All NT OTBook
Compare Texts
Leviticus 1 Numbers 29

Numbers 30:1-16

Numbers 31 Deuteronomy 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Num 30:1
 
ś Moyiz pale ak chčf branch fanmi pčp Izrayčl yo. Li di yo konsa: -Men lňd Seyč a bay.  
 
Num 30:2
 
Lč yon moun fč yon ve l'ap bay Seyč a kichňy ou ankň lč yon moun pwomčt li p'ap fč yon bagay, li pa fčt pou l' pa kenbe pawňl. Se pou l' fč tou sa li te pwomčt l'ap fč a.  
 
Num 30:3
 
ś Si yon jenn fi ki lakay papa l' toujou fč yon ve l'ap bay Seyč a kichňy ou ankň li pwomčt pou l' pa fč yon bagay,  
 
Num 30:4
 
lč papa a vin konn sa, si li pa di l' anyen, jenn fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an, osinon pwomčs li te fč a.  
 
Num 30:5
 
Men, si lč papa a vin konn sa, li fč opozisyon, ni ve jenn fi a te pran yo ni pwomčs li te fč yo pa kenbe ankň: yo pa vo anyen. Seyč a p'ap gade sou sa, li p'ap fč l' anyen, paske se pa fňt li. Se papa l' ki derefize kite l' kenbe pawňl li.  
 
Num 30:6
 
Si yon jenn fi te anba obligasyon pou l' te kenbe yon ve li te pran osinon yon pwomčs li te fč, menm si li te pran yo an jwčt, si li rive marye,  
 
Num 30:7
 
epi mari a pa di l' anyen lč li vin konn sa, fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomčs li te fč a.  
 
Num 30:8
 
Men, si jou mari a vin konn sa li fč opozisyon, lamenm li wete fanm lan anba obligasyon li te genyen pou l' te kenbe ve li te pran an osinon pwomčs li te fč a. Seyč a p'ap gade sou sa, li p'ap fč l' anyen.  
 
Num 30:9
 
Men lč yon fanm ki včv osinon ki divňse fč yon ve pou l' bay Seyč a kichňy, osinon li pwomčt pou l' pa fč yon bagay, se pou l' kenbe pawňl li.  
 
Num 30:10
 
Si yon madanm marye, antan li lakay mari l', pran yon ve pou fč kichňy osinon pwomčt pou l' pa fč yon bagay,  
 
Num 30:11
 
epi si lč mari l' vin konn sa, li pa di l' anyen, li pa fč okenn opozisyon, fanm lan gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomčs li te fč a, nenpňt kisa yo te ye.  
 
Num 30:12
 
Men, si mari a vin konn sa, epi menm jou li vin konn sa a, li di li pa dakň, fanm lan p'ap nan obligasyon pou l' kenbe pawňl ni pou ve li te pran an, ni pou pwomčs li te fč a. Se mari a ki te derefize kite l' kenbe pawňl li. Konsa, Seyč a p'ap gade sou sa, li p'ap fč l' anyen.  
 
Num 30:13
 
Yon mari gen dwa dakň, konsa tou li gen dwa refize dakň kite madanm li kenbe pawňl li, ni pou ve madanm li te pran an, ni pou pwomčs li te fč a.  
 
Num 30:14
 
Men, si apre mari a vin konn sa li kite yon jou pase, li pa di l' anyen ankň, sa vle di li dakň ak ve madanm li te pran an osinon ak pwomčs madanm lan te fč a. Depi mari a pa di l' anyen lč li vin konn sa, sa vle di se dakň li dakň.  
 
Num 30:15
 
Men si, apre mari a vin konn angajman madanm lan te pran an, mari a kite kčk jou pase anvan li di li pa dakň, se li menm k'ap sibi chatiman ki pou ta tonbe sou madanm lan pou pawňl li pa kenbe a.  
 
Num 30:16
 
Men tout regleman Seyč a te bay Moyiz pou yon fanm ki fč ve osinon ki pran yon angajman. Si li marye, men tout jan mari a ka boule avč l' nan ka sa a. Si li poko marye, li lakay papa l' toujou, men tout jan papa a ka pran sa.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Leviticus 1Numbers 292 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 36 Numbers 31Deuteronomy 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards