| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Num 15:1 | ś Seyč a pale ak Moyiz ankň, li di l' konsa:
| |
| | Num 15:2 | -Pale ak moun pčp Izrayčl yo, w'a di yo pou mwen: Lč n'a antre nan peyi mwen pral ban nou pou nou rete a,
| |
| | Num 15:3 | lč n'ap ofri yon towo bčf, osinon yon mouton, oswa yon kabrit pou yo boule nčt nan dife pou Seyč a, tankou yon ofrann ki pou fč Seyč a plezi ak bon sant li, kit se paske nou te fč yon ve, kit se paske nou menm nou te fč lide fč yon ofrann, osinon paske lč fčt n'ap fete pou mwen yo rive,
| |
| | Num 15:4 | wi, lč n'ap fč ofrann konsa pou Seyč a, n'a fč ofrann grenn ki donnen nan jaden pou mache ak yo tou: sčt ti mamit farin frans melanje avčk de boutčy ka plen lwil oliv.
| |
| | Num 15:5 | Lč n'ap fč ofrann pou yo boule nčt pou Seyč a, n'a ofri de boutčy ka plen diven pou chak ti mouton n'ap ofri.
| |
| | Num 15:6 | Lč se yon belye mouton n'ap ofri, se va katňz ti mamit farin frans melanje avčk twa boutčy ka plen lwil oliv n'a ofri pou ofrann grenn ki donnen nan jaden,
| |
| | Num 15:7 | ansanm ak twa boutčy ka diven. Ofrann sa yo, lč yo boule nan dife, y'a fč Seyč a plezi ak bon sant yo.
| |
| | Num 15:8 | Lč se yon jenn towo n'ap ofri pou yo boule nčt nan dife osinon pou yo touye pou Seyč a, kit se paske nou te fč yon ve, kit se pou di Bondye mčsi,
| |
| | Num 15:9 | se pou nou pote yon ofrann grenn ki donnen nan jaden tou: venteyen ti mamit farin frans melanje ak senk ti boutčy ka lwil oliv.
| |
| | Num 15:10 | Lčfini, n'a ofri kat boutčy ka diven avčk li. Ofrann sa a, lč li boule nan dife, l'a fč Seyč a plezi ak bon sant li.
| |
| | Num 15:11 | Se sa pou nou bay ansanm ak chak jenn towo, chak belye mouton osinon chak bouk kabrit n'ap ofri.
| |
| | Num 15:12 | Pou chak bčt n'ap ofri an plis, n'a ofri kantite grenn jaden ki pou mache ak l' a.
| |
| | Num 15:13 | Se konsa chak moun natif natal peyi Izrayčl la gen pou fč l' lč y'ap ofri yon bčt pou boule nčt pou Seyč a, yon ofrann ki pou fč Seyč a plezi ak bon sant li.
| |
| | Num 15:14 | Lč yon moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan nou pou yon ti tan, osinon pou tout tan, ap fč yon ofrann bay Bondye, yon ofrann pou yo boule nan dife epi ki pou fč Seyč a plezi ak bon sant li, se pou l' swiv menm regleman ak nou.
| |
| | Num 15:15 | Nan peyi a, se va yon sčl regleman pou tout moun, ni pou nou menm ni pou moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, yon sčl regleman pou tout tan, de pitit an pitit: Se va menm bagay la ni pou nou ni pou moun lňt nasyon yo devan Seyč a.
| |
| | Num 15:16 | Se va yon sčl lwa, yon sčl regleman ni pou nou ni pou moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo.
| |
| | Num 15:17 | Apre sa Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
| |
| | Num 15:18 | -Pale ak moun pčp Izrayčl yo. W'a di yo pou mwen: Lč n'a antre nan peyi kote mwen pral mennen nou an,
| |
| | Num 15:19 | lč n'ap manje manje peyi a va bay, n'a wete yon pňsyon, n'a mete l' apa pou nou fč Seyč a kado.
| |
| | Num 15:20 | Chak lanne, apre rekňt la, n'a pran yon pen nan premye pen fčt ak ble nou fčk rekňlte a, n'a mete l' apa pou nou fč Seyč a kado, jan nou fč l' pou grenn ki pase sou glasi.
| |
| | Num 15:21 | Se pou nou toujou wete yon pen nan premye pen nou fč apre rekňt nou yo pou nou fč Seyč a kado. Se va yon lwa pou pitit ak pitit pitit nou yo, depi koulye a ak pou tout tan.
| |
| | Num 15:22 | ś Men, si san nou pa fč espre, nou pa swiv yonn nan lňd Seyč a te bay Moyiz yo,
| |
| | Num 15:23 | lňd pou nou te toujou swiv de pitit an pitit depi jou li te voye Moyiz pale ak nou an, men sa pou yo fč:
| |
| | Num 15:24 | Si se tout pčp la ki fč sa l' pa t' dwe fč san li pa t' konnen sa l'ap fč a, yo tout ansanm y'a ofri yon jenn ti towo bčf pou yo boule nčt nan dife pou Seyč a. Se va yon ofrann pou yo boule nan dife pou fč Seyč a plezi ak bon sant li. Y'a ofri l' ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki pou mache avč l' la. Apre sa, y'a ofri yon bouk kabrit pou repare sa yo te fč ki mal la.
| |
| | Num 15:25 | Prčt la va pote ofrann lan devan Bondye, l'a touye bčt yo ofri pou peche tout moun pčp Izrayčl yo te fč a, epi Bondye va padonnen sa yo te fč a, paske yo pa t' fč espre, epi yo te pote ofrann pou yo te boule nan dife pou Seyč a ansanm ak ofrann pou repare sa yo te fč ki mal devan Seyč a san yo pa t' fč espre a.
| |
| | Num 15:26 | Se konsa Bondye va padonnen tout moun pčp Izrayčl yo ansanm ak tout moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan yo, paske se yo tout ki te koupab nan sa yo te fč san yo pa konnen an.
| |
| | Num 15:27 | Si se yon moun ki fč sa l' pa t' dwe fč san li pa fč espre, l'a gen pou l' ofri yon ti fenmčl kabrit ki poko gen ennan pou repare pou sa l' te fč a.
| |
| | Num 15:28 | Prčt la va pote ofrann lan devan Seyč a, l'a touye bčt yo ofri pou peche moun lan te fč san li pa t' fč espre a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fč a.
| |
| | Num 15:29 | Se va menm regleman an pou tout moun ki fč bagay yo pa t' dwe fč san yo pa fč espre, kit se yon moun pčp Izrayčl la menm li ye, kit se yon moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan yo a.
| |
| | Num 15:30 | ś Men, lč yon moun fč yon bagay li konnen byen pwňp li pa t' dwe fč, kit se yon moun pčp Izrayčl la menm li ye, kit se yon moun lňt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Seyč a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pčp la.
| |
| | Num 15:31 | Paske li refize tande sa Seyč a te di a, li fč sa li konnen li pa t' dwe fč. Dapre lňd Seyč a, se pou yo touye l'. Epi se li menm sčl ki va reskonsab lanmň li.
| |
| | Num 15:32 | Yon jou, antan moun pčp Izrayčl yo te nan dezč a, yo bare yon nonm ki t'ap ranmase bwa jou repo a.
| |
| | Num 15:33 | Moun ki te bare l' yo mennen l' bay Moyiz, Arawon ak tout moun pčp Izrayčl yo.
| |
| | Num 15:34 | Yo pran msye, yo mete moun veye l', paske yo pa t' fin konnen sa pou yo te fč avč l'.
| |
| | Num 15:35 | Lč sa a, Seyč a di Moyiz konsa: -Se pou nou touye nonm lan pou sa li fč a. Y'a mennen msye andeyň limit kan kote yo rete a, pou tout moun kalonnen l' kout wňch jouk li mouri.
| |
| | Num 15:36 | Se konsa tout moun yo fč msye soti andeyň limit kan an, epi yo kalonnen msye kout wňch jouk li mouri, jan Seyč a te ba yo lňd la.
| |
| | Num 15:37 | ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
| |
| | Num 15:38 | -Pale ak moun pčp Izrayčl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou mete ponpon sou woulčt rad yo, se pou yo pase kňdon ble nan chak ponpon. Se pou nou toujou fč sa de pitit an pitit.
| |
| | Num 15:39 | Chak fwa n'a wč ponpon sa yo, sa va fč nou chonje tou sa Seyč a te ban nou lňd fč pou nou ka fč yo. Konsa, nou p'ap pčdi tčt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwňp lide pa nou ak pwňp dezi pa nou.
| |
| | Num 15:40 | Ponpon yo va fč nou chonje tout lňd mwen te ban nou pou nou ka swiv yo, pou nou ka viv apa nčt pou mwen menm ki Bondye nou an.
| |
| | Num 15:41 | Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fč nou soti kite peyi Lejip la pou m' te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an.
| |