All NT OTBook
Compare Texts
Leviticus 1 Numbers 12

Numbers 13:1-33

Numbers 14 Deuteronomy 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Num 13:1
 
ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:  
 
Num 13:2
 
-Ou pral chwazi douz nan chčf fanmi pčp Izrayčl yo, yonn pou chak branch fanmi. Ou pral voye yo pou y' al wč ki jan peyi Kanaran an ye, peyi m'ap bay moun Izrayčl yo.  
 
Num 13:3
 
Dapre lňd Moyiz te resevwa nan men Seyč a, li pran douz gason ki te chčf fanmi nan pčp Izrayčl la. Antan li te nan dezč Paran an, li voye yo al rekončt peyi a.  
 
Num 13:4
 
Men non yo: Pou branch Woubenn lan, se te Chamwa, pitit gason Zakou a.  
 
Num 13:5
 
Pou branch fanmi Simeyon an, se te Chafa, pitit gason Ori a.  
 
Num 13:6
 
Pou branch fanmi Jida a, se te Kalčb, pitit gason Jefoune a.  
 
Num 13:7
 
Pou branch fanmi Isaka a, se te Jigal, pitit gason Jozčf la.  
 
Num 13:8
 
Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Noun lan.  
 
Num 13:9
 
Pou branch fanmi Benjamen an, se te Palti, pitit gason Rafou a.  
 
Num 13:10
 
Pou branch fanmi Zabilon an, se te Gadiyčl, pitit gason Sodi a.  
 
Num 13:11
 
Pou branch fanmi Jozčf la, nan branch Manase a, se te Gadi, pitit gason Souzi a.  
 
Num 13:12
 
Pou branch fanmi Dann lan, se te Amiyčl, pitit gason Jemali a.  
 
Num 13:13
 
Pou branch fanmi Asč a, se te Setou, pitit gason Mikayčl la.  
 
Num 13:14
 
Pou branch fanmi Neftali a, se te Nakbi, pitit gason Wopsi a.  
 
Num 13:15
 
Pou branch fanmi Gad la, se te Geouyčl, pitit gason Maki a.  
 
Num 13:16
 
Se te non douz mesye Moyiz te voye al rekončt peyi Kanaran an. Moyiz te chanje non Oze, pitit gason Noun lan, li rele l' Jozye.  
 
Num 13:17
 
Lč Moyiz voye yo ale nan peyi Kanaran an, li di yo: -Moute nan peyi a. N'a pase pa Negčv la, n'a pran chemen mňn pou nou.  
 
Num 13:18
 
Ale gade peyi a. Chache konnen ki jan li ye, ki kalite moun ki rete ladan l', konbe yo ye, ak ki fňs yo.  
 
Num 13:19
 
Chache konnen si tč a se yon bon tč osinon yon move tč, si moun yo rete nan lavil ki gen ranpa pou pwoteje yo osinon nan kan anba tant twal.  
 
Num 13:20
 
Chache konnen si peyi a rich osinon pňv, si gen anpil pyebwa sou tč a ou si pa genyen. Nou pa bezwen pč anyen. Lč n'ap tounen, pote kčk nan fwi ki donnen laba a. Se te sezon rezen te konmanse ap mi.  
 
Num 13:21
 
ś Se konsa mesye yo moute, y' al chache konnen tout bagay ki gen nan peyi a, depi dezč Zin ki nan sid peyi a rive jouk Reyňb toupre pas Amat la, nan nň.  
 
Num 13:22
 
Yo travčse zňn Negčv la, yo rive lavil Ebwon kote moun Ayiman yo, moun Chechayi yo ak moun Talmayi yo rete. Yo tout te fč pati ras moun Anak yo. Ebwon sa a, se yon lavil ki te bati sčtan anvan yo te bati lavil Zoan nan peyi Lejip.  
 
Num 13:23
 
Yo rive nan ravin Echkňl, yo koupe yon branch rezen ki te gen yon sčl gwo grap rezen nan li. Yo mete l' sou yon gňl pou de moun te ka pote l' sou zepňl yo, si tčlman li te lou. Yo pote grenad ak fig frans tou.  
 
Num 13:24
 
Yo rele kote sa a Ravin Echkňl, poutčt gwo grap rezen moun pčp Izrayčl yo te koupe la a.  
 
Num 13:25
 
Apre karant jou, lč yo fin vizite toupatou nan peyi a, yo tounen,  
 
Num 13:26
 
ś yo vin jwenn Moyiz, Arawon ak tout moun pčp Izrayčl yo Kadčs, nan dezč Paran an. Yo detaye ba yo tou sa yo te wč, yo moutre yo fwi yo te pote yo.  
 
Num 13:27
 
Yo di Moyiz konsa: -Nou vizite toupatou nan peyi ou te voye nou al chache konnen an. Se yon peyi ki rich anpil, kote lčt ak siwo myčl koule tankou dlo. Se vre wi. Gade fwi nou jwenn ladan l'.  
 
Num 13:28
 
Men, moun ki rete nan peyi a gwončg anpil. Lavil yo gran, yo byen pwoteje. Sa ki pi rčd nou wč yon kalite ras moun gwončg bčl wotč.  
 
Num 13:29
 
Moun Amalčk yo rete nan sid peyi a, nan zňn Negčv la. Moun It yo, moun Jebis yo ak moun Amon yo rete nan mňn yo. Moun Kanaran yo rete bň lanmč Mediterane a ak bň larivyč Jouden an.  
 
Num 13:30
 
Kalčb fč moun yo sispann bougonnen sou do Moyiz, li di yo konsa: -Ann moute koulye a. Ann al pran peyi a pou nou. Pa gen anyen la a nou pa ka fč!  
 
Num 13:31
 
Men mesye ki te moute ansanm ak Kalčb yo di konsa: -Non. Nou pa ka al atake moun sa yo. Yo pi fň pase nou.  
 
Num 13:32
 
Se konsa yo pran pale mal sou peyi yo te al vizite a devan pčp Izrayčl la. Yo t'ap di: -Peyi nou ta l' vizite a, peyi nou ta l' chache konnen an, se yon peyi ki pa menm bay kont manje pou moun k'ap viv sou li yo. Epi, tout moun nou wč la se moun ki wo anpil.  
 
Num 13:33
 
Sa ki pi rčd, nou wč yon kalite gwončg bčl wotč, moun ras Anak yo. Devan moun sa yo se krebete nou ye, tčlman nou piti. Se konsa nou te santi nou devan yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Leviticus 1Numbers 121 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 Numbers 14Deuteronomy 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards