| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Num 3:1 | ś Lč nou remoute nan tan Seyč a te pale ak Moyiz sou mňn Sinayi a, men moun ki te nan fanmi Arawon ak Moyiz.
| |
| | Num 3:2 | Men non pitit Arawon yo: se te Nadab, pi gran an. Apre li vin Abiyou, Eleaza ak Itama.
| |
| | Num 3:3 | Se yo menm Bondye te chwazi, li te ba yo pouvwa pou yo te sčvi l' prčt.
| |
| | Num 3:4 | Men, Nabad ak Abiyou te mouri nan dezč Sinayi a, lč yo te ofri bay Seyč a yon dife yo pa t' gen dwa ofri ba li. Yo pa te gen pitit. Konsa, se Eleaza ak Itama ki te sčvi prčt ansanm ak Arawon, papa yo.
| |
| | Num 3:5 | Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
| |
| | Num 3:6 | -Fč moun fanmi Levi yo pwoche. Mete yo ansanm ak Arawon, prčt la, pou yo ka ede l' nan travay l'ap fč a.
| |
| | Num 3:7 | Y'a travay nan kay Bondye a, y'a fč tout kalite sčvis ki gen pou fčt pou Arawon ak pou pčp la devan Tant Randevou a.
| |
| | Num 3:8 | Yo va reskonsab tout bagay ki anndan Tant Randevou a. Y'a fč tout travay moun Izrayčl yo ta gen pou yo fč nan Tant Randevou a.
| |
| | Num 3:9 | W'a mete yo sou kont Arawon ak pitit gason l' yo. Wi, nan tout moun pčp Izrayčl yo, w'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo sou kont prčt yo pou toutan.
| |
| | Num 3:10 | Men, w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo reskonsablite tout travay prčt yo. Si yon lňt moun ki pa prčt ta konprann pou li fč travay prčt yo, se pou yo touye l'.
| |
| | Num 3:11 | Seyč a pale ak Moyiz, li di l' ankň:
| |
| | Num 3:12 | -Gade non! Nan tout moun pčp Izrayčl yo, mwen chwazi moun fanmi Levi yo. Mwen pran yo nan plas premye pitit gason moun pčp Izrayčl yo. Se pou mwen yo ye.
| |
| | Num 3:13 | Paske, tout premye pitit gason yo se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, mwen te mete tout premye pitit gason moun pčp Izrayčl yo apa pou mwen, ansanm ak tout premye ti mal bčt yo fč. Se pou mwen menm yo tout ye. Se mwen menm ki Seyč a.
| |
| | Num 3:14 | ś Seyč a pale ak Moyiz nan dezč Sinayi a, li di l' konsa:
| |
| | Num 3:15 | -Ou pral fč resansman tout moun Levi yo, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansčt yo. W'a konte tout gason depi sa ki gen yon mwa depi yo fčt jouk sa ki pi gran yo.
| |
| | Num 3:16 | Moyiz fč resansman an dapre lňd Seyč a te ba l' a. Li konte yo jan Seyč a te di l' fč l' la.
| |
| | Num 3:17 | Men non twa pitit gason Levi yo: Se te Gčchon, Keyat ak Merari.
| |
| | Num 3:18 | Men non pitit Gčchon yo ak tout fanmi yo: Se te Libni ak Chimčyi.
| |
| | Num 3:19 | Men non pitit Keyat yo ak tout fanmi yo: Se te Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyčl.
| |
| | Num 3:20 | Men non pitit gason Merari yo ak tout fanmi yo: Se te Makli ak Mouchi. Men non fanmi moun Levi yo, dapre non zansčt yo.
| |
| | Num 3:21 | Te gen de fanmi nan branch Gčchon an: Se te pitit Libni yo ak pitit Chimeyi yo. Se tout fanmi Gčchon yo sa.
| |
| | Num 3:22 | Lč yo konte gason yo, depi sa ki te gen yon mwa depi yo fčt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn sčtmil senksan (7.500) gason.
| |
| | Num 3:23 | Fanmi sa yo te rete dčyč kay Bondye a, sou bň solčy kouche.
| |
| | Num 3:24 | Se Elyasaf, pitit gason Layčl la, ki te chčf fanmi Gčchon yo.
| |
| | Num 3:25 | Se yo ki te reskonsab kay Bondye a, ak de tant ki kouvri l' yo, rido ki nan pňt devan Tant Randevou a,
| |
| | Num 3:26 | rido pou galeri ki fč wonn Tant Randevou a ak lotčl la, rido ki nan pňt devan galeri a ak tout kňd yo bezwen pou sčvi nan kay Bondye a.
| |
| | Num 3:27 | Te gen kat fanmi nan branch Keyat la: Se te pitit Amram yo, pitit Jizeya yo, pitit Ebwon yo ak pitit Ouzyčl yo. Se tout fanmi Keyat yo sa.
| |
| | Num 3:28 | Lč yo konte tout gason yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fčt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn witmil sisan (8.600) gason. Se yo ki te reskonsab kote ki apa nčt pou Seyč a nan kay Bondye a.
| |
| | Num 3:29 | Fanmi sa yo te moute kan yo sou bň sid kay Bondye a.
| |
| | Num 3:30 | Se Elizafan, pitit gason Ouzyčl la, ki te chčf fanmi Keyat yo.
| |
| | Num 3:31 | Se yo ki te reskonsab Bwat Kontra a, tab la, gwo lanp sčt branch lan, lotčl yo ak tout bagay ki sčvi nan kote ki apa nčt pou Bondye a, rido yo ansanm ak tout bagay ki mache avčk rido yo.
| |
| | Num 3:32 | Se Eleaza, pitit gason Arawon, prčt la, ki te chčf tout chčf fanmi Levi yo. Se li ki te kontwole travay moun ki te reskonsab kote ki apa nčt pou Seyč a.
| |
| | Num 3:33 | Te gen de fanmi nan branch fanmi Merari a: se te pitit Makli yo ak pitit Mouchi yo. Se tout fanmi Merari yo sa.
| |
| | Num 3:34 | Lč yo konte tout gason yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fčt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn simil desan (6.200) gason.
| |
| | Num 3:35 | Se Zouryčl, pitit gason Abikayil la, ki te chčf fanmi Merari yo. Yo te moute kan yo sou bň nň kay Bondye a.
| |
| | Num 3:36 | Se yo ki te reskonsab ankadreman pou soutni kay Bondye a, travčs yo, poto yo, sipň yo ak tout rido yo ansanm ak tout bagay ki sčvi ak yo.
| |
| | Num 3:37 | Yo te reskonsab poto, sipň, pikčt ak kňd pou soutni galeri yo tou.
| |
| | Num 3:38 | Moyiz, Arawon ak pitit gason l' yo te moute kay pa yo devan Tant Randevou a, sou bň lčs. Se yo ki te reskonsab pou fč sčvis nan kote ki apa nčt pou Bondye a pou pčp Izrayčl la. Tout lňt moun ki ta konprann pou yo fč travay prčt yo, se pou yo touye yo.
| |
| | Num 3:39 | Lč Moyiz ak Arawon te fč resansman moun fanmi Levi yo, chak fanmi apa, dapre lňd Seyč a te bay yo a, yo jwenn antou venndemil (22.000) gason, depi sa ki te gen yon mwa depi yo te fčt jouk sa ki pi gran yo.
| |
| | Num 3:40 | ś Seyč a di Moyiz konsa: -Pran non tout premye pitit gason moun pčp Izrayčl yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fčt jouk sa ki pi gran yo. W'a konte konbe ki genyen.
| |
| | Num 3:41 | Se mwen menm ki Seyč a. W'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pčp Izrayčl yo. Konsa tou, w'a pran tout bčt ki pou moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas premye ti mal bčt moun Izrayčl yo va fč.
| |
| | Num 3:42 | Moyiz pran non tout premye pitit gason moun pčp Izrayčl yo, dapre lňd Seyč a te ba l' a.
| |
| | Num 3:43 | Li konte tout premye pitit gason yo, depi sa ki te gen yon mwa jouk sa ki pi gran yo. Li jwenn venndemil desanswasanntrčz (22.273).
| |
| | Num 3:44 | Apre sa, Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
| |
| | Num 3:45 | -Pran moun fanmi Levi yo, mete yo apa pou mwen nan plas premye pitit gason moun pčp Izrayčl yo. Epi w'a mete bčt moun Levi yo apa pou mwen tou nan plas premye ti mal bčt moun pčp Izrayčl yo va fč. Konsa, tout moun Levi yo va pou mwen. Se mwen menm ki Seyč a.
| |
| | Num 3:46 | Ou te jwenn te gen plis premye pitit gason nan pčp Izrayčl la pase te gen moun Levi. Te gen desanswasanntrčz (273) an plis. Men sa pou yo peye pou sove lavi desansousanntrčz premye pitit gason sa yo.
| |
| | Num 3:47 | Pou yo chak, y'a bay senk pyčs ajan, dapre sistčm lajan yo sčvi nan kay Bondye a: vin gara pou yon pyčs ajan.
| |
| | Num 3:48 | W'a pran lajan yo peye pou sove lavi sa ki an plis yo, w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo.
| |
| | Num 3:49 | Se konsa, Moyiz pran lajan yo te peye pou sove lavi premye pitit gason ki te an plis sou kantite moun Levi yo.
| |
| | Num 3:50 | Li pran mil twasanswasannsenk (1.365) pyčs lajan nan men premye pitit moun Izrayčl yo, dapre sistčm lajan yo sčvi nan kote ki apa pou Bondye a.
| |
| | Num 3:51 | Apre sa, Moyiz pran tout lajan yo te peye pou sove lavi rčs premye pitit gason yo, dapre lňd Seyč a te bay la, li bay Arawon ak pitit gason l' yo, jan Seyč a te ba li lňd la.
| |