All NT OTBook
Compare Texts
Leviticus 1 Numbers 18

Numbers 19:1-22

Numbers 20 Deuteronomy 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Num 19:1
 
ś Seyč a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:  
 
Num 19:2
 
-Men yon regleman Seyč a bay lňd pou yo swiv tankou yon lwa: Men sa li di: Mande moun pčp Izrayčl yo pou yo fč ou jwenn yon gazčl pwal koulč wouj, ki pa gen okenn enfimite e ki poko janm travay.  
 
Num 19:3
 
W'a renmčt Eleaza, prčt la, li. L'a fč l' soti andeyň limit kan kote moun yo rete a, epi l'a fč yo touye l' devan je li.  
 
Num 19:4
 
Apre sa, Eleaza va pran ti gout nan san an. Epi, kote l' kanpe a, avčk dwčt li, l'a voye san an sčt fwa nan direksyon Tant Randevou a.  
 
Num 19:5
 
Lčfini, y'a boule tout bčt la nčt devan je prčt la: po a, vyann lan, san an ansanm ak tout tripay la.  
 
Num 19:6
 
Prčt la va pran kčk moso bwa sčd, kčk branch izňp, yon moso twal wouj, l'a jete yo nan boukan dife kote gazčl la ap boule a.  
 
Num 19:7
 
Apre sa, prčt la va lave rad ki te sou li, l'a benyen nan gwo dlo. Lčfini, l'a tounen antre nan kan an. Prčt la p'ap nan kondisyon pou l' fč okenn sčvis pou Bondye jouk aswč.  
 
Num 19:8
 
Moun ki te boule gazčl la va lave rad ki te sou l' a, epi l'a benyen nan gwo dlo tou. Li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' fč okenn sčvis pou Bondye jouk aswč.  
 
Num 19:9
 
Yon lňt moun ki nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye va ranmase tout sann gazčl wouj la, l'a mete l' yon kote ki apa pou Bondye andeyň limit kan kote moun yo rete a. Y'a konsčve sann lan pou lč moun pčp Izrayčl yo va bezwen pran ladan l' pou pare dlo y'a sčvi pou mete nenpňt bagay nan kondisyon pou fč sčvis Bondye ankň, lč y'ap fč sčvis pou mande Bondye padon pou sa yo fč ki mal.  
 
Num 19:10
 
Nonm ki te ranmase sann gazčl la va lave rad ki te sou l' a, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fč okenn sčvis pou Bondye jouk aswč. Sa se va yon regleman pou tout moun nan peyi a toujou swiv, kit se moun pčp Izrayčl yo, kit se moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan yo.  
 
Num 19:11
 
ś Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, pandan sčt jou apre sa, li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis pou Bondye.  
 
Num 19:12
 
L'a fč sčvis pou mande Bondye gras avčk dlo yo pare pou sa a sou twazyčm jou a ak sou setyčm jou a. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye. Men, si li pa fč sčvis pou mande Bondye gras sou twazyčm jou a ak sou setyčm jou a, li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis Bondye.  
 
Num 19:13
 
Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, si li pa fč sčvis pou mande Bondye gras, piga li pwoche bň Tant Randevou a pou li pa derespekte tant lan. Si li fč sa, se pou yo touye l'. Se pou yo konsidere moun sa a tankou yon moun ki pa fč pati pčp Bondye a, paske yo pa t' voye dlo pou mete nan bon kondisyon an sou li, li pa nan kondisyon pou l' sčvi Bondye. Toutotan yo pa fč sčvis la pou li, l'ap rete nan kondisyon sa a.  
 
Num 19:14
 
Men regleman pou yo swiv: lč yon moun mouri nan yon kay, tout moun ki te nan kay la lč lanmň a, ou ankň tout moun ki vin antre nan kay la apre sa, p'ap nan kondisyon pou fč sčvis Bondye pandan sčt jou.  
 
Num 19:15
 
Tout veso ki pa kouvri ak yon kouvčti byen mare sou li p'ap ka sčvi pou moun ki nan kondisyon pou sčvi Bondye.  
 
Num 19:16
 
Konsa tou, depi yon moun k'ap mache nan jaden manyen kadav yon moun mouri, kit moun lan mouri mň natirčl, kit se ansasinen yo te ansasinen l', osinon depi yon moun manyen zosman yon moun mouri oswa tonm kote yo antere yon moun mouri, moun sa a p'ap nan kondisyon pou l' sčvi Bondye pandan sčt jou.  
 
Num 19:17
 
Si yon moun ta rive nan kondisyon sa a konsa, y'a pran ti gout nan sann gazčl yo te boule pou wete peche a, y'a mete l' nan yon veso, epi y'a vide ti gout dlo dous sou li.  
 
Num 19:18
 
Nan premye ka a, yon moun ki nan kondisyon pou fč sčvis Bondye va pran yon branch izňp, l'a plonje l' nan dlo a, epi l'a voye dlo sou kay la, sou tout bagay ki ladan l' ak sou tout moun ki te la nan kay la. Nan dezyčm ka a, l'a voye dlo a sou moun lan, kit li te manyen zosman moun mouri osinon kadav moun yo te ansasinen, osinon kadav moun ki te mouri mň natirčl, kit li te manyen yon tonm moun mouri.  
 
Num 19:19
 
Sou twazyčm jou a ak sou setyčm jou a, nonm ki nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye a va voye dlo a sou moun ki pa nan kondisyon pou sčvi Bondye a. Sou setyčm jou a, l'a fč sčvis pou mande Bondye gras pou nonm lan. Apre sa, nonm lan va lave rad ki sou l' a, l'a benyen nan gwo dlo. Men, se lč solčy va fin kouche la nan kondisyon ankň pou l' fč sčvis Bondye.  
 
Num 19:20
 
Men lč yon nonm pa nan kondisyon pou fč sčvis Bondye, si li pa fč sčvis pou mande Bondye gras, se pou yo konsidere l' tankou yon moun ki pa fč pati pčp Bondye a. Li pa ka pwoche bň Tant Randevou a pou l' pa derespekte l'. Toutotan yo pa fč pou li sčvis voye dlo ki pou mete l' nan bon kondisyon an, l'ap rete nan kondisyon pou l' pa ka fč sčvis Bondye.  
 
Num 19:21
 
Se va la yon regleman pou yo toujou swiv tout tan. Moun ki te voye dlo sou lňt la pou mete l' nan bon kondisyon an, va gen pou l' lave rad ki te sou l' a tou. Depi yon moun manyen dlo pou mete nan bon kondisyon an, li p'ap nan kondisyon pou l' fč sčvis pou Bondye jouk nan aswč menm jou a.  
 
Num 19:22
 
Depi yon nonm ki pa nan kondisyon pou sčvi Bondye manyen yon bagay, moun ki nan kondisyon pou sčvi Bondye pa ka sčvi ak bagay sa a. Depi yon moun manyen yon bagay konsa, li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' sčvi Bondye jouk aswč rive.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Leviticus 1Numbers 182 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 36 Numbers 20Deuteronomy 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards