| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | Lev 2:1 | ś Lč yon moun vle fč yon ofrann fčt ak grenn ki soti nan jaden yo bay Seyč a, se pou l' fč farin ak grenn yo anvan. Apre sa, l'a vide ti gout lwil oliv sou li, epi l'a mete lansan sou li tou.
| |
| | Lev 2:2 | Lčfini, l'a pote l' bay prčt yo, pitit Arawon yo. Yonn nan prčt yo va pran yon ponyen nan farin melanje ak lwil la ansanm ak tout lansan an, l'a boule l' nčt sou lotčl la, pou Seyč a pa janm bliye nonm ki fč ofrann lan. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nčt nan dife epi k'ap fč Seyč a plezi ak bon sant li.
| |
| | Lev 2:3 | Rčs ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rčs ofrann sa a apa nčt pou Seyč a, paske se nan manje yo ofri pou boule pou Seyč a li soti.
| |
| | Lev 2:4 | Lč w'ap ofri yon pen kwit nan fou, se pou ou fč l' ak farin lan san ou pa mete ledven ladan l'. Se ka gwo pen pwčs fčt ak farin bat ak lwil oliv, ou ankň ti biswit plat wouze ak lwil oliv.
| |
| | Lev 2:5 | Lč w'ap ofri yon pen kwit sou platin, w'a fč l' ak farin ble bat ak lwil oliv, men san ledven ladan l'.
| |
| | Lev 2:6 | W'a koupe l' an ti moso, epi w'a vide lwil sou li. Se konsa w'a ofri l' bay Seyč a.
| |
| | Lev 2:7 | Lč w'ap ofri yon pen kwit nan chodyč, w'a fč l' ak farin melanje ak lwil oliv.
| |
| | Lev 2:8 | W'a fč yon ofrann avč l' bay Seyč a. W'a pote l' bay prčt la ki va mete l' sou lotčl la.
| |
| | Lev 2:9 | Prčt la va pran yon moso nan ofrann lan ki va sčvi pou Seyč a pa janm bliye moun ki fč ofrann lan, l'a boule l' sou lotčl la. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife epi k'ap fč Seyč a plezi ak bon sant li.
| |
| | Lev 2:10 | Rčs ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rčs ofrann sa a apa nčt pou Seyč a, paske yo pran l' nan manje yo ofri pou boule pou Seyč a.
| |
| | Lev 2:11 | ś Piga ou janm ofri bay Seyč a ofrann manje ki gen ledven ladan l'. Piga ou janm sčvi ni ak ledven, ni ak siwo myčl nan ofrann w'ap boule nan dife pou Seyč a.
| |
| | Lev 2:12 | W'a ofri ledven ak siwo myčl fč Seyč a kado tankou ofrann premye donn nan jaden nou. Men, piga ou boule yo sou lotčl la, tankou ofrann ki pou fč Seyč a plezi ak bon sant yo.
| |
| | Lev 2:13 | W'a simen sčl sou tout ofrann w'ap fč, paske sčl la se pou fč ou chonje kontra Bondye te pase avč ou la. Wi, se pou nou mete sčl sou tou sa n'ap ofri.
| |
| | Lev 2:14 | Lč w'ap ofri bay Seyč a premye grenn ki bon yo, w'a ofri grenn griye nan dife ak farin ble.
| |
| | Lev 2:15 | W'a mete lwil oliv sou li ansanm ak lansan. Se konsa w'a ofri l' bay Seyč a.
| |
| | Lev 2:16 | Prčt la va pran ti gout nan ofrann manje a ak nan lwil la, l'a boule l' ansanm ak tout lansan an. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife pou Seyč a.
| |