All NT OTBook
Compare Texts
Exodus 1 Leviticus 25

Leviticus 26:1-46

Leviticus 27 Numbers 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Lev 26:1
 
ś Seyč a di: -Nou pa gen dwa fč zidňl, nou pa gen dwa fč estati, ni mete wňch kanpe. Nou pa gen dwa pran wňch pou fč desen sou li, lčfini pou n' mete l' kanpe yon kote nan peyi a pou nou adore yo. Se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an.  
 
Lev 26:2
 
Se pou nou fete tout fčt mwen yo. Se pou nou respekte kay ki apa pou mwen an. Se mwen menm ki Seyč a!  
 
Lev 26:3
 
Si nou mache dapre lňd mwen yo, si nou kenbe tout kňmandman m' yo, si nou swiv yo,  
 
Lev 26:4
 
lč sezon an rive, m'a ban nou lapli. Konsa, tč nou va bay rekňt, pyebwa nan jaden nou va donnen.  
 
Lev 26:5
 
Lč sa a, nou p'ap anko fin bat ble, n'ap gen tan nan keyi rezen. Nou p'ap ankň fin keyi rezen, n'ap gen tan nan plante grenn. N'a gen kont manje pou nou manje, epi n'a rete nan peyi nou an san nou pa bezwen pč anyen.  
 
Lev 26:6
 
M'a mete kč poze nan peyi a, n'a kouche dňmi san kč sote. M'ap fč tout bčt mawon disparčt nan peyi a, moun p'ap vin fč nou lagč ankň.  
 
Lev 26:7
 
N'a kouri dčyč lčnmi nou yo, n'a bat yo, n'a kraze yo ak nepe nou.  
 
Lev 26:8
 
Senk moun nan mitan nou va kont pou bat san lčnmi, san moun nan mitan nou va kont pou bat mil lčnmi. N'a kraze lčnmi nou yo anba kout nepe nou yo.  
 
Lev 26:9
 
M'a beni nou, m'a ban nou pitit, m'a ban nou anpil pitit. Mwen menm, m'a kenbe kontra mwen te siyen ak nou an.  
 
Lev 26:10
 
N'a sitčlman fč bčl rekňt, apre nou fin manje pandan ennan, n'a setoblije mete rčs grenn dčnye rekňt la deyň pou nou fč plas pou rekňt k'ap vin apre a.  
 
Lev 26:11
 
M'ap rete nan mitan nou nan kay mwen an, m'ap toujou kontan ak nou.  
 
Lev 26:12
 
M'a toujou la nan mitan nou, se mwen menm k'ap Bondye nou, se pčp mwen n'a ye.  
 
Lev 26:13
 
Se mwen menm, Seyč a, Bondye nou an, ki te fč nou soti kite peyi Lejip pou nou pa t' rete esklav moun sa yo ankň. Mwen kase gwo kňd lwijanboje ki t'ap jouke nou an, mwen fč nou mache tčt anlč.  
 
Lev 26:14
 
ś Men tou, si nou pa koute m', si nou pa vle fč tou sa m' mande nou fč la a, m'ap peni nou.  
 
Lev 26:15
 
Si nou meprize lňd mwen yo, si nou voye kňmandman mwen yo jete, si nou pa fč tou sa mwen mande nou fč, si nou pa kenbe kontra m' pase ak nou an,  
 
Lev 26:16
 
men ki jan m'ap peni nou: M'ap voye gwo malč sou nou. Maladi ap mennen nou. Lafyčb ap fč nou deperi. Nou p'ap ka wč nan je nou, n'ap pčdi souf nou. Nou va simen grenn nan jaden nou. Men, sa p'ap sčvi nou anyen, paske se lčnmi nou yo ki va jwi rekňt nou yo.  
 
Lev 26:17
 
M'a vire do ban nou, epi lčnmi nou va bat nou. Moun ki pa vle wč nou yo va donminen sou nou. N'a rete konsa, n'a pran kouri san pa gen pesonn k'ap kouri dčyč nou.  
 
Lev 26:18
 
Si, atousa toujou, nou pa koute m', m'ap peni nou sčt fwa pi rčd pase anvan poutčt peche nou yo.  
 
Lev 26:19
 
Pouvwa nou genyen an epi k'ap fč nou gonfle konsa a, m'ap kraze l' nčt. Pa yon ti degout lapli p'ap tonbe sot nan syel la, tč a ap vin di kou wňch.  
 
Lev 26:20
 
N'a kraze kouraj nou travay di, men sa p'ap sčvi nou anyen: tč jaden nou yo p'ap bay anyen ankň, pyebwa yo p'ap donnen menm.  
 
Lev 26:21
 
Si, apre sa, nou vle kenbe tčt ak mwen toujou, si nou derefize koute m', mwen menm tou m'ap peni nou sčt fwa pi rčd toujou pase anvan poutčt peche nou yo.  
 
Lev 26:22
 
M'a lage bčt nan bwa dčyč nou, y'a touye pitit nou yo, y'a fini ak tout zannimo nou yo. Anpil nan nou va mouri tou. p'ap gen pesonn ap mache sou chemen nan peyi a.  
 
Lev 26:23
 
Si apre tout malč sa yo nou pa korije toujou, n'ap kenbe tčt avč m' toujou,  
 
Lev 26:24
 
mwen menm tou m'a kenbe tčt avčk nou. M'ap frape nou sčt fwa pi rčd ankň pase anvan poutčt peche nou yo.  
 
Lev 26:25
 
M'ap fč lčnmi nou yo vin fč nou lagč poutčt kontra m' nou pa kenbe a. Lč sa a, n'a anpile kň nou nan lavil yo pou chache pwoteksyon, m'a voye tout kalite move maladi sou nou, jouk n'a blije rann tčt nou bay lčnmi nou yo.  
 
Lev 26:26
 
M'ap koupe viv nou. Yon sčl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lč n'a fin manje, se atň n'a grangou.  
 
Lev 26:27
 
Epi, si apre tou sa toujou, nou pa koute m', n'ap kenbe tčt avč m' toujou,  
 
Lev 26:28
 
lč sa a m'a kenbe tčt ak nou tou, m'a pran chenn sou nou. Se mwen menm toujou k'ap peni nou sčt fwa pi rčd pase anvan poutčt peche nou yo.  
 
Lev 26:29
 
N'a sitčlman grangou n'a touye pwňp pitit gason ak pwňp pitit fi nou yo, n'a manje vyann yo.  
 
Lev 26:30
 
M'a detwi tout kay nou bati sou tčt mňn pou fč sčvis, m'a kraze lotčl lansan nou yo mete atč, m'a anpile kadav nou yo atč sou moso estati vye zidňl nou yo. N'a ban m' degoutans.  
 
Lev 26:31
 
M'a fč lavil nou yo tounen mazi. M'ap detwi tout kote nou fč sčvis yo. M'ap derefize pran bon sant ofrann nou yo.  
 
Lev 26:32
 
Se mwen menm ankň ki pral devaste peyi nou an. Ata lčnmi nou yo ki pral pran peyi a pou yo rete pral sezi wč sa m'ap fč.  
 
Lev 26:33
 
M'ap mennen lčnmi nou yo vin fč nou lagč. M'ap leve moun dčyč nou pou vin fč nou lagč. M'ap gaye nou nan mitan lňt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezč. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.  
 
Lev 26:34
 
Lč sa a, tč a va pran repo. Wi, lč lčnmi nou yo va depňte nou byen lwen nan peyi pa yo, tč a va rete san travay, l'a pran repo.  
 
Lev 26:35
 
Pandan tout tan tč a va rete san travay la, l'a jwi tout lanne repo nou pa t' ba li yo lč nou te rete sou li a.  
 
Lev 26:36
 
Kanta pou rčs moun ki pa mouri yo, lč y'a rive nan peyi kote yo depňte yo a, m'ap fč yo viv tout tan ak yon kč sote san rete. Konsa, bri yon fčy bwa chčch van ap pote ap kont pou fč yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagč dčyč yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dčyč yo.  
 
Lev 26:37
 
Y'ap tonbe yonn sou lňt tankou nan lagč san pa gen pesonn k'ap kouri dčyč yo. Yo p'ap fouti kanpe pou yo goumen ak lčnmi yo.  
 
Lev 26:38
 
N'a mouri nan peyi kote yo te depňte nou yo. Y'a antere nou nan peyi moun ki pa vle wč nou yo.  
 
Lev 26:39
 
Moun ki rete nan sa yo te depňte yo va depafini nan peyi lčnmi nou yo, paske y'a peye pou peche zansčt yo ak pou pwňp peche pa yo.  
 
Lev 26:40
 
ś Men, lč sa a pitit pitit nou yo va rekončt peche yo ak peche zansčt yo, peche yo te fč paske yo te refize fč sa m' te di yo fč, peche yo te fč paske yo te kenbe tčt avč m'.  
 
Lev 26:41
 
Se poutčt sa mwen menm tou, mwen te kenbe tčt ak yo, mwen te mennen yo prizonye nan peyi lčnmi yo. Lč sa a, moun ki te gen lňgčy plen kč yo va soumčt devan m', y'a peye pou sa yo te fč a.  
 
Lev 26:42
 
Mwen menm m'a chonje kontra mwen te pase avčk Jakňb, avčk Izarak epi avčk Abraram. Wi, m'a chonje pwomčs mwen te fč yo ak peyi mwen te di m'ap ba yo a.  
 
Lev 26:43
 
Men, yo gen pou yo pati byen lwen, pou yo kite peyi a san moun pou tč a ka pran repo li. Wi, y'a peye pou sa yo te fč a, paske yo pa t' swiv prensip mwen te ba yo, paske yo te voye kňmandman m' yo jete.  
 
Lev 26:44
 
Men, menm lč sa a, antan yo la toujou nan peyi lčnmi yo, mwen p'ap meprize yo, mwen p'ap lage yo jouk pou m' ta fini ak yo nčt. Mwen p'ap kase kontra m' pase ak yo a. Paske se mwen menm ki Seyč a, Bondye yo a.  
 
Lev 26:45
 
Men, m'a fč pa yo, m'a chonje kontra mwen te pase avčk zansčt yo lč mwen te fč yo soti kite peyi Lejip devan je moun lňt nasyon yo pou m' te ka Bondye yo. Se mwen menm ki Seyč a!  
 
Lev 26:46
 
Men tout prensip, tout lňd ak tout kňmandman Seyč a te bay Moyiz lňd mete nan kontra li te siyen ak moun pčp Izrayčl yo sou mňn Sinayi a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Exodus 1Leviticus 251 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 Leviticus 27Numbers 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards