| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Num 25:1 | ś Pčp Izrayčl la vin moute tant yo nan Fon Zakasya yo. Lč sa a, mesye yo konmanse lage kň yo nan vagabondaj ak fanm peyi Moab yo.
| |
| | Num 25:2 | Medam peyi Moab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bčt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pčp Izrayčl yo ale vre, yo manje epi yo sčvi bondye moun Moab yo.
| |
| | Num 25:3 | Se konsa pčp Izrayčl la pran sčvi Baal-Peyň. Sa te fč Seyč a ankňlč anpil sou moun pčp Izrayčl yo.
| |
| | Num 25:4 | Seyč a di Moyiz konsa: -Pran tout chčf pčp la, pann yo gwo midi devan mwen. Konsa, mwen p'ap ankňlč sou yo ankň.
| |
| | Num 25:5 | Moyiz di chčf ki te reskonsab pčp la: -Se pou nou chak nou touye tout gason nan moun nou yo ki te al sčvi Baal-Peyň.
| |
| | Num 25:6 | ś Lč sa a, antan tout moun yo t'ap kriye sou devan pňt Tant Randevou a, yonn nan gason pčp Izrayčl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pčp Izrayčl la.
| |
| | Num 25:7 | Lč Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit Arawon, prčt la, wč sa, li leve, li kite moun yo kote yo te reyini an, li pase men l', li pran yon frenn.
| |
| | Num 25:8 | Li swiv nonm lan ak fanm lan anba tant lan, epi li pčse tou de, ni nonm lan ni fanm lan, ak frenn lan anba ti vant yo. Lamenm, epidemi ki t'ap ravaje pčp la sispann.
| |
| | Num 25:9 | Te gen vennkatmil (24.000) moun ki te gen tan mouri nan epidemi an.
| |
| | Num 25:10 | Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
| |
| | Num 25:11 | -Se Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit gason Arawon prčt la, ki te fč m' sispann ankňlč sou pčp la. Paske nan tout moun sa yo, se li menm ki pa t' ka sipňte wč yon moun nan pčp Izrayčl la kite m' pou l' al sčvi yon lňt bondye. Se poutčt sa, atout mwen t'ap fč jalouzi a, mwen pa fin touye tout pčp la nčt.
| |
| | Num 25:12 | Men sa pou ou di Fineas pou mwen: m'ap siyen yon kontra avč l' ki pou ba li kč poze.
| |
| | Num 25:13 | M'ap mete li, li menm ak tout ras fanmi l' apre li, pou yo sčvi m' prčt pou tout tan. Paske li te fč m' wč jan li pa t' tolere moun sčvi lňt bondye pase mwen. Se konsa li fč m' padonnen sa pčp la te fč ki mal la.
| |
| | Num 25:14 | Nonm pčp Izrayčl ki te mouri ansanm ak fanm peyi Madyan an te rele Zimri. Se te pitit gason Salou, chčf nan branch fanmi Simeyon an.
| |
| | Num 25:15 | Fanm peyi Madyan yo te touye a te rele Kozbi. Se te pitit fi Sou, ki li menm te chčf yon branch nan fanmi moun Madyan yo.
| |
| | Num 25:16 | ś Lč sa a, Seyč a pale ak Moyiz, li di l':
| |
| | Num 25:17 | -Al atake moun Madyan yo. Bat yo byen bay.
| |
| | Num 25:18 | Paske se yo menm ki te atake nou anvan ak malefis yo te voye sou nou nan zafč Peyň a, ak nan zafč Kozbi a, pitit fi chčf peyi Madyan an, moun menm ras ak yo a, fanm yo te touye lč epidemi te tonbe sou nou nan peyi Peyň a.
| |