All NT OTBook
Compare Texts
Exodus 1 Leviticus 19

Leviticus 20:1-27

Leviticus 21 Numbers 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Lev 20:1
 
ś Seyč a pale ak Moyiz, li di l' konsa:  
 
Lev 20:2
 
-Men sa pou ou di moun pčp Izrayčl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sčvi nan sčvis zidňl Molňk, li te mčt moun peyi a osinon moun lňt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l'. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l' wňch jouk li mouri.  
 
Lev 20:3
 
Mwen menm bň pa m', mwen p'ap okipe l' ankň, m'ap wete l' nan mitan pčp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sčvi nan sčvis Molňk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fč sčvis ladan l' pou mwen, li derespekte non mwen.  
 
Lev 20:4
 
Men, si moun ki nan peyi a fčmen je yo sou sa nonm lan fč a, lč li te bay pitit li pou fč sčvis pou Molňk la, si yo pa touye l',  
 
Lev 20:5
 
se mwen menm ki p'ap okipe l' ankň, li menm ak tout fanmi l'. M'ap wete yo nan mitan pčp mwen an, ni li, ni nenpňt lňt moun k'ap vire do ban mwen tankou l' pou y al sčvi Molňk.  
 
Lev 20:6
 
Si yon moun vire do ban mwen poul al konsilte moun k'ap rele mň nan tab tounant, osinon moun k'ap fč divinň, mwen p'ap okipe l' ankň, m'ap wete l' nan mitan pčp mwen an.  
 
Lev 20:7
 
Se pou nou viv apa pou mwen. Piga nou fč bagay mwen di nou pa fč, paske se mwen menm ki Seyč a, Bondye nou an.  
 
Lev 20:8
 
Se pou nou kenbe lňd mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Se mwen menm Seyč a, se mwen menm k'ap fč nou sčvi m' nan tou sa n'ap fč!  
 
Lev 20:9
 
Depi yon moun bay manman l' osinon papa l' madichon, se pou yo touye l'. Paske li madichonnen manman l' ak papa l', se li menm sčl kab reskonsab lanmň li.  
 
Lev 20:10
 
ś Depi yon nonm fč adiltč ak madanm yon frč parčy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan.  
 
Lev 20:11
 
Depi yon nonm kouche madanm papa l', li jete dezonč sou papa l'. Se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. Lč konsa, se yo menm sčl k'ap reskonsab lanmň yo.  
 
Lev 20:12
 
Depi yon moun kouche bčlfi li, se pou yo touye tou de. Sa yo fč a se yon wont. Lč konsa, se yo menm sčl k'ap reskonsab lanmň yo.  
 
Lev 20:13
 
Depi yon nonm kouche yon nonm tankou li ta fč l' ak yon fanm, sa yo fč la a se bagay Bondye pi pa vle we. Se pou yo touye tou de. Lč konsa, se yo menm sčl k'ap reskonsab lanmň yo.  
 
Lev 20:14
 
Si yon nonm marye ak yon fi ansanm ak manman fi a tou, se bagay ki sal nčt yo fč la a. Se pou yo boule tou twa nan dife. Bagay konsa pa fčt pou fčt nan mitan nou.  
 
Lev 20:15
 
Si yon nonm kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l', li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo.  
 
Lev 20:16
 
Si yon fanm chache yon jan pou li kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l', li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo. Lč konsa, se yo menm sčl k'ap reskonsab lanmň yo.  
 
Lev 20:17
 
Si yon nonm marye ak sč li, li te mčt pitit fi manman l' osinon pitit fi papa l', si yo kouche yonn ak lňt, yo avili tčt yo devan tout pčp Izrayčl la. Sa yo fč a se yon gwo wont. Se pou yo chase yo nan mitan pčp la. Li te kouche sč li, se pou li peye pou sa l' fč a.  
 
Lev 20:18
 
Si yon nonm kouche yon fanm ki gen rčg li, se pou yo wete yo nan mitan pčp la.  
 
Lev 20:19
 
Si yon nonm kouche matant li, matant bň papa l' osinon matant bň manman l', li kouche pwňp fanmi l'. Se pou yo fč tou de peye pou sa yo fč a.  
 
Lev 20:20
 
Si yon nonm kouche madanm tonton li, li jete dezonč sou tonton li. Lč konsa, ni li, ni madanm lan, yo gen pou peye pou sa yo fč a. Y'a mouri san fč pitit.  
 
Lev 20:21
 
Si yon nonm marye ak madanm frč li, sa l' fč a se yon bagay k'ap mete l' nan kondisyon li pa ka sčvi Bondye, li jete dezonč sou frč li. Se poutčt sa, ni li ni madanm lan va rete san fč pitit.  
 
Lev 20:22
 
ś Seyč a di ankň: -Se pou nou kenbe tout lňd mwen yo ak tout kňmandman mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Konsa, peyi kote mwen pral mennen nou pou nou rete a p'ap voye nou jete deyň.  
 
Lev 20:23
 
Piga nou swiv move mčs moun lňt nasyon mwen te mete deyň pou nou te ka antre nan peyi a. Yo te ban m' degoutans ak tout move bagay yo t'ap fč a.  
 
Lev 20:24
 
Men, mwen te pwomčt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lčt ak siwo myčl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Seyč a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pčp yo pou mete nou apa.  
 
Lev 20:25
 
Se konsa, koulye a, piga nou mele zannimo nou gen dwa manje ak zannimo nou pa gen dwa manje, zwazo nou gen dwa manje ak zwazo nou pa gen dwa manje. Pa kite ankenn zannimo ni ankenn zwazo nou pa gen dwa manje, ni bčt k'ap trennen sou vant mwen menm mwen di ki pa bon pou nou, mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fč sčvis mwen.  
 
Lev 20:26
 
Se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Mwen menm Seyč a, mwen mete nou apa nan mitan tout lňt pčp yo pou nou ka pou mwen nčt.  
 
Lev 20:27
 
Depi yon nonm osinon yon fanm gen lespri yon mň sou li, osinon yon lňt lespri k'ap fč l' fč divinň, se pou yo touye yo. Y'a touye yo ak kout wňch. Lč konsa, se yo menm sčl k'ap reskonsab lanmň yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Exodus 1Leviticus 191 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 Leviticus 21Numbers 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards