All NT OTBook
Compare Texts
Matthew 1 Mark 15

Mark 16:1-20

Luke 1 Luke 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Mar 16:1
 
ś Lč jou repo a te fin pase, Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak, ansanm ak Salome, te achte medikaman pou y' al benyen kň Jezi.  
 
Mar 16:2
 
Nan dimanch maten byen bonč, solčy te fčk ap leve, medam yo ale nan kavo a.  
 
Mar 16:3
 
Yonn t'ap di lňt: -Ki moun ki pral woule wňch ki devan bouch kavo a pou nou?  
 
Mar 16:4
 
Lč yo leve je yo, yo wč yo te gen tan woule wňch la sou kote. E se te yon gwo wňch.  
 
Mar 16:5
 
Yo antre nan kavo a, yo wč yon jenn gason chita sou bň dwat la; li te gen yon wňb tou blan sou li. Yo te sezi, yo te pč.  
 
Mar 16:6
 
Men, jenn gason an di yo: -Nou pa bezwen pč: N'ap chache Jezi, moun Nazarčt yo te kloure sou kwa a? Enben, li leve soti vivan nan lanmň, li pa isit la. Gade. Men kote yo te mete l' la.  
 
Mar 16:7
 
Ale di disip li yo ansanm ak Pyč, li al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wč l', jan l' te di yo a.  
 
Mar 16:8
 
Medam yo soti nan kavo a, yo pran kouri ale. Yo t'ap tranble kou fčy bwa, yo te pč anpil. Yo pa di pesonn anyen tčlman yo te pč.  
 
Mar 16:9
 
ś Nan dimanch maten, Jezi te leve soti vivan nan lanmň. Premye moun li te fč wč li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sčt move lespri.)  
 
Mar 16:10
 
Mari al pote nouvčl la bay moun ki te konn ak Jezi yo. Yo te nan lapenn anpil, yo t'ap kriye.  
 
Mar 16:11
 
Men, yo pa t' vle kwč Mari, lč l' te di yo: -Jezi vivan, mwen wč l' ak de je mwen.  
 
Mar 16:12
 
Apre sa, Jezi te parčt yon lňt jan ankň devan de nan disip yo, antan yo te nan chemen pou ale andeyň.  
 
Mar 16:13
 
Yo tounen sou chemen yo vin fč lňt yo konn sa. Men, lňt yo pa t' ankň vle kwč toujou.  
 
Mar 16:14
 
ś Pita, Jezi parčt devan tout onz disip yo yon lč yo t'ap manje. Li repwoche yo dčske yo pa t' gen konfyans, yo t'ap fč tčt di toujou, yo pa t' kwč moun ki te wč l' yo apre li te leve soti vivan pami mň yo.  
 
Mar 16:15
 
Epi li di yo: -Ale toupatou sou latč, anonse Bon Nouvčl la bay tout moun.  
 
Mar 16:16
 
Moun ki kwč epi ki resevwa batčm va delivre. Men, moun ki pa kwč va kondannen.  
 
Mar 16:17
 
Moun ki kwč va fč anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lňt lang.  
 
Mar 16:18
 
Yo ta mčt kenbe sčpan, yo ta mčt bwč pwazon, anyen p'ap rive yo. y'a mete men sou tčt moun malad, moun malad yo va geri.  
 
Mar 16:19
 
ś Apre Seyč Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syčl, li al chita sou bň dwat Bondye.  
 
Mar 16:20
 
Disip yo pati, y' al anonse Bon Nouvčl la toupatou. Seyč a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fč anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Matthew 1Mark 151 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 Luke 1Luke 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards