All NT OTBook
Compare Texts
Exodus 1 Leviticus 4

Leviticus 5:1-19

Leviticus 6 Numbers 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Lev 5:1
 
ś Men nan ki sikonstans pou yo fč ofrann bčt pou peche moun fč san yo pa konnen: Si yon moun fin fč sčman nan tribinal pou l' di sa ki pase epi li refize pale sa l' te wč ou ankň sa li vin konnen, li gen pou l' peye pou sa li fč a.  
 
Lev 5:2
 
Si yon moun rive manyen, san li pa konnen, yon bagay moun k'ap sčvi Bondye pa gen dwa manyen, tankou kadav yon bčt ki pa bon pou moun k'ap sčvi Bondye, li te mčt yon bčt nan bwa, li te mčt yon bčt kay, li te mčt yon bčt k'ap trennen sou vant, lč l' rive konnen sa l' fč a, li menm tou li pa nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye, epi li antň pou sa l' fč a.  
 
Lev 5:3
 
Si, san li pa konnen, li rive manyen yon nonm ki pa nan kondisyon pou fč sčvis pou Bondye, nenpňt ki jan moun lan te ka rive nan eta sa a, lč pita li vin konnen sa l' fč a, li antň pou sa l' fč a.  
 
Lev 5:4
 
Si yon moun kite bouch li mennen l', epi li sčmante, li di l'ap fč yon bagay, se ka yon move bagay osinon yon bon bagay, lč l' vin rekončt sa, se pou l' peye sa l' fč a.  
 
Lev 5:5
 
Lč yon moun rive antň paske li fč yonn nan bagay sa yo, se pou l' rekončt devan tout moun sa l' fč a mal.  
 
Lev 5:6
 
Apre sa, l'a peye pou peche li fč a, l'a pran yon fenmčl nan mouton pa l' yo, osinon nan kabrit li yo, l'a ofri l' bay Seyč a pou peche li te fč a. Prčt la va fč ofrann bčt pou wete peche nonm lan.  
 
Lev 5:7
 
ś Men, si nonm lan pa ka bay yon mouton osinon yon kabrit, l'a pote yon pč toutrčl osinon yon pč pijon pou peye pou peche a. L'a ofri yo bay Seyč a, yonn pou yo touye pou peche a, lňt la pou yo boule nčt sou lotčl la.  
 
Lev 5:8
 
L'a pote yo bay prčt la. Prčt la menm va ofri zwazo pou peche a anvan. L'a kase kou zwazo a, san li pa separe tčt la ak rčs kň a.  
 
Lev 5:9
 
L'a voye ti gout nan san an bň lotčl la. Epi l'a vide rčs san an nan pye lotčl la. Se va yon ofrann bčt yo touye pou wete peche a.  
 
Lev 5:10
 
Apre sa, l'a ofri dezyčm zwazo a, l'a boule l' dapre regleman yo. Se konsa prčt la va fč ofrann bčt pou wete peche moun lan te fč a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fč a.  
 
Lev 5:11
 
Si moun lan pa ka bay de toutrčl osinon de pijon pou peye pou peche li fč a, l'a pote de liv bon farin. Li p'ap bezwen mete ni lwil oliv ni lansan sou li, paske se yon ofrann pou wete peche l'ap fč.  
 
Lev 5:12
 
L'a pote l' bay prčt la, prčt la va pran yon ponyen nan farin lan ki va sčvi pou Seyč a pa janm bliye moun ki fč ofrann lan. L'a ofri l' bay Seyč a, l'a boule l' sou lotčl la tankou yon ofrann yo boule bčt pou Seyč a. Se va yon ofrann yo fč pou wete peche a.  
 
Lev 5:13
 
Se konsa, prčt la va fč ofrann pou wete peche moun lan te fč a, Bondye va padonnen l' sa l' te fč a. Rčs farin lan va rete pou prčt la, tankou lč y'ap fč ofrann manje.  
 
Lev 5:14
 
ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:  
 
Lev 5:15
 
-Si yon moun fč yon peche san li pa fč espre, si li fč sa li pa t' dwe fč, tankou lč li bliye bay sa li te dwe bay pou Seyč a, l'a fč yon ofrann pou repare bagay li te fč ki mal la. L'a pran yon belye mouton nan bčt li yo, yonn ki san ankenn enfimite. Y'a di konbe bčt la vo, dapre lajan yo sčvi nan kay Bondye a, epi l'a ofri l' bay Seyč a. Se sa yo rele yon ofrann pou peye pou sa yon moun fč ki mal.  
 
Lev 5:16
 
Se pou l' peye tou sa li te bliye bay Seyč a, plis vin pou san anwo li. L'a pote l' bay prčt la. Prčt la menm va ofri bouk la, l'a touye l' pou peye pou sa moun lan te fč ki mal, epi Bondye va padonnen l' sa.  
 
Lev 5:17
 
Si yon moun fč peche san l' pa konnen, si li fč yon bagay Seyč a te bay lňd pa fč, atout li pa t' fč espre, li antň. Se pou l' peye pou sa l' fč a.  
 
Lev 5:18
 
L'a pran yon belye nan bčt li yo, yonn ki pa gen ankenn enfimite, l'a pote l' bay prčt la. Prčt la menm va ofri l' pou peye pou sa moun lan te fč ki mal. Y'a kalkile pri bčt la dapre sistčm lajan yo sčvi nan kay Bondye a. Prčt la va fč ofrann lan pou peye pou sa moun lan te fč san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.  
 
Lev 5:19
 
Se sa yo rele yon ofrann moun fč pou peye pou sa yo fč ki mal kont Seyč a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Exodus 1Leviticus 41 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 Leviticus 6Numbers 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards