All NT OTBook
Compare Texts
Mark 1 Luke 15

Luke 16:1-31

Luke 17 John 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Luk 16:1
 
ś Jezi di disip li yo: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapňte l' jan jeran an ap gaspiye tout byen l' yo.  
 
Luk 16:2
 
Li rele jeran an, li di li: Kisa m' tande y'ap di sou ou konsa? vin fč regleman travay ou avč m', paske mwen p'ap kite byen m' yo sou kont ou ankň.  
 
Luk 16:3
 
Jeran an di nan kč l': Patwon an pral kase m' nan djňb sa a; kisa m' pral fč koulye a? Mwen pa gen fňs pou m' al travay latč. Epi se va yon wont pou m' al mande charite!  
 
Luk 16:4
 
Bon, mwen konn sa m' pral fč pou lč m' pčdi djňb mwen m'a toujou gen moun ki pou resevwa m' lakay yo.  
 
Luk 16:5
 
Jeran an fč rele tout moun ki te dwe mčt la, li fč yo vini yonn apre lňt. Li di premye a: Konbe ou dwe mčt la?  
 
Luk 16:6
 
Li reponn: Mwen dwe l' san (100) bidon lwil. Msye di l': Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fč vit.  
 
Luk 16:7
 
Apre sa, li di yon lňt; Ou menm, konbe ou dwe? Li reponn: San sak (100) mayi. Msye di l': Men papye ou la, ekri katreven.  
 
Luk 16:8
 
Nonm rich la fč jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrčs sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafč yo pi byen pase moun ki gen limyč a.  
 
Luk 16:9
 
Jezi di yo ankň: Nou menm, men sa m'ap di nou: Bat pou nou fč zanmi ak richčs ki sou latč. Konsa, lč richčs nou va fini, y'a resevwa nou nan kay Bondye ki la pou tout tan an.  
 
Luk 16:10
 
Moun ki kenbe pawňl li nan tout ti bagay, la kenbe l' nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay non plis.  
 
Luk 16:11
 
Si ou pa sčvi byen ak richčs ou gen sou latč, kilčs ki va fč ou konfyans pou richčs tout bon yo?  
 
Luk 16:12
 
Si ou pa t' sčvi byen avčk sa ki te pou lňt moun, ki moun ki va ba ou sak pou ou a?  
 
Luk 16:13
 
Pesonn pa ka sčvi de mčt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lňt la. L'ap sčvi yonn byen, men l'ap meprize lňt la. Nou pa ka sčvi Bondye ak lajan anmenmtan.  
 
Luk 16:14
 
Farizyen yo t'ap koute tout pawňl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan.  
 
Luk 16:15
 
Lč sa a Jezi di yo: Nou menm, n'ap chache parčt pou pi bon devan moun, men Bondye konnen sa ki nan kč nou. Bagay moun bay plis enpňtans, se yo Bondye pa vle wč.  
 
Luk 16:16
 
Kňmandman Moyiz ak liv pwofčt yo te gen fňs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lč sa a, se anonse y'ap anonse bon nouvčl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li.  
 
Luk 16:17
 
Men, l'ap pi fasil pou syčl la ak tč a disparčt pase pou yon sčl ti detay nan lalwa a pčdi valč li.  
 
Luk 16:18
 
Si yon nonm kite ak madanm li pou l' marye ak yon lňt, nonm sa a fč adiltč. Lč yon mari kite madanm li, si yon lňt nonm marye ak madanm lan, nonm sa a fč adiltč tou.  
 
Luk 16:19
 
ś Vwala, se te yon nonm rich ki te konn abiye ak bčl twal wouj e blan ki te koute chč. Chak jou, se te gwo fčt banbňch lakay li.  
 
Luk 16:20
 
Te gen yon pňv yo rele Laza ki te kouche nan papňt nonm rich la. Laza te kouvri ak malenng.  
 
Luk 16:21
 
Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap soti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rčd, chen t'ap vin niche malenng li yo tou.  
 
Luk 16:22
 
Pňv la vin mouri, zanj Bondye yo pote l' mete bň kot Abraram nan syčl la. Nonm rich la mouri tou, yo antere li.  
 
Luk 16:23
 
Pandan l' te kote tout mň yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wč Abraram ak Laza ansanm avčk li.  
 
Luk 16:24
 
Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwčt li nan yon ti tak dlň pou l' mete yon frechč sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a.  
 
Luk 16:25
 
Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latč. Lč sa a menm, Laza te nan tout mizč li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bň isit la, ou menm w'ap soufri.  
 
Luk 16:26
 
Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avč ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y' al jwenn ou, osinon pou moun ta soti kote ou ye a pou vin jwenn nou.  
 
Luk 16:27
 
Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen.  
 
Luk 16:28
 
Mwen gen senk frč. Mwen ta vle li al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa a.  
 
Luk 16:29
 
Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofčt yo pou avčti yo, se pou yo koute yo.  
 
Luk 16:30
 
Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mň yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo.  
 
Luk 16:31
 
Lč sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofčt yo, yo p'ap kite pesonn lňt fč yo wč verite a. Li ta mčt yon mň ki ta leve vivan ankň, yo p'ap koute li.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Mark 1Luke 151 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Luke 17John 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards