All NT OTBook
Compare Texts
Mark 1 Luke 14

Luke 15:1-32

Luke 16 John 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Luk 15:1
 
ś Tout pčseptč kontribisyon yo ak moun k'ap fč sa ki mal yo t'ap pwoche bň kot Jezi pou tande sa l' t'ap di.  
 
Luk 15:2
 
Farizyen yo ak dirčktč lalwa yo t'ap babye. Yo t'ap di: Nonm sa a ap resevwa moun k'ap fč sa ki mal, epi l'ap manje ak yo.  
 
Luk 15:3
 
Lč sa a, Jezi di yo parabňl sa a:  
 
Luk 15:4
 
Sipoze yonn nan nou gen san (100) mouton. Si l' pčdi yonn ladan yo, čske li p'ap kite katrevendisnčf lňt mouton yo nan dezč a, pou li al dčyč sak pčdi a? L'ap chache l' jouk li jwenn li.  
 
Luk 15:5
 
Lč l' jwenn li, l'ap mete l' sou zepňl li ak kč kontan.  
 
Luk 15:6
 
Lč l' tounen lakay li avč l', l'ap rele tout zanmi l' ak tout vwazen l' yo, l'ap di yo: vin fč fčt avč m', mwen jwenn mouton m' ki te pčdi a.  
 
Luk 15:7
 
Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syčl la pou yon sčl moun ki t'ap fč sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnčf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.  
 
Luk 15:8
 
Osinon ankň, sipoze yon fanm ki gen dis pyčs lajan. Si li pčdi yonn ladan yo, čske li p'ap limen lanp, bale tout kay la, chache nan tout ti kwen jouk li jwenn li?  
 
Luk 15:9
 
Lč l' jwenn li, l'ap rele zanmi l' ak vwazen li yo, l'ap di yo: vin fč fčt avč m'; mwen jwenn pyčs lajan m' ki te pčdi a.  
 
Luk 15:10
 
Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sčl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.  
 
Luk 15:11
 
ś Jezi di ankň: Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason.  
 
Luk 15:12
 
Pi piti a di papa l': Papa, ban m' pa m' nan byen nou yo. Lč sa a, papa a separe byen l' yo bay tou de.  
 
Luk 15:13
 
Kčk jou apre, ti gason an ranmase tout afč l', li pati, li ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kň l' nan banbňch, li gaspiye tout lajan l'.  
 
Luk 15:14
 
Lč msye fin depanse tout lajan l', yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lč sa a, li vin nan nesesite.  
 
Luk 15:15
 
li al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l' nan jaden l' al gade kochon.  
 
Luk 15:16
 
Lč sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t'ap manje a, men pesonn pa t' ba li.  
 
Luk 15:17
 
Se lč sa a atň li pran kalkile sou sitiyasyon l'. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m' pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la.  
 
Luk 15:18
 
M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m', m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou.  
 
Luk 15:19
 
Mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankň. Gade m' tankou yonn nan moun k'ap travay avč ou yo.  
 
Luk 15:20
 
Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. Msye te byen lwen kay la toujou lč papa a wč li. Kč papa a fč l' mal, li kouri al rankontre l', li pase men l' nan kou pitit la epi li bo li.  
 
Luk 15:21
 
Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou; mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankň.  
 
Luk 15:22
 
Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bčl rad la, mete l' sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwčt li, mete soulye nan pye li.  
 
Luk 15:23
 
Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l'. Ann fete, ann manje.  
 
Luk 15:24
 
Paske, pitit gason m' sa a te mouri, men li tounen vivan ankň; li te pčdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kňmanse fč fčt.  
 
Luk 15:25
 
Lč sa a, pi gran gason an te nan jaden. Antan l'ap soti nan jaden, lč l' rive pre kay la, li tande mizik la ak vwa moun k'ap danse yo.  
 
Luk 15:26
 
Li rele yonn nan domestik yo, li mande li: Sak genyen?  
 
Luk 15:27
 
Domestik la di li: Ti frč ou la tounen. Papa ou fč touye jenn ti towo nou t'ap angrese a, paske li jwenn msye an sante.  
 
Luk 15:28
 
Gran frč a fč kňlč, li derefize antre nan kay la. Papa a soti, li mande l' pou l' antre.  
 
Luk 15:29
 
Men, gran frč a reponn papa a: Gade tout tan mwen genyen depi m'ap sčvi ou; mwen pa janm derespekte lňd ou. Men, ou pa janm ban m' yon ti kabrit menm pou m' fč fčt ak zanmi m' yo.  
 
Luk 15:30
 
Men, lč pitit gason ou lan tounen, li menm ki fin gaspiye tout byen ou yo ak jennčs, se pou li ou fč touye jenn towo nou t'ap angrese a.  
 
Luk 15:31
 
Papa a di li: Pitit mwen, ou toujou la avč m'; tout sa m' genyen se pou ou.  
 
Luk 15:32
 
Men, fňk kanmenm nou te fč fčt, nou pa t' ka pa kontan, paske frč ou la te mouri, men li tounen vivan, li te pčdi, mwen jwenn li koulye a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Mark 1Luke 141 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Luke 16John 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards