All NT OTBook
Compare Texts
Mark 1 Luke 10

Luke 11:1-54

Luke 12 John 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Luk 11:1
 
ś Yon lč, Jezi t'ap lapriyč yon kote. Lč l' fin lapriyč, yonn nan disip li yo di li: Mčt, moutre nou lapriyč tankou Jan te moutre patizan li yo.  
 
Luk 11:2
 
Jezi di yo: Lč n'ap lapriyč, men sa pou n' di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. vin tabli gouvčnman ou lan.  
 
Luk 11:3
 
Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an.  
 
Luk 11:4
 
Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fč nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon.  
 
Luk 11:5
 
Jezi di yo ankň: Sipoze yonn nan nou ta gen yon zanmi, li al jwenn zanmi an nan mitan lannwit pou l' di li: Zanmi, prete m' twa biswit.  
 
Luk 11:6
 
Mwen gen yon zanmi ki sot nan vwayaj ki fčk rive lakay mwen. Mwen pa gen anyen pou m' ba li.  
 
Luk 11:7
 
Sipoze nonm lan rete anndan lakay li, li reponn li: Kite m' an repo! Pňt la gen tan fčmen akle, ni mwen ni timoun yo, nou tout kouche deja. Mwen pa kapab leve pou m' ba ou biswit yo.  
 
Luk 11:8
 
M'ap di nou sa: Menm si li pa ta leve pou l' ba li biswit yo paske li se zanmi l', li gen pou l' leve pou l' ba li tou sa li bezwen, si zanmi an pa wont kontinye mande li.  
 
Luk 11:9
 
Mwen menm mwen di nou: Mande, y'a ban nou, chache n'a jwenn, frape y'a louvri pou nou.  
 
Luk 11:10
 
Paske, nenpňt moun ki mande, la resevwa; moun ki chache, la jwenn; y'a louvri pou moun k'ap frape.  
 
Luk 11:11
 
Eske yonn nan nou ki papa pitit ta bay pitit li yon koulčv si pitit la mande l' yon pwason?  
 
Luk 11:12
 
Osinon, čske la ba li yon čskňpyon si li mande l' yon ze?  
 
Luk 11:13
 
Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syčl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lč nou mande l' li.  
 
Luk 11:14
 
ś Jezi t'ap chase yon move lespri ki te rann yon nonm bčbč. Lč move lespri a soti, bčbč a pale. Foul moun yo menm te rete men nan bouch.  
 
Luk 11:15
 
Men, gen kčk moun ki t'ap di: Se Bčlzeboul, chčf move lespri yo, ki ba l' pouvwa chase move lespri yo.  
 
Luk 11:16
 
Gen lňt ki te vle pran l' nan pčlen: yo mande l' pou l' fč yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' pouvwa sa a.  
 
Luk 11:17
 
Jezi menm te konnen sak te nan lide yo. Li di yo konsa: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', kote moun ap goumen yonn ak lňt, peyi sa a la pou disparčt; menm kay yo gen pou tonbe yonn sou lňt.  
 
Luk 11:18
 
Konsa tou, si Satan ap konbat pwňp tčt li, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Nou di se Bčlzeboul ki ban m' pouvwa chase move lespri yo.  
 
Luk 11:19
 
Si mwen menm mwen chase move lespri ak pouvwa Bčlzeboul, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo chase move lespri yo? Se poutčt sa se yo menm k'ap ban nou tň.  
 
Luk 11:20
 
Non. Se avčk pouvwa Bondye mwen chase move lespri yo; sa vle di: Pouvwa gouvčnman Bondye ki Wa a gen tan rive sou nou.  
 
Luk 11:21
 
Lč yon nonm vanyan ap veye kay li, zam li nan men l', tout byen l' yo byen pwoteje.  
 
Luk 11:22
 
Men, si yon pi vanyan pase l' vin rive, l'ap bat li, l'ap wete zam ki te ba l' fňs yo nan men l', l'ap piye tou sa l' te genyen an l'ap separe ak lňt.  
 
Luk 11:23
 
Moun ki pa avčk mwen, se kont mwen yo ye; moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye.  
 
Luk 11:24
 
Lč yon move lespri soti nan yon nonm, li al pwonmennen toupatou nan dezč, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Si l' pa jwenn, l'ap di nan kč li: m'ap tounen lakay mwen kote m' soti a.  
 
Luk 11:25
 
Lč l' rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay byen bale, byen ranje.  
 
Luk 11:26
 
Lč sa a, li al chache sčt lňt lespri ki pi move pase li; yo antre nan kay la, yo enstale yo. Konsa, kondisyon nonm lan vin pi mal pase jan l' te ye anvan an.  
 
Luk 11:27
 
ś Pandan Jezi t'ap pale konsa, yon fanm pran pale byen fň nan mitan foul la, epi l' di: Fanm ki te pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni!  
 
Luk 11:28
 
Jezi reponn li: Moun ki koute pawňl Bondye epi ki mete l' an pratik, se yo menm Bondye beni.  
 
Luk 11:29
 
ś Anpil moun t'ap vin an kantite bň kot Jezi. Li pran di yo: Ala move moun se moun alčkile yo! Y'ap mande yon mirak ki pou fč yo wč Bondye dakň ak sa k'ap fčt la. Men, yo p'ap jwenn lňt mirak pase mirak Jonas la.  
 
Luk 11:30
 
Menm jan Jonas te yon avčtisman pou moun lavil Niniv yo, se konsa tou Moun Bondye voye nan lachč a va yon avčtisman pou moun alčkile yo.  
 
Luk 11:31
 
Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fč yo kondannen moun alčkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dčnye bout latč, pou l' te vin tande pawňl bon konprann wa Salomon yo. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase wa Salomon.  
 
Luk 11:32
 
Jou jijman an tou, moun lavil Niniv va leve kanpe y'a fč yo kondannen moun alčkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye, lč Jonas te fč yo konnen mesaj la. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.  
 
Luk 11:33
 
Pa gen moun ki pou kache yon lanp nan yon kwen osinon ki pou mete l' anba yon mamit lč l' fin limen li. Okontrč, l'ap mete l' sou yon etajč pou tout moun k'ap antre ka wč limyč a.  
 
Luk 11:34
 
Je ou se tankou yon lanp yo ye pou kň ou. Si je ou an bon eta, tout kň ou nan limyč. Men, si je ou an move eta, tout kň ou nan fčnwa.  
 
Luk 11:35
 
Fč sčten pou limyč ki anndan ou lan pa fčnwa.  
 
Luk 11:36
 
Paske si tout kň ou nan limyč san yon sčl pati ladan l' pa nan fčnwa, la klere nčt tankou lč yon lanp klere ou ak bčl limyč li.  
 
Luk 11:37
 
ś Lč Jezi fin pale, yon farizyen envite l' vin manje lakay li. Jezi antre, li al chita bň tab la.  
 
Luk 11:38
 
Farizyen an te sezi lč l' wč Jezi pa t' lave men l' anvan l' manje.  
 
Luk 11:39
 
Men, Jezi di li: Nou menm farizyen, se konsa nou ye. Nou netwaye tout deyň gode a ak deyň plat la, men anndan kč nou se lide vňlň ak mechanste ase ki genyen.  
 
Luk 11:40
 
Bann egare! Bondye ki fč deyň a, se li menm ki fč anndan an tou.  
 
Luk 11:41
 
Pito nou bay pňv tou sa ki nan gode nou yo ak nan plat nou yo. Lč sa a, anyen nan tou sa nou genyen p'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sčvi Bondye.  
 
Luk 11:42
 
Malč pou nou, farizyen! Nou bay Bondye ladim nan donn ti pye mant, pye sitwon ak pye legim. Men, nou pa fč sa ki dwat devan Bondye, nou pa renmen Bondye. Okontrč, se sa pou n' te fč san nou pa bliye fč lňt bagay yo tou.  
 
Luk 11:43
 
Malč pou nou, farizyen! Nan sinagňg yo, nou renmen chita kote pou tout moun wč nou, nou renmen pou moun bese jouk atč pou di nou bonjou sou plas piblik.  
 
Luk 11:44
 
Malč pou nou! Paske, nou tankou tonm ki ra tč: moun ap mache sou yo san yo pa konnen.  
 
Luk 11:45
 
Yonn nan dirčktč lalwa yo pran lapawňl, li di Jezi konsa: Mčt, lč ou pale konsa, ou joure nou tou wi.  
 
Luk 11:46
 
Epi Jezi reponn li: Malč pou nou tou, nou menm dirčktč lalwa yo! N'ap chaje moun ak chay ki twň lou pou pote. Men nou menm, nou pa menm manyen l' ak ti dwčt nou.  
 
Luk 11:47
 
Malč pou nou! N'ap bati bčl tonm pou pwofčt zansčt nou yo te touye.  
 
Luk 11:48
 
Lč nou fč sa, nou admčt zansčt nou yo te byen fčt; nou dakň ak yo: yo menm yo te touye pwofčt yo, nou menm n'ap bati tonm pou yo.  
 
Luk 11:49
 
Se poutčt sa Bondye te di nan bon konprann li: M'ap voye pwofčt avčk apňt ba yo; y'a touye kčk ladan yo, y'a pčsekite lňt yo.  
 
Luk 11:50
 
Se konsa moun alčkile yo ap reskonsab pou san tout pwofčt ki te koule depi lč Bondye te fin kreye latč;  
 
Luk 11:51
 
wi, depi san Abčl jouk san Zakari yo te touye ant lotčl la ak kote ki rezčve apa pou Bondye nan tanp lan. Wi. Se mwen k'ap di nou sa: Y'a mande moun alčkile yo kont pou tout krim sa yo.  
 
Luk 11:52
 
Malč pou nou, nou menm direktč lalwa yo! Nou pran kle ki pou louvri pňt kay konesans la: nou menm nou pa antre ladann, epi moun ki ta vle antre, nou anpeche yo antre.  
 
Luk 11:53
 
Lč Jezi kite kote l' te ye a, dirčktč lalwa yo ak farizyen yo kňmanse atake l' avčk fňs; yo t'ap poze l' keksyon sou anpil bagay.  
 
Luk 11:54
 
Yo t'ap pare pčlen pou li pou pran kčk pawňl nan bouch li.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Mark 1Luke 101 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Luke 12John 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards