va rive.  
 
Luk 17:25
 
Men, anvan sa, li gen pou l' soufri anpil, moun alčkile yo p'ap vle wč li.  
 
Luk 17:26
 
Sa ki te rive nan tan Noe a se sa k'ap rive tou lč jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachč a vini.  
 
Luk 17:27
 
Moun t'ap manje, yo t'ap bwč, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo; se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an. Lč inondasyon an fčt, li touye yo tout.  
 
Luk 17:28
 
Sa ki te rive nan tan Lňt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwč, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati.  
 
Luk 17:29
 
Men, jou Lňt soti kite lavil Sodňm lan, dife souf grennen sot nan syčl la tankou lapli, tonbe sou yo; yo tout peri.  
 
Luk 17:30
 
Se va menm jan an tou lč jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachč a parčt.  
 
Luk 17:31
 
Jou sa a, moun ki va sou tčt kay p'ap bezwen desann anndan kay la ale pran zafč li. Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay ankň.  
 
Luk 17:32
 
Chonje istwa madanm Lňt la.  
 
Luk 17:33
 
Moun ki va chache sove lavi l' va pčdi l'; men moun ki va pčdi lavi l' va konsčve li.  
 
Luk 17:34
 
M'ap di nou sa: Jou lannwit sa a, va gen de moun sou yon menm kabann; y'ap pran yonn, y'ap kite lňt la.  
 
Luk 17:35
 
Va gen de fanm k'ap pile grenn ansanm: y'ap pran yonn, y'ap kite lňt la.  
 
Luk 17:36
 
Va gen dezňm nan yon menm jaden; y'ap pran yonn, y'ap kite lňt la.  
 
Luk 17:37
 
Disip yo pran lapawňl, yo mande l' konsa: Ki kote sa pral fčt, Mčt? Li reponn yo: Kote kadav la va ye, se la votou yo va sanble.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Mark 1Luke 161 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Luke 18John 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards