| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Num 18:1 | ś Seyč a di Arawon konsa: -Se ou menm, pitit gason ou yo ansanm ak tout lňt moun nan branch fanmi Levi a, ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan tant yo mete apa pou Bondye a. Men, se ou menm ak pitit gason ou yo ase ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan travay prčt yo gen pou fč a.
| |
| | Num 18:2 | W'a pran fanmi ou yo, moun branch fanmi Levi, granpapa ou la, w'a mete yo ansanm avč ou pou yo ka ede ou, pandan ou menm ak pitit gason ou yo, n'ap fč travay nou devan Tant Randevou a.
| |
| | Num 18:3 | Y'a fč tou sa yo gen pou yo fč pou ou, ak tou sa pou yo fč nan kay Bondye a. Men, se pa pou yo janm pwoche bň bagay yo mete apa pou Bondye yo, ni bň lotčl yo. Si yo fč sa, ni ou menm ni yo menm, n'ap mouri.
| |
| | Num 18:4 | Y'a travay ansanm avč ou, y'a fč tou sa y'a gen pou yo fč nan kay Bondye a, nan tout travay ki gen pou fčt nan kay Bondye a. Pesonn lňt pa gen dwa travay avč ou.
| |
| | Num 18:5 | Men, ou menm ak pitit gason ou yo, n'a fč tou sa nou gen pou nou fč nan kote ki apa pou Seyč a, tou sa nou gen pou nou fč pou lotčl la. Konsa, mwen p'ap janm fache ankň sou moun pčp Izrayčl yo.
| |
| | Num 18:6 | Se mwen menm ki te pran fanmi ou yo, moun Levi yo, ki te chwazi yo nan mitan tout moun pčp Izrayčl yo, mwen mete yo apa pou mwen. Se mwen ki ba ou yo pou yo ka travay nan Tant Randevou a.
| |
| | Num 18:7 | Men, se ou menm sčl ak pitit gason ou yo ki pou fč travay prčt yo bň lotčl la ak dčyč rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sčvi m' prčt. Se yon kado mwen fč nou. Se pou yo touye nenpňt lňt moun ki va pwoche bň bagay yo mete apa pou mwen yo.
| |
| | Num 18:8 | ś Apre sa, Seyč a di Arawon konsa: -Chonje mwen pran yon pňsyon nan tout ofrann moun pčp Izrayčl yo fč pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pňsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lč mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an.
| |
| | Num 18:9 | Nan ofrann yo mete apa nčt pou mwen yo, lč ou fin wete pňsyon pou boule nan dife a, tout rčs la va pou nou: tout ofrann grenn ki donnen nan jaden, tout ofrann pou mande Bondye padon, tout ofrann pou repare sa yo fč ki mal. Tou sa yo ofri ban mwen tankou yon ofrann yo mete apa pou mwen, se pou ou ak pou pitit gason ou yo y'a ye.
| |
| | Num 18:10 | N'a manje yo yon kote yo mete apa pou Seyč a. Se gason ase ki pou manje ladan yo. Konsidere ofrann sa yo tankou bagay ki apa pou Seyč a.
| |
| | Num 18:11 | Lčfini, tout ofrann espesyal moun pčp Izrayčl yo va fč pou yo balanse devan Seyč a, se pou ou yo va ye tou. M'ap ba ou yo pou ou, pou pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo, dapre yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Tout moun nan fanmi ou ki nan kondisyon pou fč sčvis pou mwen va gen dwa manje ladan l'.
| |
| | Num 18:12 | M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekňt y'ap ofri bay Seyč a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden.
| |
| | Num 18:13 | Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Seyč a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sčvi Seyč a va gen dwa manje ladan yo.
| |
| | Num 18:14 | Tout bagay moun pčp Izrayčl yo pran angajman mete apa pou Seyč a va pou ou tou.
| |
| | Num 18:15 | Tout premye pitit, kit se pitit moun, kit se pitit bčt, y'a mete yo apa pou mwen, e se pou ou yo va ye tou. Men, se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit moun ak tout premye pitit bčt ki pa ka sčvi ofrann pou mwen.
| |
| | Num 18:16 | Lč premye pitit gason an va gen yon mwa, w'a fč yo peye ou senk pyčs ajan dapre sistčm yo sčvi nan kay Bondye a, -vin gera pou yon pyčs ajan -,pou yo ka achte lavi l' nan men m'.
| |
| | Num 18:17 | Men, pou premye ti mal yon manman bčf osinon yon manman kabrit ou ankň yon manman mouton fč, ou p'ap asepte anyen pou yo. Se bagay ki apa pou mwen nčt. Se pou yo touye yo. Y'a vide san yo sou lotčl la, w'a boule grčs yo. Se va yon ofrann y'a boule nčt pou mwen, yon ofrann ki va fč m' plezi ak bon sant li.
| |
| | Num 18:18 | Men, vyann yo va rete pou ou ansanm ak vyann pwatrin lan ak jigo dwat ki te deja pou ou a.
| |
| | Num 18:19 | M'ap ba ou pou ou menm, pou pitit gason ak pitit fi ou yo tout pňsyon ki va rete nan ofrann moun pčp Izrayčl yo va mete apa pou mwen. Se va yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Se yon kontra ki p'ap janm kase ni ki p'ap janm gate mwen fč la avčk ou, pou ou ak pou tout ras fanmi ou.
| |
| | Num 18:20 | ś Apre sa, Seyč a di Arawon konsa: -Ou p'ap jwenn okenn pňsyon nan tč eritaj ki pou pčp la. Ou p'ap janm gen yon moso tč ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pčp Izrayčl la.
| |
| | Num 18:21 | Seyč a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayčl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sčvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fč nan Tant Randevou a.
| |
| | Num 18:22 | Moun pčp Izrayčl yo pa janm bezwen preche bň Tant Randevou a. Konsa, yo p'ap rive fč yon peche ki pou ta fč yo mouri.
| |
| | Num 18:23 | Depi koulye a, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fč. Sa se yon lňd sevč pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tč k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pčp Izrayčl la.
| |
| | Num 18:24 | M'ap bay moun Levi yo tout ladim moun pčp Izrayčl yo pran sou sa yo genyen pou ofri bay Seyč a. Se poutčt sa, mwen di moun fanmi Levi yo p'ap gen okenn pňsyon tč ki pou rele yo pa yo nan peyi Izrayčl la.
| |
| | Num 18:25 | Seyč a pale ak Moyiz ankň, li di l':
| |
| | Num 18:26 | -Pale ak moun Levi yo, di yo konsa: Lč n'a resevwa nan men moun pčp Izrayčl yo ladim Seyč a ban nou pou byen pa nou, n'a wete yon dizyčm ladan l' pou mwen. Se va ofrann ladim pa nou bay Seyč a.
| |
| | Num 18:27 | Y'a konsidere ofrann sa a tankou ofrann lňt moun yo fč sou farin ble ak diven apre chak rekňt.
| |
| | Num 18:28 | Konsa, nou menm tou, n'a pran yon pňsyon nan tout ofrann ladim moun pčp Izrayčl yo va fč, n'a mete l' apa pou mwen. Epi n'a pran pňsyon nou wete pou Seyč a nan sa ki pou nou an, n'a bay Arawon, prčt la, li pou tčt pa li.
| |
| | Num 18:29 | N'a pran sa ki pi bon nan tout sa ki pou nou an, n'a ofri l' bay Seyč a.
| |
| | Num 18:30 | W'a di yo tou: Lč moun Levi yo fin pran sa ki pi bon nan tou sa ki pou vin pou yo a, y'a konsidere rčs ki rete a tankou rekňt farin ble ak diven yo menm yo fč.
| |
| | Num 18:31 | Y'a manje l' kote yo vle, ansanm ak tout moun lakay yo. Se tankou lajan yo ba yo pou travay y'ap fč nan Tant Randevou a.
| |
| | Num 18:32 | Depi nou ofri sa ki pi bon an bay Seyč a, nou mčt manje rčs la san kč sote, anyen p'ap rive nou. Piga nou derespekte bagay moun pčp Izrayčl yo mete apa pou mwen. Si nou fč sa, n'ap mouri.
| |