| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Num 36:1 | ś Moun branch fanmi Galarad yo se desandan Maki yo ye. Maki sa a se te pitit Manase, yonn nan de pitit Jozčf yo. Chčf fanmi moun Galarad yo al jwenn Moyiz ak lňt chčf branch fanmi pčp Izrayčl la,
| |
| | Num 36:2 | yo di yo konsa: -Seyč a te ba ou, Moyiz, lňd pou ou te separe peyi a bay chak branch fanmi Izrayčl la pa yo dapre sa ki va soti pou yo lč y'a tire osň. Apre sa, Seyč a ta ba ou lňd pou ou te pran pňsyon ki pou Zelochad, fanmi nou an, pou ou bay pitit fi li yo.
| |
| | Num 36:3 | Men, si medam sa yo marye ak yon nonm ki fč pati yon lňt branch nan fanmi pčp Izrayčl la, pňsyon ki pou yo a pral soti sou tč zansčt pa nou yo. Konsa, pňsyon tč ki pou branch fanmi nonm yo marye a pral vin pi plis, epi pňsyon tč ki te vin pou nou an lč yo te tire osň a pral vin pi piti.
| |
| | Num 36:4 | Lč lanne rejwisans lan va rive pou moun pčp Izrayčl yo, yo pral pran pňsyon tč ki te pou medam sa yo, yo pral wete l' nan pa branch fanmi zansčt nou yo, yo pral mete l' sou pa branch fanmi mari yo.
| |
| | Num 36:5 | ś Se konsa, dapre lňd Seyč a te ba li, Moyiz bay moun pčp Izrayčl yo regleman sa a pou yo swiv. Li di yo konsa: -Moun branch fanmi Jozčf yo gen rezon.
| |
| | Num 36:6 | Se poutčt sa, men lňd Seyč a bay: Pitit fi Zelochad yo lib marye moun yo vle, depi se yon moun ki nan menm branch fanmi ak yo.
| |
| | Num 36:7 | Pňsyon tč yon branch fanmi pa gen dwa pase pou yon lňt branch fanmi. Konsa, pňsyon tč yon fanmi va toujou rete nan fanmi an.
| |
| | Num 36:8 | Si yon fi vin eritye yon pňsyon nan tč yonn nan branch fanmi pčp Izrayčl la, se pou l' marye ak yon moun ki nan menm branch fanmi avč l'. Konsa, chak moun va kenbe eritaj zansčt yo nan fanmi an.
| |
| | Num 36:9 | Tč yon branch fanmi p'ap ka pase pou yon lňt branch fanmi. Konsa, pňsyon tč ki pou yon fanmi va toujou rete nan fanmi an.
| |
| | Num 36:10 | Se konsa, pitit fi Zelochad yo fč jan Seyč a te bay Moyiz lňd la.
| |
| | Num 36:11 | Mala, Tiza, Ogla, Milka ak Noa marye ak pitit gason tonton yo bň papa.
| |
| | Num 36:12 | Yo marye nan branch fanmi Manase, pitit Jozčf la. Konsa, pňsyon tč papa yo a rete nan menm branch fanmi an.
| |
| | Num 36:13 | Men tout lňd ak regleman Seyč a te bay Moyiz pou moun pčp Izrayčl yo, lč yo te nan plenn Moab yo, lňt bň larivyč Jouden, anfas lavil Jeriko.
| |