All NT OTBook
Compare Texts
Leviticus 1 Numbers 13

Numbers 14:1-45

Numbers 15 Deuteronomy 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Num 14:1
 
ś Lč sa a, pčp la pran rele byen fň, yo pase tout nwit la ap kriye san rete.  
 
Num 14:2
 
Yo tout t'ap bougonnen sou Moyiz ak Arawon. Yo vin di yo konsa: -Pito nou te mouri nan peyi Lejip osinon nan dezč a!  
 
Num 14:3
 
Poukisa Seyč a mennen nou nan peyi sa a? Koulye a, yo pral touye nou nan lagč, yo pral pran madanm ak pitit nou yo fč yo tounen esklav. Pa pito nou tounen nan peyi Lejip?  
 
Num 14:4
 
Yonn t'ap di lňt: -Ann chwazi yon lňt chčf! Ann tounen nan peyi Lejip!  
 
Num 14:5
 
ś Lč Moyiz ak Arawon wč sa, yo tonbe fas atč devan tout pčp la ki te sanble la a.  
 
Num 14:6
 
Lč sa a, de nan mesye espyon yo, Jozye, pitit gason Noun lan, ak Kalčb, pitit gason Jefoune a, chire rad ki te sou yo sitčlman yo te fache.  
 
Num 14:7
 
Epi yo di pčp la: -Peyi nou te al vizite a se yon bon bon peyi.  
 
Num 14:8
 
Si Seyč a vle fč sa pou nou, l'ap fč nou antre nan peyi a, l'ap ban nou li. Se yon peyi ki rich anpil, yon peyi kote lčt ak siwo myčl koule tankou dlo.  
 
Num 14:9
 
Sčlman, pa kenbe tčt ak Seyč a! Nou pa bezwen pč moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyň. Men Seyč a kanpe la avčk nou. Nou pa bezwen pč yo.  
 
Num 14:10
 
Lč sa a, tout pčp la ranmase wňch pou yo kalonnen Jozye ak Kalčb. Men, lamenm pouvwa Bondye a parčt anwo Tant Randevou a, li fč tout pčp la wč l'.  
 
Num 14:11
 
ś Seyč a di Moyiz konsa: -Kilč pčp sa a va sispann meprize mwen? Kilč y'a soti pou yo fč m' konfyans? Gade tout bčl bagay mwen te fč pou yo. Malgre sa, yo pa vle kwč m' toujou!  
 
Num 14:12
 
M'ap voye yon sčl epidemi sou yo, m'ap touye yo tout. M'ap anpeche yo pran posesyon tč ki pou yo a. Men ou menm, m'ap fč ou tounen yon nasyon k'ap pi gwo, k'ap pi fň pase yo.  
 
Num 14:13
 
Men, Moyiz di Seyč a konsa: -Se ou menm ak fňs ponyčt ou ki te fč pčp Izrayčl la soti kite peyi Lejip la.  
 
Num 14:14
 
Lč moun pčyi Lejip yo va vin konnen sa ou pral fč pčp la, y'a rakonte l' bay moun ki rete nan peyi Kanaran yo. Yo menm tou, yo deja konnen se ou menm, Seyč, ki kanpe la nan mitan pčp la, se ou menm ki parčt aklč devan je yo, se nwaj ou, Granmčt, ki rete anwo yo. Se ou menm ki t'ap mache devan yo lajounen nan yon gwo nwaj ki te gen fňm yon poto, lannwit nan yon gwo flanm dife ki te gen fňm yon poto tou.  
 
Num 14:15
 
Koulye a, si ou rete konsa ou touye tout pčp ou a, moun lňt nasyon yo ki te tande pale ki kalite moun ou ye, yo pral di  
 
Num 14:16
 
se kapab ou pa t' kapab mennen pčp la nan peyi ou te fč sčman w'ap ba yo a kifč ou touye yo nan dezč a.  
 
Num 14:17
 
Non. Seyč! Se koulye a pou ou fč wč gwo pouvwa ou la, jan ou te pwomčt l' a, lč ou te di:  
 
Num 14:18
 
Se mwen menm ki Seyč a, mwen pa an kňlč fasil, mwen p'ap janm sispann renmen nou. M'ap toujou padonnen sa nou fč ki mal ak sa nou te dwe fč nou pa fč. Men, mwen pa nan kase fčy kouvri sa ak pesonn. Si yon moun fč yon bagay mal, m'ap pini pitit li, pitit pitit li, ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fč a, jouk sou twazyčm ak katriyčm jenerasyon.  
 
Num 14:19
 
Tanpri, jan ou gen bon kč sa a, padonnen sa pčp la fč ki mal la, menm jan ou te pran pasyans ak yo depi yo kite peyi Lejip jouk yo rive isit la.  
 
Num 14:20
 
ś Seyč a di: -M'ap padonnen yo, jan ou mande m' lan.  
 
Num 14:21
 
Men, menm jan ou wč mwen vivan an, menm jan ou wč pouvwa mwen toupatou sou latč,  
 
Num 14:22
 
okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wč pouvwa mwen, yo te wč tout bčl bagay mwen te fč nan peyi Lejip ak nan dezč a. Men anpil fwa deja, yo chache wč jouk ki bň mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m' lč m' pale ak yo.  
 
Num 14:23
 
Yo p'ap menm wč peyi mwen te sčmante mwen t'ap bay zansčt yo a. Yo tout ki vire do ban mwen yo, yo yonn p'ap wč peyi a.  
 
Num 14:24
 
Men, paske Kalčb, sčvitč m' lan, pa aji tankou yo, li swiv mwen san gad dčyč, m'ap fč l' antre nan peyi li te al rekončt la. Pitit pitit li yo va pran peyi a pou yo.  
 
Num 14:25
 
Y'a rete nan plenn kote moun Amalčk yo ak moun Kanaran yo rete koulye a. Denmen n'ap fč bak, n'a tounen nan dezč a ankň nan direksyon Lanmč Wouj la.  
 
Num 14:26
 
Apre sa, Seyč a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:  
 
Num 14:27
 
-Kilč bann moun mechan sa yo va sispann bougonnen sou do mwen konsa? Mwen bouke tande jan moun pčp Izrayčl yo ap pale m' mal.  
 
Num 14:28
 
Men sa pou ou di yo pou mwen: Se mwen menm menm, Seyč a, ki di sa. Menm jan nou wč m' vivan an, mwen fč sčman sa nou te di k'ap rive nou an, se li k'ap rive nou vre.  
 
Num 14:29
 
Y'ap antere kadav nou tout nan dezč a. Nou tout ki t'ap bougonnen sou mwen yo, nou tout yo te konte lč resansman an, nou tout ki gen ventan ak sa ki pi gran yo, nou yonn p'ap antre nan peyi a.  
 
Num 14:30
 
Dakň! Mwen te fč sčman mwen t'ap fč nou al rete nan peyi a. Men, nou yonn p'ap gen chans lan, esepte Kalčb, pitit gason Jefoune a, ak Jozye, pitit gason Noun lan.  
 
Num 14:31
 
Nou te di pitit pitit nou yo pral tonbe anba men lčnmi nou yo. Men, se yo menm m'ap fč antre nan peyi nou menm nou refize al pran an.  
 
Num 14:32
 
Men, nou menm y'ap antere kadav nou yo isit nan dezč a.  
 
Num 14:33
 
Pitit nou yo pral moute desann nan tout dezč a. Pandan karant lanne, y'a peye pou vire nou te vire do ban mwen an, jouk nou tout nčt n'a fin mouri nan dezč a.  
 
Num 14:34
 
Nou menm, n'a peye konsekans peche nou an pandan karant lanne, yon lanne pou chak jou nan karant jou nou te pase ap vizite peyi a. Lč sa a, n'a konnen sa sa vle di lč m' vire do bay moun.  
 
Num 14:35
 
Se mwen menm Seyč a ki di sa: Mwen fč sčman se konsa mwen pral aji ak bann moun sa yo ki mete tčt yo ansanm sou do m'. Yo tout gen pou yo disparčt nan dezč sa a. Wi, se la menm yo tout ap mouri.  
 
Num 14:36
 
ś Mesye Moyiz te voye al rekončt peyi a te fč tout pčp la ap bougonnen sou Moyiz avčk move rapň yo te fč sou peyi a, lč yo te tounen an.  
 
Num 14:37
 
Se konsa yon sčl maladi tonbe sou mesye sa yo ki te pale peyi a mal konsa. Yo tonbe, yo mouri frčt devan Seyč a.  
 
Num 14:38
 
Nan douz mesye ki te al vizite peyi a, se de sčlman ki pa t' mouri: se te Jozye, pitit gason Noun lan, ak Kalčb, pitit gason Jefoune a.  
 
Num 14:39
 
Lč Moyiz di moun pčp Izrayčl yo tout pawňl sa yo, sa te fč yo lapenn anpil.  
 
Num 14:40
 
Nan denmen maten, byen bňnč, yo leve pou y' al janbe lňt bň mňn yo pou yo antre nan peyi a. Yo t'ap di: -Men nou! Nou pare pou n' ale kote Seyč a di pou n' ale a. Nou rekončt sa nou te fč a mal.  
 
Num 14:41
 
Men Moyiz di yo: -Pouki pou n'ap dezobeyi lňd Seyč a ankň? Sa p'ap mache pou nou non, fwa sa a!  
 
Num 14:42
 
Piga nou moute. Seyč a vire do ban nou, nou pa bezwen ale fč lčnmi nou yo bat nou pou gremesi.  
 
Num 14:43
 
Lč n'a rive devan moun Amalčk yo ak moun Kanaran yo, nou pral mouri nan batay la. Seyč a p'ap kanpe la avčk nou, paske nou te vire do ba li.  
 
Num 14:44
 
Pčp la fč tčt di, yo moute moute yo sou mňn yo pou yo seye antre nan peyi a. Men, ni Bwat Kontra Seyč a, ni Moyiz pa deplase kote yo te ye nan kan an.  
 
Num 14:45
 
Se konsa moun Amalčk yo ak moun Kanaran yo ki te rete nan mňn yo desann, yo bat yo, yo kouri dčyč yo jouk yon kote yo rele Oma.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Leviticus 1Numbers 131 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 Numbers 15Deuteronomy 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards