All NT OTBook
Compare Texts
Leviticus 1 Numbers 23

Numbers 24:1-25

Numbers 25 Deuteronomy 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Num 24:1
 
ś Lč sa a, Balaram te fin konprann se yon sčl bagay Seyč a te vle, se beni pou li beni pčp Izrayčl la. Se poutčt sa, li pa fč tankou lňt fwa yo. Li pa al chache konnen sa Seyč a te vle fč l' konnen an. Men, li bay fas li sou dezč a.  
 
Num 24:2
 
Li leve je l', epi li wč moun pčp Izrayčl yo ak tant yo byen ranje, chak branch fanmi apa. Lespri Bondye desann sou li.  
 
Num 24:3
 
Epi li pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bčyň, m'ap di: Men pawňl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a,  
 
Num 24:4
 
pawňl moun ki te tande sa Bondye ap di a, pawňl moun ki te wč sa Bondye ki gen tout pouvwa a fč l' wč a. Lč sa a, li te tonbe fas atč, men Bondye te louvri je l'.  
 
Num 24:5
 
Ala bčl tant nou yo bčl, moun Jakňb yo! Ala bčl kote nou rete a bčl, moun Izrayčl yo!  
 
Num 24:6
 
Yo laji kň yo tankou dlo larivyč k'ap desann. Yo tankou jaden k'ap pouse sou bň larivyč, tankou yon pye lalwa Bondye li menm ta plante, tankou yon pye sčd k'ap grandi bň kannal dlo.  
 
Num 24:7
 
Lame pčp Izrayčl la ap fč nasyon yo tranble. Pčp Izrayčl la ap donminen sou anpil lňt pčp. Wa li yo ap pi fň pase wa Agag, Y'ap gouvčnen sou anpil nasyon.  
 
Num 24:8
 
Bondye te mennen yo soti kite peyi Lejip. Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon. L'ap manje tout nasyon ki pa vle wč yo. L'ap kraze tout zo yo an miyčt moso. L'ap pčse yo pak an pak ak flčch li yo.  
 
Num 24:9
 
Pčp Izrayčl la chita atč a, l' ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmčl lyon. Lč l'ap dňmi, ki moun ki ka penmčt yo leve l'? benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pčp Izrayčl la! Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pčp Izrayčl la!  
 
Num 24:10
 
ś Lč sa a, Balak fč yon sčl move sou Balaram, li frape pye l' atč, li di konsa: -Mwen te rele ou isit la pou bay lčnmi m' yo madichon pou mwen. Men, gade sa ou fč. Se beni ou beni yo pito. Sa fč twa fwa ou fč sa.  
 
Num 24:11
 
Koulye a, pito ou kouri al lakay ou, tande. Mwen te pwomčt pou m' te fč anpil bčl bagay pou ou. Men, gade sa Seyč a fč ou: ou pčdi tout.  
 
Num 24:12
 
Balaram reponn, li di l' konsa: -Mwen te tou pale moun ou te voye chache m' yo. Mwen te di yo:  
 
Num 24:13
 
Balak te mčt ban mwen kay li plen ajan ak lň, mwen p'ap fč anyen poutčt pa m' ki pou fč m' dezobeyi lňd Seyč a, ni an byen ni an mal. Sa Seyč a di m' di, se sa ase m'ap di.  
 
Num 24:14
 
Balaram di Balak ankň: -Wi, koulye a mwen pral lakay mwen. Men, anvan m' ale, vini m' di ou kisa pčp Izrayčl la pral fč pčp ou a nan jou k'ap vini yo.  
 
Num 24:15
 
ś Epi Balaram pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bčyň, m'ap di. Men pawňl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a,  
 
Num 24:16
 
moun ki ka tande sa Bondye ap di a, moun ki gen konesans ki soti nan men Bondye ki anwo nan syčl la, moun ki te wč sa Bondye ki gen tout pouvwa a fč l' wč a. Li te tonbe fas atč, men Bondye te louvri je l'.  
 
Num 24:17
 
Mwen wč sa ki gen pou rive pčp Izrayčl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wč yon chčf k'ap soti nan fanmi Jakňb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pčp Izrayčl la. L'ap kraze chčf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sčt yo.  
 
Num 24:18
 
Y'a deposede moun Edon yo. Y'a pran peyi Seyi a nan men lčnmi l' yo. Men, yo menm, moun Izrayčl yo, y'ap fč mčvčy nan lagč.  
 
Num 24:19
 
Yon gwo chčf pral soti nan pčp Izrayčl la. L'a gouvčnen sou yo tout. L'a touye rčs moun ki te rete nan lavil yo apre batay la.  
 
Num 24:20
 
Apre sa, Balaam wč moun Amalčk yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Moun Amalčk yo, se yon nasyon ki fň anpil. Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparčt nčt.  
 
Num 24:21
 
Apre sa, Balaram wč moun Kayen yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Kote ou rete a ou byen pwoteje. Ou ta di yon nich poze sou tčt yon gwo falčz.  
 
Num 24:22
 
Men, wč pa wč, moun Kayen yo la pou yo fini mal. Peyi Lasiri va depňte yo.  
 
Num 24:23
 
Balaram pran pale ankň. Li bay mesaj sa a, li di ankň: -Kilčs ki va la lč Bondye va fč tou sa?  
 
Num 24:24
 
Lč sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilňn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparčt nčt tou.  
 
Num 24:25
 
Apre sa, Balaram leve, li tounen tounen l' lakay li. Epi Balak al fč wout li.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Leviticus 1Numbers 232 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 36 Numbers 25Deuteronomy 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards