All NT OTBook
Compare Texts
Leviticus 1 Numbers 15

Numbers 16:1-50

Numbers 17 Deuteronomy 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Num 16:1
 
ś Kore, pitit gason Iza, moun laras Levi nan fanmi Keyat la, pran tčt Datan ak Abiram, pitit gason Eliyab yo ansanm ak One, pitit gason Pelčt, twa moun laras Woubenn.  
 
Num 16:2
 
Yo revňlte kont Moyiz. Te gen desansenkant (250) lňt moun nan pčp Izrayčl la avčk yo. Mesye sa yo, se te chčf pčp la menm te chwazi, moun ki te fč pati konsčy pčp la, chčf moun yo te konsidere anpil.  
 
Num 16:3
 
Yo tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa: -Koulye a, mesye, n' al twň lwen tande! Dčnye moun nan pčp la se pou Seyč a y'ap viv. Seyč a la nan mitan nou tout, pa vre? Poukisa, nou menm Moyiz ak Arawon, nou pran pňz chčf nou anwo pčp Seyč a konsa?  
 
Num 16:4
 
Lč Moyiz tande sa, li lage kň l' atč plat, li lapriyč. Lčfini, li di Kore ak bann moun ki te avč l' yo konsa:  
 
Num 16:5
 
-Denmen maten, Seyč a va fč nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou l' ak ki moun ki gen dwa pwoche bň kote l'. Moun la kite pwoche bň kote l' la, n'a konnen se moun sa a Bondye chwazi.  
 
Num 16:6
 
Men sa pou n' fč. Ou menm, Kore, ak chak moun ki nan bann ou an, nou chak n'a pran yon ti recho dife.  
 
Num 16:7
 
Denmen maten chak moun va ranje chabon dife nan recho pa l' la, epi l'a mete lansan sou dife a devan lotčl Seyč a. Konsa, moun Seyč a va chwazi a, n'a konnen se li menm Bondye mete apa pou l' a. Se nou menm, pitit Levi yo, ki pral twň lwen koulye a!  
 
Num 16:8
 
Moyiz di Kore konsa: -Koute non, nou menm pitit Levi yo!  
 
Num 16:9
 
Apre tou sa Bondye fč pou nou, nou jwenn li pa fč ase toujou: Nan tout pčp Izrayčl la, se nou li chwazi pou pwoche bň kote l', pou fč sčvis li nan kay li, pou kanpe devan pčp la pou fč sčvis pou yo.  
 
Num 16:10
 
Ou menm Kore ak tout frč ou yo, pitit Levi yo, li ban nou dwa pou nou pwoche bň kote l'. Epi koulye a, n'ap mande pou yo ban nou plas prčt yo!  
 
Num 16:11
 
Lč ou menm ak tout bann mesye ou yo n'ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Seyč a menm wi nou pran pozisyon.  
 
Num 16:12
 
ś Apre sa, Moyiz voye rele Datan ak Abiram, de nan pitit gason Eliyab yo. Men yo voye di Moyiz: -Nou p'ap vini.  
 
Num 16:13
 
Ou fin fč nou kite yon bon ti peyi kote lčt ak siwo myčl t'ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezč a, epi koulye a ou vle pran pňz chčf ou sou nou ankň!  
 
Num 16:14
 
Ou mčt di sa ou vle, men se pa nan yon peyi kote lčt ak siwo myčl koule tankou dlo ou mennen nou la a! Ou pa ban nou okenn jaden pou n' plante grenn ni okenn jaden rezen ou te di ou t'ap ban nou an. Atň, ou kwč ou kapab pete je moun sa yo? Non! Nou p'ap vini.  
 
Num 16:15
 
Lč sa a, Moyiz fč yon sčl fache, li di Seyč a konsa: -Pa asepte okenn ofrann moun sa yo ta pote vin ofri ou. Mwen pa janm pran anyen nan zafč yo, pa menm yon bourik. Mwen pa janm fč yonn ladan yo anyen.  
 
Num 16:16
 
Apre sa, Moyiz di Kore konsa: -Ou menm ak tout bann moun ou yo, denmen n'a vini devan lotčl Seyč a. Arawon va la tou.  
 
Num 16:17
 
Chak moun va pran yon ti recho dife, y'a mete lansan ladan l', epi y'a pote recho yo devan Seyč a. Sa va fč desansenkant (250) recho. Ou menm ak Arawon, n'a vini ak recho pa nou tou.  
 
Num 16:18
 
Se konsa, yo chak pran yon ti recho, yo ranje chabon dife ladan l', yo mete lansan sou dife a, epi yo vin kanpe devan pňt Tant Randevou a ansanm ak Moyiz ak Arawon.  
 
Num 16:19
 
Kore te fč tout pčp la reyini nan pňt Tant Randevou a anfas Moyiz ak Arawon. Yo rete konsa, epi pouvwa Bondye parčt tankou yon gwo limyč devan tout pčp la.  
 
Num 16:20
 
Seyč a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:  
 
Num 16:21
 
-Wete kň nou nan mitan moun sa yo. Mwen pral disparčt yo koulye a.  
 
Num 16:22
 
Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atč, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sčl moun fč sa l' pa t' dwe fč kifč pou ou fache sou tout pčp la.  
 
Num 16:23
 
ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:  
 
Num 16:24
 
-Pale ak tout pčp la. Di yo pou mwen pou yo wete kň yo bň kote Kore, Datan ak Abiram rete a.  
 
Num 16:25
 
Moyiz leve, l' al jwenn Datan ak Abiram. Tout chčf fanmi pčp Izrayčl yo te ale avč l' tou.  
 
Num 16:26
 
Li pale ak pčp la, li di yo: -Wete kň nou bň kote bann mechan sa yo rete a. Pa manyen anyen ki pou yo, si nou pa vle pase tou nan chatiman yo pral ba yo pou peche yo fč a.  
 
Num 16:27
 
Se konsa, tout pčp la wete kň yo, yo rete byen lwen kote Kore, Datan ak Abiram te rete a. Datan ak Abiram menm soti, yo vin kanpe devan pňt kay yo ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo.  
 
Num 16:28
 
Moyiz di pčp la konsa: -Avčk sa ki pral rive a, nou pral konnen se Seyč a menm ki te voye m' fč tout travay sa yo. Se pa mwen menm ki rete konsa mwen di mwen pral fč yo.  
 
Num 16:29
 
Si moun sa yo mouri jan tout moun fčt pou mouri a, san se pa Bondye ki pini yo, enben, se pa Seyč a ki te voye m'.  
 
Num 16:30
 
Men, si Seyč a fč bagay nou poko janm wč, si li fč tč a louvri pou l' vale moun sa yo ansanm ak tou sa ki pou yo, kifč y'ap desann tou vivan nan peyi kote mň yo ye a, n'a konnen se Seyč a menm yo t'ap derespekte konsa.  
 
Num 16:31
 
Fini li fini di pawňl sa yo, tč a fann, li louvri anba pye Datan ak Abiram.  
 
Num 16:32
 
Li vale yo, yo menm, tout fanmi yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon pou Kore, ak tou sa ki te pou yo.  
 
Num 16:33
 
Yo desann tou vivan avčk tou sa ki te pou yo nan peyi kote mň yo ye a. Apre sa, tč a fčmen sou yo, yo disparčt nčt nan mitan pčp la.  
 
Num 16:34
 
Tout moun nan pčp la ki te la pran kouri lč yo tande jan moun yo t'ap rele. Yo t'ap di: -Ann kouri pou tč a pa vale nou tou.  
 
Num 16:35
 
ś Menm lč a tou, Seyč a voye yon sčl dife ki devore tout desansenkant (250) mesye ki t'ap ofri lansan yo.  
 
Num 16:36
 
Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:  
 
Num 16:37
 
-Mande Eleaza, pitit gason Arawon, prčt la, pou l' ale wete recho dife an kwiv yo nan mitan rčs moun boule yo. L'a jete chabon dife ki ladan yo yon kote byen lwen, paske recho dife sa yo se bagay ki apa pou mwen.  
 
Num 16:38
 
Wi, yo apa pou mwen paske mesye sa yo ki mouri pou peche yo te ofri yo devan lotčl Seyč a. W'a pran recho sa yo, w'a bat yo ak mato fč yo tounen plak fin pou kouvri lotčl la. Sa va sčvi yon avčtisman pou moun pčp Izrayčl yo.  
 
Num 16:39
 
Se konsa, Eleaza, prčt la, te pran recho an kwiv moun boule yo te ofri yo, li bat yo ak mato, li fč yon kouvčti pou lotčl la  
 
Num 16:40
 
pou sa sčvi yon avčtisman pou moun pčp Izrayčl yo, pou yo konnen moun ki pa fč pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotčl Seyč a pou boule lansan. Si yo fč sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lňd Seyč a te bay Moyiz pou Eleaza.  
 
Num 16:41
 
ś Nan denmen, tout moun pčp Izrayčl yo pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon, yo t'ap di: -Se nou menm ki lakňz moun pčp Seyč a ap mouri konsa.  
 
Num 16:42
 
Lč pčp la fin sanble pou yo pran pozisyon kont Moyiz ak Arawon, yo vire je yo gade Tant Randevou a, yo wč nwaj la te kouvri tant lan. Menm lč a, pouvwa Bondye-a parčt tankou yon gwo limyč.  
 
Num 16:43
 
Moyiz ak Arawon ale, yo kanpe devan Tant Randevou a.  
 
Num 16:44
 
Seyč a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:  
 
Num 16:45
 
-Wete kň nou nan mitan pčp sa a. Mwen pral disparčt yo koulye a menm! De mesye yo tonbe fas atč.  
 
Num 16:46
 
Epi Moyiz di Arawon konsa: -Pran ti recho dife ou la, pran chabon dife sou lotčl la, mete ladan l'. Vide ti lansan sou dife a. Epi kouri vit avč l' al jwenn pčp la. W'a fč sčvis pou mande Bondye padon pou yo. Fč vit non! Seyč a fache anpil, li gen tan pran desizyon l'. Malč a konmanse deja.  
 
Num 16:47
 
Arawon pran ti recho a, li fč sa Moyiz te di l' fč a. Epi li pran kouri nan mitan pčp la. Men, malč a te deja konmanse ap fč dega nan pčp la. Lč Arawon wč sa, li mete lansan sou dife a, li fč sčvis pou mande Bondye padon pou yo.  
 
Num 16:48
 
Se konsa malč a te sispann. Arawon te kanpe nan mitan ak mň yo yon bň, moun vivan yo yon lňt bň.  
 
Num 16:49
 
Te gen katňzmil sčtsan moun (14.700) antou ki te mouri nan malč sa a, san konte sa ki te mouri akňz Kore yo.  
 
Num 16:50
 
Lč malč a sispann nčt, Arawon tounen al jwenn Moyiz, devan papňt Kay Randevou a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Leviticus 1Numbers 151 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 Numbers 17Deuteronomy 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards