All NT OTBook
Compare Texts
Mark 1 Mark 16

Luke 1:1-80

Luke 2 John 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Luk 1:1
 
ś Teofil chčf mwen, anpil moun te seye ekri istwa tout evčnman ki te pase nan mitan nou yo.  
 
Luk 1:2
 
Yo te rakonte yo jan nou te aprann yo nan bouch moun ki te wč yo ak pwňp je yo depi nan konmansman, moun ki te resevwa lňd mache fč konnen pawňl Bondye a.  
 
Luk 1:3
 
Se konsa, mwen menm tou, mwen chache konnen tout bagay sa yo byen depi nan konmansman yo. Koulye a, mwen kwč se yon bon bagay pou m' ekri yo tout, yonn apre lňt, jan sa te pase a pou ou menm tou, chčf mwen.  
 
Luk 1:4
 
Konsa wa kapab rekončt tou sa yo te moutre ou yo se verite yo ye.  
 
Luk 1:5
 
ś Nan tan Ewňd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prčt yo te rele Zakari. Li te fč pati gwoup prčt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabčt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprčt la.  
 
Luk 1:6
 
Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kňmandman Mčt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwňch.  
 
Luk 1:7
 
Men, yo pa t' gen pitit paske Elizabčt pa t' kapab fč pitit. Yo tou de te fin vye granmoun.  
 
Luk 1:8
 
Yon jou, Zakari te desčvis kou prčt devan Bondye, paske se te tou gwoup pa l' la.  
 
Luk 1:9
 
Dapre koutim sčvis la, yo te tire osň pou chwazi yonn nan prčt yo pou antre nan tanp Mčt la pou ofri lansan an. Twouve fwa sa a, se Zakari ki te soti.  
 
Luk 1:10
 
Tout mas pčp la t'ap lapriyč deyň, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an.  
 
Luk 1:11
 
Vwala, yon zanj Bondye parčt devan Zakari; li te kanpe sou bň dwat lotčl kote yo boule lansan an.  
 
Luk 1:12
 
Lč Zakari wč l', li sezi; li te pč anpil.  
 
Luk 1:13
 
Men zanj lan di li: Pa pč, Zakari. Bondye te tande lapriyč ou la. Elizabčt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan.  
 
Luk 1:14
 
Ala kontan wa kontan lč pitit sa a va fčt! Anpil lňt moun va kontan tou lč sa a.  
 
Luk 1:15
 
L'ap yon grannčg devan Bondye, Mčt la; li p'ap bwč ni diven, ni ankenn alkňl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a.  
 
Luk 1:16
 
L'ap fč anpil moun nan pčp Izrayčl la tounen vin jwenn Mčt la, Bondye yo a.  
 
Luk 1:17
 
L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofčt Eli te genyen an. L'ap fč papa vin byen ankň ak pitit; l'ap fč moun ki rebčl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pčp byen dispoze pou resevwa Mčt la.  
 
Luk 1:18
 
Zakari di zanj lan konsa: Ki jan pou m' fč kwč sa w'ap di m' la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou.  
 
Luk 1:19
 
Zanj lan reponn li: Mwen se Gabriyčl ki toujou kanpe nan sčvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m' pale avč ou, pou m' pote bon nouvčl sa a ba ou.  
 
Luk 1:20
 
Men, paske ou pa kwč pawňl mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin bčbč, ou p'ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive.  
 
Luk 1:21
 
Tout tan sa a, pčp la menm t'ap tann Zakari; yo te sezi wč jan l' te mize nan tanp lan.  
 
Luk 1:22
 
Men, lč Zakari soti, li pa t' kapab pale avčk yo. Lč sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fč yo yon bann siy ak men l', men li pa t' kapab pale.  
 
Luk 1:23
 
Lč tan sčvis li fini, Zakari tounen lakay li.  
 
Luk 1:24
 
Kčk tan apre sa, Elizabčt, madanm li, vin ansent. Li fč senk mwa kache lakay; li t'ap di:  
 
Luk 1:25
 
Gade sa Mčt la fč pou mwen non! Se koulye a sa fč l' plezi pou l' wete dezonč m' devan lčzňm.  
 
Luk 1:26
 
ś Sou sizyčm mwa gwosčs Elizabčt la, Bondye voye zanj Gabriyčl nan yon vil nan peyi Galile yo rele Nazarčt.  
 
Luk 1:27
 
Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Jozčf. Jozčf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari.  
 
Luk 1:28
 
Zanj lan antre lakay Mari, li di li: Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favč. Mčt la avčk ou.  
 
Luk 1:29
 
Lč Mari tande pawňl sa yo, tčt li te boulvčse, li t'ap mande nan kč l' kisa bonjou sa a te vle di.  
 
Luk 1:30
 
Men, zanj lan di li: Pa pč, Mari. Ou jwenn favč nan men Bondye.  
 
Luk 1:31
 
Ou pral vin ansent, ou va fč yon pitit gason. Wa rele l' Jezi.  
 
Luk 1:32
 
L'ap vin yon grannčg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syčl la. Mčt la, Bondye nou, va fč l' wa tankou David, gran granpapa li.  
 
Luk 1:33
 
La gouvčnen pčp Izrayčl la pou tout tan, gouvčnman l' lan p'ap janm fini.  
 
Luk 1:34
 
Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fč rive? Ala mwen poko janm konn gason!  
 
Luk 1:35
 
Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syčl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fčt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye.  
 
Luk 1:36
 
Ou konnen Elizabčt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l' ansent yon pitit gason. Yo te di l' pa t' kapab fč pitit, men li deja sou sis mwa gwosčs.  
 
Luk 1:37
 
Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fč.  
 
Luk 1:38
 
Mari di li: Men mwen, se sčvant Mčt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m' jan ou di a. Epi zanj lan kite li.  
 
Luk 1:39
 
ś Nan menm epňk sa a, Mari soti, li pran chemen pou l' rive byen vit nan yon bouk nan mňn peyi Jide a.  
 
Luk 1:40
 
Li antre lakay Zakari, li di Elizabčt bonjou.  
 
Luk 1:41
 
Lč Elizabčt tande Mari di l' bonjou, pitit la pran sote nan vant li. Lamenm Elizabčt vin anba pouvwa Sentespri.  
 
Luk 1:42
 
Li pran pale byen fň, li di konsa: Nan tout fanm ki sou latč, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li.  
 
Luk 1:43
 
Kisa m' ye menm, pou manman Mčt mwen vin rann mwen vizit?  
 
Luk 1:44
 
Gade! Bonjou ou la poko rive nan zňrčy mwen, pitit la pran sote nan vant mwen tčlman li kontan.  
 
Luk 1:45
 
Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwč tout pawňl Mčt la voye di ou yo gen pou rive vre.  
 
Luk 1:46
 
Lč sa a Mari di: Nanm mwen ap chante pou Mčt la ki gen pouvwa.  
 
Luk 1:47
 
Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.  
 
Luk 1:48
 
Paske li voye je l' sou mwen, yon sčvant ki soumčt devan li. Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni!  
 
Luk 1:49
 
Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fč anpil bčl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte.  
 
Luk 1:50
 
L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.  
 
Luk 1:51
 
Li fč lčzňm santi fňs ponyčt li. Li fč moun ki gen lňgčy ak gwo lide nan kč yo pčdi tčt yo.  
 
Luk 1:52
 
Li desann chčf ki te byen chita nan fotčy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.  
 
Luk 1:53
 
Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen.  
 
Luk 1:54
 
Li vin pote sekou bay pčp Izrayčl k'ap sčvi l' la. Li pa bliye fč wč jan li toujou gen kč sansib,  
 
Luk 1:55
 
pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomčs li te fč zansčt nou yo.  
 
Luk 1:56
 
Mari pase twa mwa konsa ak Elizabčt. Apre sa, li tounen lakay li.  
 
Luk 1:57
 
ś Lč jou pou Elizabčt akouche a rive, li fč yon pitit gason.  
 
Luk 1:58
 
Vwazinaj ak fanmi l' yo vin konnen jan Mčt la te fč Elizabčt yon gwo favč. Yo te kontan pou li.  
 
Luk 1:59
 
Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la; yo te vle rele l' Zakari, menm non ak papa li.  
 
Luk 1:60
 
Men, manman l' di yo: Non, se Jan pou l' rele.  
 
Luk 1:61
 
Yo di l' konsa: Men, pa gen pesonn nan fanmi ou ki rele Jan.  
 
Luk 1:62
 
Yo fč papa a siy pou mande l' ki non li ta vle bay pitit la.  
 
Luk 1:63
 
Zakari mande yo yon ti tablo, epi li ekri: Se Jan ki non li. Yo tout te sezi.  
 
Luk 1:64
 
Menm lč a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fň.  
 
Luk 1:65
 
Tout moun ki te nan vwazinaj la te pč; nouvčl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mňn Jidč a.  
 
Luk 1:66
 
Tout moun ki te tande pawňl sa yo t'ap kalkile nan kč yo; yonn t'ap di lňt: Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te avčk ti pitit la tout bon vre.  
 
Luk 1:67
 
ś Zakari, papa Jan, vin anba pouvwa Sentespri. Latou, li pran fč konnen pawňl Bondye te mete nan bouch li:  
 
Luk 1:68
 
Ann chante pou Mčt la, Bondye pčp Izrayčl la. Paske, li vin sove pčp li a, li delivre yo anba esklavaj.  
 
Luk 1:69
 
Li voye yon moun avek gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sčvitč Bondye a, li soti.  
 
Luk 1:70
 
Se sa menm Bondye te fč konnen nan bouch pwofčt li yo depi nan tan lontan.  
 
Luk 1:71
 
Li te pwomčt li t'ap delivre nou anba lčnmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo.  
 
Luk 1:72
 
Se konsa la gen pitye pou zansčt nou yo. Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a.  
 
Luk 1:73
 
Dapre sčman li te fč bay Abraram, zansčt nou an.  
 
Luk 1:74
 
Li te di l' konsa: Lč la fin delivre nou anba lčnmi nou yo, la fč nou sčvi l' san nou p'ap bezwen pč.  
 
Luk 1:75
 
Wi, la fč nou viv apa pou Bondye, la fč nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou.  
 
Luk 1:76
 
Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofčt Bondye ki anwo nan syčl la. Paske, wa pran devan Mčt la pou pare chemen an pou li.  
 
Luk 1:77
 
Ou pral moutre pčp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo.  
 
Luk 1:78
 
Tou sa, paske Bondye nou an gen kč sansib, li renmen nou anpil. L'ap fč yon limyč soti anwo vin klere nou tankou solčy k'ap leve.  
 
Luk 1:79
 
Li gen pou l' klere tout moun k'ap viv nan fčnwa ak nan lonbraj lanmň. Li gen pou l' fč nou mache nan chemen k'ap ban nou kč poze a.  
 
Luk 1:80
 
Ti pitit la menm t'ap grandi, lespri l' t'ap devlope. Li te rete nan dezč a jouk jou pou l' te parčt an piblik devan pčp Izrayčl la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Mark 1Mark 161 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 Luke 2John 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards